Yo pran Jérusalem ak Sédécias; yo libere Jérémie
588 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
5 Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a wa Sédécias.
6 Nan Nevyèm jou nan katriyèm mwa a, gwo grangou a te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a.
3 Epi tout ofisye a wa Babylone yo te antre ladann. Yo te chita bò kote Pòtay Mitan a; Nergal-Scharetser, Samgar-Nebu, Sarsekim, chèf a enik yo, Nergal-Sar-Ezer, chèf a majisyen yo, ak tout rès chèf a wa Babylone yo.
7 Konsa yo te kase antre nan vil la, e tout mesye lagè yo te kouri kite vil la pandan lannwit lan bò kote pòtay ki te antre de miray ki te akote jaden a wa a. Sepandan, Kaldeyen yo te antoure vil la nèt. Yo te ale pa chemen Araba a vle di dezè a. 8 Men lame Kaldeyen an te kouri dèyè wa a. Li te rive sou Sédécias nan plèn Jéricho e tout lame li a te gen tan gaye kite li. 9 Epi yo te kaptire wa a. Yo te mennen li monte kote wa Babylone nan nan Ribla nan peyi Hamath, e li te kondane li la. 10 Wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo devan zye l e anplis, li te touye tout prens Juda yo Ribla. 11 Anplis, li te avegle zye a Sédécias. Konsa, wa Babylone nan te anprizone l ak braslè an bwonz, te mennen li Babylone, e te mete l nan prizon jis rive jou ke li te mouri an.
11 Alò, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pase lòd de Jérémie pa Nebuzaradan, chèf gad la. Li te di: 12 “Pran l e okipe l, pa fè l anyen ki mal, men pito aji avèk li jan li mande ou a.”
13 Konsa Nebuzaradan, chèf gad yo, te voye pawòl pa Nebuschazban, chèf a enik yo, Nergal-Scharetser, chèf a majisyen yo, ak tout chèf a wa Babylone yo, 14 te voye retire Jérémie sòti nan lakou kay gad la e te fè Guedalia, fis Achikam, fis a Schaphan nan, responsab pou mennen li lakay li. Konsa, li te rete pami pèp li a.
24 Epi chèf kò gad la te pran Seraja, chèf prèt la, Sophonie, dezyèm wo prèt la, ak twa ofisye a tanp yo. 25 Anplis, li te pran soti nan vil la, yon ofisye ki te yon sipèvizè pou mesye lagè yo, sèt nan konseye wa ki te twouve nan vil yo, grefye a wo kòmandan ki te òganize pèp peyi a ak swasant mesye a pèp ki te twouve nan mitan vil yo. 26 Nebuzaradan, chèf kò gad la te pran yo e te mennen yo kote wa Babylone nan Ribla. 27 Epi wa Babylone nan te frape yo mete a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath la.
Konsa, Juda te mennen ale an egzil kite peyi li.
Yo boule tanp lan nan Jérusalem
12 Alò, nan dizyèm jou nan senkyèm mwa a, ki te diz-nevyèm ane a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, chèf an tèt kò gad la, ki te nan sèvis wa a Babylone nan, te rive Jérusalem. 13 Li te brile kay SENYÈ a lakay wa a, ak tout kay Jérusalem yo; menm tout gwo kay yo, li te brile yo ak dife. 14 Konsa, tout lame Kaldeyen ki te avèk chèf kò gad yo, te demoli tout miray ki te antoure Jérusalem yo.
17 Alò, pilye an bwonz, ki te apatyen a lakay SENYÈ a, baz yo, ak gwo lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kraze yo an mòso e te pote tout bwonz yo Babylone. 18 Anplis, yo te pran veso yo, pèl yo, etoufè yo, basen yo, po yo ak tout veso an bwonz ki te sèvi nan tanp lan. 19 Anplis, chèf kò gad la te retire bòl yo, plato sann yo, basen yo, po yo, chandelye yo, sa ki te fèt an lò fen ak sa ki te fèt an ajan fen.
20 De pilye yo, sèl lanmè a, douz towo an bwonz ki te anba lanmè a, ak baz yo, ke Wa Salomon te fè pou lakay SENYÈ a——bwonz nan tout veso sa yo te depase kontwòl nan pwa. 21 Epi pou pilye yo, wotè a chak pilye te diz-uit koude, li te mezire douz koude sikonferans lan, kat dwat nan epesè e vid nan mitan. 22 Alò, yon tèt kouvèti an bwonz te sou li; epi wotè a chak tèt kouvèti te senk koude, ak yon sistèm mèch fèt avèk chèn an fil tòde pou tèt kouvèti ak grenad sou tèt kouvèti ki antoure l yo, tout nan bwonz nèt. Epi dezyèm pilye a te tankou sila a, menm ak grenad yo. 23 Te gen katre-ven-sèz grenad byen parèt; tout nan grenad yo te kontwole an santèn, sou sistèm mèch la toupatou.
15 Epi Nebuzaradan, chèf kò gad yo, te mennen, pote an egzil kèk nan moun ki pi malere pami pèp la, tout lòt moun ki te rete nan vil la, sila ki te dezète Jérusalem yo pou ale kote wa Babylone nan ak tout rès moun metye yo. 16 Men Nebuzaradan, chèf kò gad la, te kite kèk moun nan pi malere yo pou okipe chan rezen yo, e pou laboure tè a.
10 Men kèk nan sila ki te malere nèt yo, ki pa t gen anyen yo, Nebuzaradan, chèf gad yo, te kite yo dèyè nan peyi Juda, e te bay yo chan rezen ak chan pou yo kiltive nan menm lè sa a.
Yon Sòm Asaph
1 O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a.
Yo te souye sen tanp Ou an.
Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.
2 Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje pou zwazo syèl yo.
Chè a fidèl Ou yo, yo fin bay a bèt latè yo.
3 Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem.
Pa t genyen moun ki pou antere yo.
4 Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo,
Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.
5 Jiskilè, O SENYÈ?
Èske Ou va rete fache nèt?
Èske jalouzi Ou va brile tankou dife tout tan?
6 Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo,
ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo.
7 Paske yo te devore Jacob.
Yo te devaste abitasyon Li an.
8 Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou.
Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou,
paske nou fin rive ba nèt.
9 Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou.
Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou.
10 Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?”
Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou,
ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.
11 Kite vwa prizonye k ap plenyen yo rive devan Ou.
Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò.
12 Fè remèt a vwazen nou yo, sèt fwa
antre nan vant yo, repwòch avèk sila
yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.
13 Konsa nou menm, pèp Ou a,
ak mouton a patiraj Ou a,
Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan.
A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.