Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 82

Bib Sen An (BSA)

Bondye prezide nan asanble divin nan

Yon Sòm Asaph

1 Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a.

Li fè jijman nan mitan dye yo.

2 Pou konbyen de tan nou va jije san jistis,

e montre favè a mechan yo?

3 “Fè defans fèb yo ak òfelen yo.

Fè jistis a aflije ak malere yo.

4  Sove fèb yo ak malere yo.

Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”

5 Yo pa konnen ni yo pa konprann.

Yo mache toupatou nan fènwa.

Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.

6 Mwen te di: “Se dye ke nou ye,

e nou tout se fis a Pi Wo a.

7 Sepandan, nou va mouri tankou moun,

e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”

8 Leve, O Bondye, jije tè a!

Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.

Sòm Yo 82