Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 36

Bib Sen An (BSA)

Peche mechan yo

Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a

1 Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye.

Nanpwen krent Bondye devan zye l.

2 Jan li kontan ak pwòp tèt li,

li pa janm wè pwòp peche pa l la.

3 Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti.

Li fè yon chemen ki pa bon.

4 Sou kabann li, li fè plan mechan;

Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen;

Li pa rayi mal.

5 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,

fidelite Ou nan syèl la.

6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,

ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.

O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.

7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye!

Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.

8 Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou.

Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.

9 Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a.

Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.

10 O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo,

ak ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.

11 Pa kite pye ògèy vini sou mwen,

ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.

12 Se la sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe.

Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.

Sòm Yo 36