Yo boule tanp lan nan Jérusalem (continued)

588 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 94

1 O SENYÈ, Bondye a vanjans lan,

Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!

2 Vin leve, O Jij sou tè a.

Bay rekonpans a moun ògeye yo.

3 Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ,

pou konbyen de tan mechan yo va leve tèt yo wo?

4 Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy.

Tout moun ki fè mechanste yo vante tèt yo.

5 Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ.

Yo aflije eritaj Ou a.

6 Yo touye vèv yo avèk etranje a.

Yo asasine òfelen yo.

7  Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye

Jacob la p ap okipe sa a.”

8 Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la;

Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?

9 Sila ki te plante zòrèy la, èske Li pa tande?

Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.

10 Sila ki fè chatiman nasyon yo,

èske Li p ap fè repwòch?

Sila ki enstwi lòm; Li konnen!

11 SENYÈ a konnen panse a lòm,

ke se sèlman yon souf ke yo ye.

12 Beni se nonm ke Ou bay chatiman an,

O SENYÈ,

ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,

13 pou Ou kapab bay li sekou nan jou advèsite yo,

jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.

14 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a,

ni Li p ap lage pèp eritaj Li a.

15 Paske jijman an va devni dwat ankò e

tout pèp ladwati yo va swiv li.

16 Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo?

Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?

17 Si SENYÈ a pa t sekou mwen,

nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.

18 Si mwen ta di: “Pye m glise,”

Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.

19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,

konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.

20 Èske yon twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou?

Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?

21 Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo,

e kondane inosan yo a lanmò.

22 Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e

Bondye mwen an, wòch ki pwoteje mwen an.

23 Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e

va koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo.

SENYÈ nou an va koupe retire yo.

II Wa Yo 24:17–20

17 Epi wa Babylone nan te fè tonton Jokajin nan, Matthania, wa nan plas li e li te chanje non li an Sédécias.

18 Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a, e li te renye pandan onzan Jérusalem. Non manman li se te Hamuthal, fis a Jérémie an nan Libna. 19 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke Jojakim te konn fè yo. 20 Paske akoz kòlè SENYÈ a, tout sa te rive Jérusalem avèk Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li.

Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.

Jérémie 52:4

4 Alò, li te vin rive nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou nan dizyèm mwa a, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini, li menm ak tout lame li a, kont Jérusalem, te fè kan kont li e te bati yon miray syèj ki te antoure li.

Jérémie 39:2

2 Nan onzyèm ane pouvwa Sédécias la, nan katriyèm mwa a, nan nevyèm jou nan mwa a, yon brèch te fèt nan miray vil la.

Jérémie 39:4–9

4 Lè Sédécias, wa Juda a, ak tout mesye lagè yo te wè yo, yo te sove ale e te ale deyò lavil la nan nwit lan pa chemen jaden a wa a, atravè pòtay antre de miray yo. Konsa li te sove ale vè dezè a.

5 Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè yo e te kaptire Sédécias nan plèn Jéricho. Yo te sezi li e te mennen li monte kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan Ribla, nan peyi a Hamath la. Epi li te pwononse jijman sou li. 6 Epi wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo, devan zye l nan Ribla. Anplis, wa Babylone nan te touye tout mesye enpòtan Juda yo. 7 Epi li te avegle zye Sédécias, e te mare li ak braslè an bwonz pou mennen l Babylone.

8 Anplis, Kaldeyen yo te brile palè wa a ak dife avèk kay a pèp la, e yo te kraze miray Jérusalem yo. 9 Tout rès pèp la ki te rete lavil la, ak sila ki te abandone vil la, ki te janbe kote li, e retay ki te rete nan vil la, Nebuzaradan, chèf gad yo, te pote yo an egzil Babylone.

II Wa Yo 25:3–21

3 Nan nevyèm jou ak nan katriyèm mwa a, grangou te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a. 4 Konsa, yo te kase vil la antre e tout mesye lagè yo te sove ale nan nwit lan pa pòtay antre de mi yo akote jaden a wa a, malgre Kaldeyen yo te antoure tout vil la. Konsa, yo te sòti pa chemen dezè a. 5 Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè wa a. Yo te rive pran li nan plèn Jéricho a, e tout lame li a te gaye kite li. 6 Yo te kaptire wa a e yo te mennen li kote wa Babylone nan Ribla e yo te pase jijman sou li. 7 Yo te touye fis a Sédécias yo devan zye li, yo te pete zye a Sédécias, yo te mare l avèk chenn an bwonz yo, e yo te mennen li Babylone.

8 Alò, nan setyèm jou ak nan senkyèm mwa a, ki se te diznevyèm ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, kapitèn gad yo, yon sèvitè a wa Babylone nan, te rive Jérusalem. 9 Li te brile lakay SENYÈ a, lakay wa a ak tout kay Jérusalem yo. Menm tout gwo kay yo, li te brile yo avèk dife. 10 Epi tout lame Kaldeyen yo ki te avèk kapitèn gad la te kraze, chire, tout mi ki te antoure Jérusalem yo. 11 Epi tout rès nan moun ki te kite lavil yo, sila ki te dezète al jwenn wa Babylone nan e tout rès pèp la ki te rete, Nebuzaradan, kapitèn gad la, te pote yo ale an egzil. 12 Men kapitèn gad la te kite kèk moun pami pi malere yo pou sèvi kòm ouvriye nan chan rezen yo ak pou raboure tè a.

13 Alò, pilye an bwonz ki te lakay SENYÈ yo ak baz avèk lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kraze yo an mòso e te pote bwonz lan Babylone. 14 Yo te retire po yo, pèl yo, etennwa yo, kiyè yo ak tout veso an bwonz ki te konn sèvi nan sèvis tanp lan. 15 Kòmandan gad la, anplis, te pran tout plato pou resevwa sann yo, avèk basen yo, sila ki te an lò fen ak sila ki te an ajan fen yo. 16 De pilye yo, yon sèl lanmè a ak baz ke Salomon te fè pou lakay SENYÈ a, bwonz nan veso sila yo te depase kapasite pou peze. 17 Wotè a yon pilye te di-zuit koude e yon tèt an bwonz te sou li. Wotè a tèt an bwonz lan te twa koude, avèk yon griyaj ak grenad ki te antoure li an bwonz. Epi dezyèm pilye a te tankou sila yo avèk yon sistèm griyaj.

18 Alò, kapitèn gad la te pran Seraja, wo prèt la, avèk Sophonie, dezyèm prèt la, avèk twa ofisye a tanp lan. 19 Depi nan vil la, li te pran yon ofisye ki te chèf mesye lagè yo ak senk nan konseye a wa yo ki te twouve nan vil la; epi grefye a kapitèn lame ki te responsab anrejistre moun nan peyi a; epi swasant moun nan pèp peyi a te twouve nan vil la. 20 Nebuzaradan, kapitèn gad la, te pran yo pou te mennen yo kote wa Babylone nan Ribla. 21 Alò, wa Babylone nan te frape yo e te mete yo a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath. Konsa, Juda te mennen an egzil soti nan peyi li.