Lagè Josaphat yo ak bon gouvènans li (continued)
897 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, li te vin rive apre sa ke fis Moab yo avèk fis Ammon yo, ansanm avèk kèk nan Maonit yo te vini pou fè lagè kont Josaphat. 2 Kèk moun te vin bay rapò a Josaphat e te di: “Yon gran foul ap pwoche kont ou soti lòtbò lanmè Syrie. Gade byen, yo rive Hatsatson-Thamar” (ki En-Guédi a). 3 Josaphat te byen pè. Li te vire atansyon li pou chache SENYÈ a, e te pwoklame yon jèn toupatou nan Juda. 4 Konsa, Juda te rasanble ansanm pou chache èd SENYÈ a. Yo te sòti menm nan tout vil a Juda yo pou chache SENYÈ a.
5 Konsa, Josaphat te kanpe nan asanble Juda a avèk Jérusalem, lakay SENYÈ a devan tribinal nèf la. 6 Li te di: “O SENYÈ, Bondye a zansèt pa nou yo, èske se pa Ou menm ki Bondye nan Syèl yo? Èske se pa Ou menm ki renye sou tout wayòm a nasyon yo? Pwisans avèk majeste, se nan men Ou, jiskaske nanpwen moun ki kab kanpe kont Ou. 7 Èske se pa Ou menm, O Bondye nou an, ki te chase tout sila ki te rete nan peyi sa a devan pèp Ou a, Israël pou bay li a desandan Abraham yo, zanmi Ou an, jis pou tout tan? 8 Yo te abite ladann, yo te bati sanktyè Ou a la pou non Ou, e yo te di: 9 ‘Si mechanste ta vini sou nou, nepe, oswa jijman, oswa epidemi, oswa gwo grangou, nou va kanpe devan kay sila a e devan Ou menm, (paske non pa Ou sou kay sa a) pou kriye a Ou menm nan twoub nou yo, ke Ou va tande pou delivre nou.’ 10 Alò, gade, fis a Ammon yo avèk Moab avèk Mòn Séir, kilès ou te anpeche Israël pran lè yo te sòti nan peyi Égypte la. Konsa, yo te vire akote e yo pa t detwi yo. 11 Gade, koulye a, jan y ap rekonpanse nou lè yo vin parèt pou chase nou mete deyò soti nan posesyon ke Ou te bannou kòm eritaj la. 12 O Bondye nou, èske Ou p ap jije yo? Paske nou san pouvwa devan gran foul sila a k ap vini kont nou an. Ni nou pa konnen kisa pou nou fè, men zye nou ap gade sou Ou.”
13 Tout Juda te kanpe devan SENYÈ a avèk ti bebe yo, madanm yo ak zanfan yo.
14 Alò, nan mitan asanble a, Lespri SENYÈ a te vini sou Jachaziel, fis a Zacharie a, fis a Benaja a, fis a Jeïel la, fis a Matthania a, Levit la ak fis a Asaph yo. 15 Epi li te di: “Koute, tout Juda avèk pèp Jérusalem nan ak Wa Josaphat: konsa pale SENYÈ a a nou menm: ‘Pa pè, ni pa pèdi kouraj akoz gran foul sila a, paske batay la pa pou nou, men se pou Bondye li ye. 16 Demen, desann kont yo. Tande byen, yo va vin monte kote pant ti mòn Tsits la, e nou va jwenn yo nan dènye pwent vale a devan dezè Jeruel la. 17 Nou pa bezwen goumen nan batay sila a. Pran pozisyon nou e kanpe gade delivrans SENYÈ a anfavè nou, O Juda, avèk Jérusalem. Pa pè, ni pa pèdi kouraj. Demen sòti pou parèt devan yo, paske SENYÈ a avèk nou.’”
18 Josaphat te bese tèt li jis atè, e tout Juda avèk moun Jérusalem yo te tonbe atè devan SENYÈ a, pou adore Li. 19 Levit ki te nan fis a Keatit yo, e nan fis a Koreyit yo, te kanpe pou louwe SENYÈ a, Bondye Israël la, nan yon trè gwo vwa.
20 Yo te leve granmmaten, e yo te sòti deyò nan dezè Tekoa a. Pandan yo tap sòti, Josaphat te kanpe. Li te di: “Koute mwen, O Juda avèk moun Jérusalem yo, mete konfyans nou nan SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va etabli. Mete konfyans nou nan pwofèt Li yo, e nou va vin reyisi.”
21 Lè li te fin konsilte pèp la, li te chwazi sila ki te chante a SENYÈ yo avèk sila ki te fè louwanj nan vètman sen yo, pandan yo t ap sòti devan lame a. Yo t ap di: “Bay remèsiman a SENYÈ a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.” 22 Depi lè a, yo te kòmanse chante ak bay louwanj, SENYÈ a te mete anbiskad kont fis a Ammon yo, Moab avèk Mòn Séir, ki te vini kont Juda yo epi yo te vin boulvèse. 23 Paske fis Ammon yo avèk Moab yo te leve kont fis Mòn Séir yo pou te detwi yo nèt. Lè yo te fini avèk moun Mòn Séir yo, yo te asiste pou detwi youn lòt.
