Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 57

Bib Sen An (BSA)

Se nan ou nanm mwen jwenn refij

Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth

Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la

1 Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,

paske nanm mwen kache nan Ou.

Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,

jiskaske destriksyon an fin pase.

2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,

a Bondye ki acheve tout sa m mande an.

3 Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen.

Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan

Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.

4 Nanm mwen rete pami lyon yo.

Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo.

Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file,

epi lang yo kon yon epe file.

5 Leve anwo syèl yo, O Bondye;

Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!

6 Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;

Nanm mwen koube ba.

Yo te fouye yon fòs devan m.

Yo te tonbe nan mitan li. Tan

7 Kè m kanpe fèm, O Bondye,

kè m fèm.

Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!

8 Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita!

Mwen va fè maten vin leve.

9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.

Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.

10 Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,

epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.

11 Leve anwo syèl yo, O Bondye.

Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.

Sòm Yo 57