Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 79

Bib Sen An (BSA)

Yon priyè pou delivrans

Yon Sòm Asaph

1 O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a.

Yo te souye sen tanp Ou an.

Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.

2 Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje pou zwazo syèl yo.

Chè a fidèl Ou yo, yo fin bay a bèt latè yo.

3 Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem.

Pa t genyen moun ki pou antere yo.

4 Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo,

Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.

5 Jiskilè, O SENYÈ?

Èske Ou va rete fache nèt?

Èske jalouzi Ou va brile tankou dife tout tan?

6  Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo,

ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo.

7 Paske yo te devore Jacob.

Yo te devaste abitasyon Li an.

8  Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou.

Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou,

paske nou fin rive ba nèt.

9  Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou.

Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou.

10  Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?”

Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou,

ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.

11 Kite vwa prizonye k ap plenyen yo rive devan Ou.

Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò.

12 Fè remèt a vwazen nou yo, sèt fwa

antre nan vant yo, repwòch avèk sila

yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.

13 Konsa nou menm, pèp Ou a,

ak mouton a patiraj Ou a,

Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan.

A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.

Sòm Yo 79