24 Lè Juda te rive nan wotè sou dezè a, yo te gade vè gwo foul la, epi vwala, te gen kadav ki te kouche atè a. Okenn pa t chape. 25 Lè Josaphat avèk pèp li a te vini pran piyaj la, yo te twouve anpil bagay pami yo; byen, vètman ak bagay valab ke yo te pran pou yo menm, plis pase yo ta kab pote. Yo te pran twa jou pou ranmase piyaj la, paske li te tèlman anpil. 26 Nan katriyèm jou a, yo te fè asanble nan vale Beraca a. La, yo te beni SENYÈ a. Akoz sa, yo te rele plas sa a: “Vale Beraca a” jis rive jodi a.
1 Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou,
men pou Non Ou glwa bay,
akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.
2 Poukisa nasyon yo ta di:
“Kote Bondye yo a ye koulye a?”
3 Men Bondye nou an nan syèl yo.
Li fè sa Li pito.
4 Zidòl yo se ajan ak lò, zèv men a lòm.
5 Yo gen bouch, men yo pa kab pale.
Yo gen zye, men yo pa kab wè.
6 Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande.
Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.
7 Yo gen men, men yo pa kab manyen.
Yo gen pye, men yo pa kab mache.
Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.
8 Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo.
Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.
9 O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a!
Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
10 O lakay Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a;
Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
11 Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a,
mete konfyans nou nan SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.
12 SENYÈ a te toujou sonje nou.
Li va beni nou.
Li va beni lakay Israël la.
Li va beni lakay Aaron an.
13 Li va beni sila ki krent SENYÈ yo,
piti kon gran.
14 Ke SENYÈ a kab fè nou grandi plis,
nou menm ak pitit nou yo.
15 Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a,
Kreyatè syèl la ak tè a.
16 Syèl yo se Syèl SENYÈ a,
Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.
17 Mò yo pa louwe SENYÈ a,
ni sila ki desann antre nan silans yo.
18 Men nou va beni SENYÈ a,
soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan.
Louwe SENYÈ a!
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè
ta chanje e malgre mòn yo
ta chape antre nan fon lanmè.
3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,
malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan
4 Genyen yon rivyè ak flèv li yo
ki fè kè vil Bondye a kontan;
lye sen a kote Pi Wo a demere a.
5 Bondye nan mitan li. Li p ap deplase menm.
Bondye va ede li vin parèt nan maten.
6 Nasyon yo te fè gwo boulvèsman.
Wayòm yo te souke.
Li te leve vwa l e latè te fonn.
7 SENYÈ dèzame yo avèk nou.
Bondye Jacob la se sitadèl nou.
8 Vini, gade byen zèv a SENYÈ yo
ki gwo dega Li fè nan tout latè.
9 Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè.
Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout.
Li brile cha yo avèk dife.
10 “Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye.
Mwen va leve wo pami nasyon yo.
Mwen va leve wo sou tè a.”
11 SENYÈ dèzame yo avèk nou.
Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan
27 Tout mesye Juda avèk Jérusalem yo te retounen avèk Josaphat sou tèt la. Yo te retounen Jérusalem avèk kè kontan, paske SENYÈ a te fè yo rejwi sou lènmi yo. 28 Yo te vini Jérusalem avèk ap, gita yo ak twonpèt pou rive vè kay SENYÈ a. 29 Lakrent Bondye te sou tout wayòm a lòt peyi yo lè yo te tande ke SENYÈ a te goumen kont lènmi Israël yo. 30 Konsa, wayòm Josaphat a te gen lapè, paske Bondye li a te ba li repo tout kote.
35 Apre sa, Josaphat, wa Juda a te fè alyans avèk Achazia, wa Israël la. Li te aji mal nan fè bagay sa a. 36 Konsa, li te alinye li avèk li pou fè bato yo rive Tarsis e yo te fè bato yo rive nan Etsjon-Guéber. 37 Epi Éliézer, fis a Dodava a nan Maréscha, te pwofetize kont Josaphat. Li te di: “Akoz ou te fè alyans avèk Achazia, SENYÈ a te detwi zèv ou yo.” Pou sa, bato yo te kraze, e yo pa t kab ale Tarsis.
49 Alò, Achazia, fis Achab la, te di a Josaphat: “Kite sèvitè mwen yo ale avèk sèvitè ou yo nan bato yo.” Men Josaphat pa t dakò.
16 Alò, nan senkyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël la, pandan Josaphat te wa Juda, Joram, fis Josaphat, wa Juda, te devni wa.