Sòm sou Detrès, Sitou Pandan Kaptivite a (continued)
Sòm yo te ekri pandan detrès ak afliksyon legliz la, sitou pandan kaptivite nan Babylone.
539 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè?
Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?
2 Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.
Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.
3 Paske mechan an ap vin ògeye sou dezi kè li a;
li beni moun voras la,
e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,
Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”
5 Chemen pa li yo reyisi tout tan;
Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.
Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.
6 Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm;
Pandan tout jenerasyon yo,
mwen p ap gen pwoblèm ditou.”
7 Bouch li plen ak malediksyon, avèk
twonpe moun avèk oprime moun.
Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
8 Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;
nan anbiskad yo, li touye inosan yo.
Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.
9 Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li.
Li kache pou kenbe aflije yo;
li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an.
10 Li akwoupi, li pare kò l;
konsa malere a vin tonbe
pa grif pwisan li yo.
11 Li pale a tèt li: “Bondye bliye.
Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”
12 Leve O SENYÈ!
O Bondye, leve men Ou wo!
Pa bliye aflije yo!
13 Poukisa mechan an te meprize Bondye?
Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.
14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont
mechanste ak agase moun pou pran sa an men.
Malere a ap depann de Ou menm;
Se Ou ki konn ede òfelen an.
15 Kase bra a mechan yo avèk malfektè a!
Dekouvri mechanste li yo jiskaske
Ou pa twouve l ankò.
16 SENYÈ a se Wa a pou tout tan!
Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.
17 O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo;
Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,
18 pou bay jistis a òfelen an avèk oprime a,
pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 Jiskilè SENYÈ?
Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan?
Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?
2 Pou konbyen de tan mwen va oblije
depann sou pwòp konsèy tèt mwen,
ak tristès nan kè m tout lajounen?
Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?
3 Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen;
Fè zye m wè, pou m pa mouri;
4 pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,”
epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.
5 Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a;
Kè m va rejwi nan delivrans ou
6 Mwen va chante a SENYÈ a,
paske Li te aji ak bon kè avè m.
Pou direktè koral la; yon sòm David
14:1 Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.”
Yo konwonpi.
Yo te fè zak abominab.
Nanpwen ki fè sa ki bon.
2 SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la
sou fis a lòm yo pou wè si genyen
ki konprann, k ap chache Bondye.
3 Yo tout te vire akote.
Ansanm yo te vin konwonpi.
Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
4 Èske tout malfektè inikite yo pa konnen,
sila Ki manje pèp mwen yo
tankou y ap manje pen an,
san yo pa rele SENYÈ a?
5 La, yo nan gwo danje,
paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.
6 Nou meprize bezwen aflije a,
men SENYÈ a se refij li.
7 O ke sali Israël la ta sòti nan Sion!
Lè SENYÈ a restore pèp kaptif li a,
Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.
Yon sòm David
15:1 O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou?
Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an?
2 Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo;
li ki pale verite a nan kè li a;
3 ki pa fè kout lang sou lòt,
ni fè vwazen li mal,
ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;
4 nan zye a sila yon vagabon meprize a,
men ki bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo;
li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal,
e li pa chanje menm;
5 Li pa vèse bay lajan li avèk enterè,
ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an.
Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.
Yon sòm David
1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen leve nanm mwen.
2 O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen.
Pa kite mwen vin wont;
pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.
3 Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont;
sila ki fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.
4 Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;
enstwi m nan chemen Ou yo.
5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,
Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen;
se Ou m ap tann tout lajounen.
6 Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,
Paske se yo ki la depi tan ale nèt.
7 Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.
Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,
Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;
pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.
9 Li dirije enb yo nan jistis, e
Li va enstwi enb yo nan chemen Li.
10 Tout chemen Bondye se nan
lanmou dous avèk verite
pou sila ki kenbe akò Li yo ak
temwayaj Li yo.
11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ,
padone inikite mwen, paske li anpil.
12 Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a?
Li va enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.
13 Nanm li va viv alèz.
Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.
14 Lamitye SENYÈ a se pou sila ki
gen lakrent Li yo.
Li va fè yo konnen akò Li.
15 Zye m toujou vè SENYÈ a,
paske Li va retire pye mwen nan pèlen an.
16 Vire vè mwen e fè m gras,
paske mwen abandone e aflije.
17 Twoub a kè m yo vin plis.
Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.
18 Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo,
e padone tout peche mwen yo.
19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.
Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.
20 Gade nanm mwen e delivre mwen.
Pa kite m vin wont, paske mwen
pran refij nan Ou menm.
21 Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,
paske se Ou m ap tann.
22 Delivre Israël, O Bondye, sou
tout twoub li yo.