Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 53

Bib Sen An (BSA)

Moun sòt la di pa gen Bondye

Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath

Yon refleksyon pa David

1 Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”.

Yo konwonpi!

Yo fè zak enjis ki abominab.

Nanpwen ki fè sa ki bon.

2 Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo,

pou wè si genyen youn ki gen bon konprann, k ap chache Bondye.

3 Yo tout te vire akote.

Ansanm yo vin konwonpi.

Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.

4 Èske malfektè a mechanste sila yo pa gen okenn konesans,

k ap manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje,

epi ki pa rele Bondye?

5 La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz,

paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo.

Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo.

6 O ke delivrans Israël ta parèt sòti Sion!

Lè Bondye restore pèp kaptif Li a,

kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.

Sòm Yo 53