Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 137

Bib Sen An (BSA)

Bò rivyè Babylone yo

1 Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita.

Nou te kriye, lè nou te sonje Sion.

2 Sou pye sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.

3 Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo,

e bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di:

“Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”

4 Kijan pou nou ta chante chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?

5 Si mwen ta bliye ou, O Jérusalem, kite men

dwat mwen bliye kapasite li.

6 Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen,

Si m pa ta sonje ou, si m pa ta leve Jérusalem wo,

pi wo ke pi gwo plezi m yo.

7 Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan,

ke yo te di: “Raze l nèt!

Raze l jis rive nan fondasyon li.”

8 O fi a Babylone nan, Ou menm ki te devaste nou an,

A la beni sila ki rekonpanse ou ak menm

rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!

9 A la beni sila ki sezi pitit ou yo,

e ki kraze yo nan wòch la va beni!

Sòm Yo 137