Yo boule tanp lan nan Jérusalem (continued)

588 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 74

Yon Sòm Asaph

1 O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan?

Poukisa kòlè Ou fè lafimen kont mouton patiraj Ou an?

2 Sonje asanble Ou a, ke Ou te achte depi tan ansyen yo,

sa yo ke Ou te rachte pou fè tribi eritaj pa Ou:

Mòn Sion sila a, kote Ou te abite.

3 Vire pa Ou yo pou rive kote mazi ki kraze nèt yo,

kote lènmi a fin fè tout mechanste li anndan sanktyè a.

4 Advèsè Ou yo te vin anraje nan mitan kote asanble Ou a.

Yo fin monte pwòp drapo yo kon avètisman an.

5 Yo aji kòn yon moun k ap

leve rach li nan mitan yon forè bwa.

6 Epi koulye a, tout travay skilpti li yo,

yo kraze ak rach avèk mato.

7 Yo fin brile sanktyè Ou a jis rive atè.

Yo te souye abitasyon ki fèt nan non Ou an.

8 Yo te pale nan kè yo: “Annou kraze yo nèt.”

Yo te brile tout kote asanble Bondye nan tout peyi a.

9 Nou paz ankò wè mèvèy yo.

Nanpwen pwofèt ankò.

Ni pa genyen pami nou ki konnen konbyen de tan sa va dire.

10 Konbyen de tan, O Bondye,

advèsè a va moke nou ak mo brile?

Èske se pou tout tan lènmi an va giyonnen non Ou konsa?

11 Poukisa Ou retire men Ou?

Sitou men dwat Ou?

Fè l parèt sòti anndan lestonmak Ou pou detwi yo!

12 Men Bondye se Wa mwen depi nan tan ansyen yo.

Li te fè zèv delivrans nan mitan latè.

13 Ou te divize lanmè a ak fòs kouraj Ou.

Ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.

14 Ou te kraze tèt Levyatan an.

Ou te bay li kon manje pou bèt sovaj.

15 Ou te fè pete sous ki koule dlo fre.

Ou te seche gwo rivyè pwisan yo.

16 Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou.

Ou te prepare limyè a avèk solèy la.

17 Ou te etabli tout lizyè latè yo.

Ou te fè sezon ete ak sezon livè.

18 Sonje bagay sa a, O SENYÈ,

ke lènmi yo te meprize Ou,

e yon pèp ki plen ak foli te refize non Ou.

19 Pa livre nanm a toutrèl Ou a bèt sovaj yo.

Pa bliye lavi aflije Ou yo pou tout tan.

20 Konsidere akò Ou, paske

kote fènwa yo nan tout latè a,

plen ak abitasyon vyolans yo.

21 Pa kite oprime yo retounen nan gwo wont.

Kite aflije yo ak malere yo louwe Non Ou.

22 Leve, O Bondye! Plede koz Ou!

Sonje jan lòm plen foli meprize Ou tout lajounen.

23 Pa bliye vwa advèsè Ou yo.

Gwo zen a sila ki leve kont Ou yo monte tout tan, san rete.

Sòm Yo 83

Yon Chan. Yon Sòm Asaph

1 O Bondye, pa rete an silans.

Pa fè silans, O Bondye.

Pa rete trankil.

2 Paske gade byen, lènmi Ou yo ap fè zen.

Sila ki rayi Ou yo leve tèt yo byen wo.

3 Yo fè plan malen kont pèp Ou a.

Yo fè konplo ansanm kont sila ki se trezò Ou.

4 Yo te di: “Vini, annou disparèt yo nèt kon nasyon,

pou non Israël la pa sonje ankò menm.”

5 Paske yo te fè konplo ansanm ak yon sèl panse.

Kont Ou menm, yo fè yon akò.

6 Tant a Édom avèk Izmayelit yo, Moab ak Agarenyen yo,

7 Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;

8 Anplis, Asiryen yo te vin jwenn ansanm avèk yo,

yo te prete lamen a pitit a Lot yo. Tan

9 Aji avèk yo tankou Madian,

tankou avèk Sisera ak Jabin nan ravin Kison an!

10 Ki te fin detwi nan En-Dor,

ki te vin tankou fimye sou latè.

11 Fè tout chèf yo tankou Oreb avèk Zeeb

e tout prens yo tankou Zébach avèk Tsalmunna,

12 Ki te di: “Annou vin posede patiraj Bondye yo pou kont nou.”

13 O Bondye mwen, fè yo tankou pousyè toubiyon!

Tankou pay devan van!

14 Tankou dife ki brile forè a, ak flanm ki

limen nan tout mòn nan pou yo brile nèt.

15 Konsa, kouri dèyè yo avèk tanpèt Ou

e teworize yo ak gwo siklòn Ou.

16  Plen figi yo ak gwo wont,

pou yo kab chache non pa Ou, O SENYÈ.

17 Kite yo vin wont e dekouraje jis pou tout tan.

Wi, kite yo imilye e peri,

18 pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl

ki pote non “Bondye”, Pi Wo sou tout tè a.