Sòm sou Detrès, Sitou Pandan Kaptivite a (continued)
Sòm yo te ekri pandan detrès ak afliksyon legliz la, sitou pandan kaptivite nan Babylone.
539 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Pou direktè koral la; Yon Sòm fis a Koré yo
1 Tande sa, tout pèp yo!
Prete zòrèy nou, tout sila ki rete nan mond lan!
2 Ni ba, ni wo, rich ak malere ansanm.
3 Bouch mwen va pale sajès,
epi meditasyon a kè m va vin konprann.
4 Mwen va apiye zòrèy mwen vè yon pwovèb.
Mwen va eksprime yon devinèt sou ap la.
5 Poukisa mwen ta gen krent nan move jou yo,
Lè inikite a lènmi m yo antoure m?
6 Malgre sila ki mete konfyans nan richès yo,
ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—
7 nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen sove frè li,
ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.
8 Paske redanmsyon nanm li koute chè.
Kèlkeswa sa li peye pa janm ase,
9 pou l ta viv toujou jis pou letènite,
pou li pa ta janm tonbe nan pouriti menm.
10 Paske li wè ke menm moun saj yo mouri.
Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan.
Yo kite byen yo pou lòt yo.
11 Yo reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan,
epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo.
Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.
12 Men yon nonm, malgre gran ògèy li, p ap dire.
Li tankou bèt yo ki peri.
13 Konsa, sa se chemen a sila ki manke sajès yo,
ak sila ki swiv yo, e ki vin dakò avèk pawòl yo.
14 Tankou mouton, yo fin apwente pou rive nan sejou lanmò.
Lanmò va bèje yo.
Moun dwat yo va domine sou yo nan maten.
Men fòm yo va fini nèt pa sejou lanmò a, lwen gran kay yo.
15 Men Bondye va rachte nanm mwen soti nan
pouvwa a sejou lanmò a,
paske Bondye va resevwa m.
16 Ou pa bezwen pè lè yon nonm vin rich,
lè glwa lakay li vin ogmante.
17 Paske lè l mouri li p ap pote anyen ale.
Glwa li a p ap swiv li desann.
18 Sepandan, pandan l ap viv, li bat bravo pou pwòp tèt li—
Malgre moun ta bay ou glwa lè ou fè byen pou pwòp tèt ou—
19 li va ale nan jenerasyon a zansèt li yo.
Yo p ap janm wè limyè a.
20 Lòm, nan pwòp glwa avèk ògèy li,
poutan, san konprann,
Se tankou bèt ki peri.
Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath
Yon refleksyon pa David
1 Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”.
Yo konwonpi!
Yo fè zak enjis ki abominab.
Nanpwen ki fè sa ki bon.
2 Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo,
pou wè si genyen youn ki gen bon konprann, k ap chache Bondye.
3 Yo tout te vire akote.
Ansanm yo vin konwonpi.
Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.
4 Èske malfektè a mechanste sila yo pa gen okenn konesans,
k ap manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje,
epi ki pa rele Bondye?
5 La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz,
paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo.
Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo.
6 O ke delivrans Israël ta parèt sòti Sion!
Lè Bondye restore pèp kaptif Li a,
kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.
Yon Sòm Asaph
1 Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale.
Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la
jis rive nan kote li kouche a.
2 Soti nan Sion, bèlte pafè a,
Bondye fè limyè Li parèt.
3 Bondye nou vin parèt.
Li pa rete an silans.
Dife devore devan L, e tanpèt yo antoure L.
4 Li rele tout syèl yo anwo,
avèk latè pou jije pèp Li a:
5 “Rasanble fidèl Mwen yo kote M,
Sila ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.
6 Epi syèl yo deklare ladwati Li,
paske Bondye, Li menm, se Jij. Tan
7 “Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale.
O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou.
Mwen se Bondye, Bondye pa ou a.
8 Mwen pa repwoche ou pou sakrifis ou yo.
Ofrann brile nou yo devan m tout tan.
9 Mwen pa bezwen okenn jenn towo sòti lakay ou,
Ni mal kabrit ki sòti nan pak ou yo.
10 Paske tout bèt nan forè yo se pou mwen,
ak tout bèt domestik sou mil kolin yo.
11 Mwen konnen tout zwazo nan mòn yo.
Tout sa ki fè mouvman nan chan yo se pou Mwen.
12 Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa,
paske tout mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.
13 Èske m ta manje chè towo yo,
oswa bwè san a mal kabrit yo?
14 Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman
e peye ve ou yo a Pi Wo a.
15 Rele Mwen nan jou twoub la.
Mwen va delivre ou e ou va onore M.”
16 Men a mechan yo Bondye di:
“Ki dwa ou genyen pou pale sou règleman Mwen yo,
pou pran akò Mwen an nan bouch ou?
17 Paske ou rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.
18 Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l,
epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.
19 Ou lage bouch ou nèt nan mechanste.
Lang ou fè ankadreman pou manti.
20 Ou chita pale kont frè ou.
Ou fè kout lang fò kont pwòp pitit manman ou.
21 Bagay sa yo, ou te fè yo,
e Mwen pa t di yon mo.
Ou te konprann ke M te menm jan ak ou.
Mwen va repwoche ou
e pale ka a an lòd devan zye ou.
22 Alò, konsidere sa, nou menm ki bliye Bondye,
oswa, Mwen va chire nou an mòso,
e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.
23 Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M,
epi a sila ki fè chemen li dwat la,
Mwen va montre li sali Bondye a.”