Sòm sou Detrès, Sitou Pandan Kaptivite a
Sòm yo te ekri pandan detrès ak afliksyon legliz la, sitou pandan kaptivite nan Babylone.
539 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita.
Nou te kriye, lè nou te sonje Sion.
2 Sou pye sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.
3 Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo,
e bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di:
“Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”
4 Kijan pou nou ta chante chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?
5 Si mwen ta bliye ou, O Jérusalem, kite men
dwat mwen bliye kapasite li.
6 Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen,
Si m pa ta sonje ou, si m pa ta leve Jérusalem wo,
pi wo ke pi gwo plezi m yo.
7 Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan,
ke yo te di: “Raze l nèt!
Raze l jis rive nan fondasyon li.”
8 O fi a Babylone nan, Ou menm ki te devaste nou an,
A la beni sila ki rekonpanse ou ak menm
rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!
9 A la beni sila ki sezi pitit ou yo,
e ki kraze yo nan wòch la va beni!
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.
2 SENYÈ, koute vwa mwen!
Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.
3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo,
O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?
4 Men avèk Ou menm, gen padon,
pou moun ta gen reverans Ou.
5 Mwen tann SENYÈ a.
Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li,
mwen mete espwa m.
6 Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis
pase gadyen k ap tann maten rive a.
Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.
7 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a.
Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd.
Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.
8 Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.
Pou direktè koral la; pou jwe a “Lis Akò Yo”. Yon Sòm Asaph
1 O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la,
Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo,
Ou menm ki chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.
2 Devan Éphraïm avèk Benjamin ak Manassé, fè vire tout fòs Ou.
Vin bannou sekou!
3 O Bondye, restore nou!
Fè vizaj Ou briye sou nou
e nou va sove.
4 O Bondye dèzame yo,
pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?
5 Ou te bay yo pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo.
Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.
6 Ou fè nou vin yon objè konfli devan vwazen nou yo.
Lènmi nou yo ri pami yo menm.
7 O Bondye dèzame yo, restore nou!
Fè vizaj Ou klere sou nou e nou va sove.
8 Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte.
Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te plante li la.
9 Ou te netwaye tè a devan l.
Li te anrasine byen fon e te ranpli peyi a.
10 Mòn yo te kouvri ak lonbraj li.
Branch li yo te kon bwa sèd Bondye yo.
11 Li te voye branch li yo rive jis nan lanmè,
ak boujon li yo jis nan Rivyè a.
12 Poukisa Ou te kraze tout kloti li yo,
pou tout sila ki pase la yo kab rekòlte fwi li yo?
13 Yon gwo mal kochon sovaj sòti nan forè pou manje ladann
e bèt sovaj chan an manje sou li.
14 O Bondye dèzame yo, vire fè bak depi koulye a,
nou sipliye Ou, souple.
Gade soti anwo nan syèl la pou wè,
e okipe pye rezen sila a.
15 Menm boujon ke men dwat Ou te plante a,
e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.
16 Li fin brile ak dife.
Li fin koupe atè nèt.
Yo peri ak repwòch devan Ou.
17 Kite men Ou rete sou nonm nan
ki se moun men dwat Ou a,
sou fis a lòm ke ou te fè pwisan pou Ou menm nan.
18 Konsa, nou p ap vire fè bak kite Ou.
Fè nou leve ankò e nou va rele non Ou.
19 O SENYÈ dezame yo, restore nou.
Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.
Pou direktè koral la: pou Jeduthun. Yon Sòm Asaph
1 Vwa m leve vè Bondye!
Mwen kriye pou sekou.
Vwa m leve vè Bondye pou L tande mwen.
2 Nan jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a.
Nan nwit, mwen te lonje men m san poze.
Nanm mwen te refize rekonfòte.
3 Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble.
Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.
4 Ou te kenbe zye mwen yo louvri.
Mwen tèlman twouble ke m pa kab pale.
5 Mwen te reflechi sou jou lansyen yo, ane lontan yo.
6 Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit.
Mwen reflechi tout tan nan kè mwen.
Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:
7 “Èske Senyè a va rejte nou pou tout tan?
Èske Li p ap janm kite favè Li vini sou nou ankò?
8 Èske lanmou dous Li a kite nou pou tout tan?
Èske pwomès Li yo fini nèt?
9 Èske Bondye te bliye gras Li,
Oswa nan kòlè Li, èske Li te retire mizerikòd Li a?” Tan
10 Epi mwen te di: “Se chagren mwen ki fè m panse
men dwat a Wo Pwisan an vin chanje.”
11 Mwen va sonje zèv SENYÈ yo.
Anverite, Mwen va sonje mèvèy Ou yo nan tan ansyen yo.
12 Mwen va reflechi tout tan sou tout zèv Ou yo,
pou m sonje nan kè m tout sa Ou te fè.
13 Chemen Ou a, O Bondye, se apa.
Ki dye ki gran tankou Bondye pa nou an?
14 Ou se Bondye ki fè zèv mèvèy.
Ou te fè pwisans Ou rekonèt pami pèp yo.
15 Avèk pwòp pouvwa Ou, Ou te rachte pèp Ou a,
fis a Jacob yo avèk Joseph. Tan
16 Dlo yo te wè Ou, O Bondye.
Dlo yo te wè Ou.
Yo te nan gran doulè.
Anplis, fon yo te boulvèse.
17 Nwaj yo te vide gwo dlo.
Syèl yo te bay gwo kout loray.
Flèch Ou yo te limen pa isit e pa lòtbò.
18 Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an.
Loray yo te klere tout tè a.
Mond lan te tranble.
Li te souke.
19 Chemen Ou an te nan lanmè a,
e vwa Ou nan dlo pwisan yo.
Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
20 Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann,
pa men Moïse avèk Aaron.