Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 124

Bib Sen An (BSA)

Sekou nou nan non SENYÈ a

Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.

1 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,

kite Israël di koulye a,

2 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,

lè lèzòm te leve kont nou yo,

3 Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan,

lè kòlè yo te limen kont nou an.

4 Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt.

Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.

5 Nan lè sa a, dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou.

6 Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou chire nan dan yo.

7 Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo

ki sòti nan pèlen a moun k ap fè lachas yo.

Pèlen an fin kase e nou chape.

8 Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te

fè syèl la ak tè a.

Sòm Yo 124