Pati 4: Rèy Josaphat
Wayòm Juda a
Josaphat monte sou twòn nan epi li byen gouvènen
914 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
41 Alò Josaphat, fis Asa a, te devni wa sou Juda nan Katriyèm ane Achab, wa Israël la. 42 Josaphat te gen trann-senk ane lè li te devni wa, e li te renye pandan venn-senk ane Jérusalem. Epi non manman li se te Azuba, fi a Schilchi a. 43 Li te mache nan chemen Asa, papa li. Li pa t vire akote e li te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a. Sepandan, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo. 44 Josaphat osi te fè lapè avèk wa Israël la.
46 Retay a sadomit ki te rete nan jou papa li yo, Asa, li te fè ekzile yo sòti nan peyi a. 47 Alò, pa t gen wa nan Édom. Se yon depite ki te wa.
2 Li te mete sòlda nan tout vil fòtifye Juda yo, e li te fè ganizon militè nan peyi Juda avèk nan vil Éphraïm ke papa li, Asa te kaptire yo. 3 SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo, 4 men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li pa t aji jan Israël te fè a. 5 Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè. 6 Li te fyè nan chemen SENYÈ a, e ankò li te rache wo plas yo avèk Asherim yo soti nan Juda.
7 Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée pou enstwi nan vil a Juda yo; 8 epi avèk yo Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram. 9 Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la.
10 Alò, lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat. 11 Kèk nan Filisten yo te pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit. 12 Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda. 13 Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo. 14 Men kontwòl selon lakay a papa zansèt yo: nan Juda, chèf a dè milye yo, Adna, chèf la avèk twa-san-mil mesye plen kouraj; 15 epi akote li, Jochanan, chèf la, avèk de-san-katre-ven-mil mesye plen kouraj; 16 epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj. 17 Pou Benjamin: Éliada, yon nonm plen kouraj, avèk de-san-mil mesye lame avèk banza ak boukliye defans, 18 epi akote li, Zozobad, avèk san-katreven-mil mesye pou fè lagè. 19 Se te sila ki te nan sèvis wa yo, yo pa menm konte sila ke wa a te pozisyone nan tout vil fòtifye pami tout Juda yo.
Lagè Josaphat yo ak bon gouvènans li 897 anvan Christ
1 Alò Josaphat te gen gwo richès avèk lonè; epi li te fè alyans avèk Achab pa maryaj. 2 Kèk ane pita, li te desann kote Achab Samarie. Konsa, Achab te touye anpil mouton avèk bèf pou li avèk moun ki te avèk li yo, e li te konvenk li monte kont Ramoth-Galaad.
1 Konsa, Josaphat, wa a te retounen sof a lakay li Jérusalem. 2 Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou? 3 Men gen kèk bagay ki bon nan ou tou, paske ou te retire Astarté a soti nan peyi ou a e ou te bay kè ou pou chache Bondye.”
4 Konsa, Josaphat te rete Jérusalem e li te sòti deyò ankò pami pèp la soti Beer-Schéba jis rive nan peyi ti mòn a Éphraïm yo. Epi konsa, li te mennen yo retounen a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. 5 Li te chwazi jij nan peyi a nan tout vil fòtifye Juda yo, vil pa vil. 6 Li te pale a jij yo: “Kontwole sa ke n ap fè a, paske nou pa jije pou yon moun, men pou SENYÈ ki avèk nou an pandan n ap rann jijman an. 7 Pou sa, kite lakrent SENYÈ a rete sou nou. Fè anpil atansyon nan sa n ap fè a, paske SENYÈ a, Bondye nou an, p ap patisipe nan sa ki pa dwat, nan patipri, ni nan lajan ki pase anba tab.”
Yon Sòm Asaph
1 Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a.
Li fè jijman nan mitan dye yo.
2 Pou konbyen de tan nou va jije san jistis,
e montre favè a mechan yo?
3 “Fè defans fèb yo ak òfelen yo.
Fè jistis a aflije ak malere yo.
4 Sove fèb yo ak malere yo.
Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”
5 Yo pa konnen ni yo pa konprann.
Yo mache toupatou nan fènwa.
Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.
6 Mwen te di: “Se dye ke nou ye,
e nou tout se fis a Pi Wo a.
7 Sepandan, nou va mouri tankou moun,
e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”
8 Leve, O Bondye, jije tè a!
Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.
8 Nan Jérusalem osi, Josaphat te apwente kèk nan Levit yo avèk prèt yo ak kèk nan chèf lakay zansèt Israël yo, pou fè jijman SENYÈ a, e pou jije konfli pami moun ki te rete Jérusalem yo. 9 Li te pase lòd bay yo. Li te di: “Konsa nou va gen lakrent SENYÈ a, avèk fidelite e avèk tout kè. 10 Nenpòt lè yon konfli rive devan nou soti nan manm fanmi nou yo ki rete nan vil yo, antre san ak san, antre lalwa avèk kòmandman yo, règleman avèk òdonans yo, nou va avèti yo pou yo pa vin koupab devan SENYÈ a, e pou kòlè pa rive sou nou avèk fanmi nou. 11 Kontwole byen, Amaria, chèf prèt la, va chèf sou nou nan tout sa ki apatyen a SENYÈ a, e Zebadia, fis Ismaël la, chèf lakay Juda a, nan tout sa ki apatyen a wa a. Osi, Levit yo va aji kòm ofisye devan nou. Aji avèk kouraj, e SENYÈ a va avèk sila ki fè sa ki jis yo.”