Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 110

Bib Sen An (BSA)

Mesi fidèl Bondye a

Yon Sòm David

1 SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen

Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”

2 SENYÈ a va lonje baton wayal Ou a soti nan Sion e di:

“Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.

3 Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo.

Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an;

ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.

4 SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L:

“Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”

5 SENYÈ a sou men dwat ou.

Li va kraze wa yo nan jou kòlè Li a.

6 Li va jije pami nasyon yo.

Li fè gwo pil kadav yo,

Li va brize tèt a chèf tout latè a.

7 Li va bwè nan flèv pandan L an wout;

konsa, Li va leve tèt Li wo.

Sòm Yo 110