Sòm sou Detrès, Sitou Pandan Kaptivite a (continued)
Sòm yo te ekri pandan detrès ak afliksyon legliz la, sitou pandan kaptivite nan Babylone.
539 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Yon sòm David
1 Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen.
Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.
2 Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv.
Sonde panse mwen avèk kè m.
3 Paske lanmou dous Ou a devan zye m.
Mwen te mache nan verite Ou.
4 Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo.
Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran pòz yo.
5 Mwen rayi asanble malfektè yo, e
mwen pa chita avèk mechan yo.
6 Mwen va lave men m nan inosans, e
mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,
7 pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a,
e deklare tout mèvèy Ou yo.
8 O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou,
avèk kote ke glwa Ou rete a.
9 Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo,
ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo,
10 nan men a sila ki gen manèv mechan yo,
ki nan mechanste pote kado vèse anba tab yo.
11 Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen.
Delivre mwen e fè m gras.
12 Pye m kanpe sou yon plas byen plat.
Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a.
Yon sòm David
27:1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.
Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se
defans lavi mwen.
Se kilès k ap fè m gen laperèz?
2 Lè malfektè yo te rive sou mwen
pou yo ta devore chè m,
advèsè mwen yo ak lènmi m yo
te chape tonbe.
3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.
Malgre lagè leve kont mwen,
malgre sa, m ap gen konfyans.
4 Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;
se li mwen va chache:
pou m ta kab rete lakay SENYÈ a
tout jou lavi m yo,
pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e
reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.
5 Paske nan jou twoub la,
Li va kache mwen nan tabènak Li.
Nan plas sekrè kote tant Li an ye a,
se la Li va fè m kache.
Li va leve mwen sou yon wòch.
6 Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo
sou lènmi m ki antoure m yo.
Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa.
Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.
7 Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m.
Fè m gras e reponn mwen.
8 Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”,
kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ,
se li mwen va chache.”
9 Pa kache figi Ou de mwen.
Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou.
Se Ou ki konn sekou mwen.
Pa abandone mwen, ni kite m sèl,
O Bondye delivrans mwen an.
10 Paske papa m ak manman m te abandone mwen,
Men SENYÈ a va ranmase mwen.
11 Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ.
Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.
12 Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo,
paske fo temwen yo vin leve kont mwen,
sila k ap respire vyolans yo.
13 Mwen toujou gen konfyans sa a:
ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.
14 Tann SENYÈ a.
Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.
Wi, tann SENYÈ a.
Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a
1 Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye.
Nanpwen krent Bondye devan zye l.
2 Jan li kontan ak pwòp tèt li,
li pa janm wè pwòp peche pa l la.
3 Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti.
Li fè yon chemen ki pa bon.
4 Sou kabann li, li fè plan mechan;
Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen;
Li pa rayi mal.
5 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,
fidelite Ou nan syèl la.
6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,
ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.
O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.
7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye!
Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.
8 Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou.
Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.
9 Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a.
Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
10 O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo,
ak ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.
11 Pa kite pye ògèy vini sou mwen,
ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.
12 Se la sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe.
Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.