David nan En-Guédi
1058 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
29 David te monte soti la a pou te rete nan fòterès En-Guédi yo.
24:1 Alò, lè Saül te retounen kouri dèyè Filisten yo, yo te pale l e te di: “Gade byen, David nan dezè En-Guédi a.” 2 Alò, Saül te pran twa mil òm, byen chwazi soti nan tout Israël pou te ale chache David avèk mesye pa li yo devan Wòch a Kabrit Mawon yo. 3 Li te rive nan Pak mouton yo nan wout la, kote ki te gen yon kav; epi Saül te antre ladann pou fè poupou. Alò David avèk mesye pa li yo te chita nan pati dèyè kav la. 4 Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la. 5 Li te vin rive apre ke konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la. 6 Epi li te di a mesye pa li yo: “Se lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.” 7 David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li. 8 Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!”
Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt. 9 David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’? 10 Gade byen, jou sa a zye ou gen tan wè ke SENYÈ a te livre ou nan men m nan kav la. E kèk moun te di m touye ou, men zye m te gen pitye pou ou. Konsa mwen te di: ‘Mwen p ap lonje men m kont mèt mwen an, paske li se yon onksyone a SENYÈ a.’ 11 Koulye a, papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m. 12 Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou. 13 Tankou pwovèb a ansyen yo di: ‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou. 14 Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? Yon chen mouri oubyen yon grenn pis? 15 Pou sa, SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.”
16 Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: “Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye. 17 Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w. 18 Ou te deklare jodi a byen ke ou te fè m! Ke SENYÈ a te livre mwen nan men ou, men ou pa t touye mwen. 19 Paske si yon nonm jwenn avèk lènmi li, èske l ap kite li sòti konsa? Pou sa ke Bondye kapab rekonpanse ou pou sa ou te fè m la jodi a. 20 Alò, gade byen, mwen konnen asireman, ke ou va devni wa e ke wayòm Israël la va vin etabli nan men ou. 21 Pou sa, sèmante a mwen menm pa SENYÈ a pou ou pa retire desandan apre mwen yo e pou ou pa detwi non mwen soti lakay papa m.”
22 David te sèmante konsa a Saül, e Saül te ale lakay li. Men David avèk mesye pa li yo te monte nan fò a.
Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth
Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la
1 Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,
paske nanm mwen kache nan Ou.
Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,
jiskaske destriksyon an fin pase.
2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,
a Bondye ki acheve tout sa m mande an.
3 Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen.
Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan
Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.
4 Nanm mwen rete pami lyon yo.
Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo.
Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file,
epi lang yo kon yon epe file.
5 Leve anwo syèl yo, O Bondye;
Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!
6 Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;
Nanm mwen koube ba.
Yo te fouye yon fòs devan m.
Yo te tonbe nan mitan li. Tan
7 Kè m kanpe fèm, O Bondye,
kè m fèm.
Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!
8 Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita!
Mwen va fè maten vin leve.
9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.
10 Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,
epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.
11 Leve anwo syèl yo, O Bondye.
Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon Sòm David
58:1 Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo?
Èske nou jije san fot, O fis a lòm yo?
2 Non, nan kè, nou fòmante inikite.
Sou latè, nou peze balans pou separe
bay vyolans ak men nou.
3 Mechan yo pèvès depi nan vant.
Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.
4 Yo gen pwazon tankou pwazon sèpan.
Kon vipè soud ki bouche zòrèy li,
5 pou li pa tande vwa a sila k ap chame li yo,
malgre se yon majisyen abil k ap fè wanga.
6 O Bondye, kraze dan nan bouch yo!
Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.
7 Kite yo koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè.
Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.
8 Kite yo tankou kalmason ki fonn,
ki vin disparèt pandan l ap mache,
tankou avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la.
9 Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo,
Li va bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon;
vèt ak sila kap brile yo, ansanm.
10 Moun ladwati a va rejwi lè l wè vanjans lan.
Li va lave pye li nan san a mechan yo,
11 pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo.
Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”
Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a.
1 O Bondye, Ou se Bondye mwen.
Mwen va chache Ou ak tout kè m.
Nanm mwen swaf pou Ou.
Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
2 Konsa, mwen te wè Ou nan sanktyè a,
ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.
3 Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,
lèv mwen va louwe Ou.
4 Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv.
Mwen va leve men m nan non Ou.
5 Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès,
e bouch mwen ap ofri lwanj
avèk lèv ranpli de jwa.
6 Lè m sonje Ou sou kabann mwen,
mwen medite sou Ou nan vèy de nwi an.
7 Paske Ou te konn sekou mwen.
Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.
8 Nanm mwen kole ak Ou.
Men dwat Ou fè m kenbe.
9 Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo,
va desann jis nan fon latè.
10 Yo va livre a pouvwa nepe.
Yo va tounen manje pou rena mawon.
11 Men Wa a va rejwi nan Bondye.
Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa.
Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.