Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 58

Bib Sen An (BSA)

Bondye jije tè a

Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon Sòm David

1 Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo?

Èske nou jije san fot, O fis a lòm yo?

2 Non, nan kè, nou fòmante inikite.

Sou latè, nou peze balans pou separe

bay vyolans ak men nou.

3 Mechan yo pèvès depi nan vant.

Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.

4 Yo gen pwazon tankou pwazon sèpan.

Kon vipè soud ki bouche zòrèy li,

5 pou li pa tande vwa a sila k ap chame li yo,

malgre se yon majisyen abil k ap fè wanga.

6 O Bondye, kraze dan nan bouch yo!

Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.

7 Kite yo koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè.

Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.

8 Kite yo tankou kalmason ki fonn,

ki vin disparèt pandan l ap mache,

tankou avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la.

9 Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo,

Li va bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon;

vèt ak sila kap brile yo, ansanm.

10 Moun ladwati a va rejwi lè l wè vanjans lan.

Li va lave pye li nan san a mechan yo,

11 pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo.

Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”

Sòm Yo 58