Jérémie plenn sò peyi li ki devaste

588 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Lamantasyon Yo 1–2

1 A la sèl,

vil ki te konn plen moun nan chita sèl!

Li vin tankou yon vèv

ki te konn byen pwisan pami nasyon yo!

Sila ki te konn yon fanm

byen gran pami nasyon yo!

Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo,

Koulye a, se travo fòse li oblije fè!

2 Li kriye byen anmè nan nwit lan.

Dlo zye li kouri desann figi l.

Pami tout sila ki te renmen l yo,

nanpwen moun ki pou bay li rekonfò.

Tout zanmi li yo fè l trèt;

yo te tounen lènmi l.

3 Juda antre an egzil anba gwo opresyon;

anba esklavaj byen di.

Li demere pami nasyon yo;

pou repo, nanpwen.

Tout sila k ap pèsekite l yo,

fin sezi li nan mitan gwo twoub li.

4 Chemen Sion yo ap fè dèy;

pèsòn pa rive nan fèt li yo.

Tout pòtay li yo vin dezole.

Prèt li yo ap plenn nan gòj,

vyèj li yo vin aflije,

e li menm, li vin anmè.

5 Advèsè li yo te vin mèt li.

Lènmi li yo ap byen reyisi;

paske SENYÈ a te koze doulè l,

akoz gwo kantite transgresyon li yo.

Pitit li yo se prizonye devan advèsè yo.

6 Tout majeste fin kite fi a Sion an.

Prens li yo vin tankou sèf ki pa t jwenn patiraj.

Yo sove ale san rezistans

devan mèt lachas la.

7 Jérusalem sonje tout bagay presye li yo nan jou afliksyon li.

Tout bèl bagay ki te la depi nan jou ansyen yo;

lè pèp li a te tonbe nan men a advèsè a,

e pa t gen okenn moun ki pou ede l.

Advèsè yo te wè l.

Yo te giyonnen l akoz tristès li.

8 Jérusalem te fè gwo peche.

Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp.

Tout sila ki te konn louwe l yo,

meprize l akoz yo te wè li toutouni.

Menm li menm plenn nan gòj, e vire an aryè.

9 Depi nan jip li, salte a te la.

Li pa t konsidere davni li.

Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan.

Nanpwen moun pou konsole l.

“Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an;

paske ènmi an vante tèt li.

Li vin ògeye!”

10 Advèsè a te lonje men l sou tout bagay

presye fi a te genyen;

li te wè ènmi yo antre nan sanktyè li a;

sila ke Ou menm te kòmande pou yo

pa antre nan asanble Ou a.

11 Tout pèp li a plenn nan gòj.

Yap chache pen.

Tout sa ak valè deja vèse bay pou manje,

pou kenbe nanm yo vivan an.

“Gade, O SENYÈ, paske mwen vin meprize.”

12 Èske sa pa anyen pou nou tout ki pase nan wout sa a?

Gade pou wè si genyen yon doulè ki tankou doulè mwen an,

doulè ki te pase vin nan men m nan,

avèk sila SENYÈ a te aflije m nan jou a gran kòlè Li a.

13 Soti anwo, Li te voye dife antre nan zo m,

e l ap domine yo.

Li te ouvri yon pèlen pou pye m;

Li te fè m vire fè bak.

Li te fè m vin dezole, fèb tout lajounen.

14 Jouk transgresyon mwen yo vin mare;

ak men Li yo koude nèt ansanm.

Yo te rive jis nan kou m;

Li te fè fòs mwen vin kraze disparèt.

Senyè a te livre m nan men a sila yo;

kont yo, mwen pa ka kanpe.

15 Senyè a te rejte tout mesye pwisan ki nan mitan m yo.

Li te rele yon asanble solanèl kont mwen pou kraze jennonm mwen yo.

Senyè a te foule, konsi se nan yon pèz rezen, fi vyèj a Juda a.

16 Pou bagay sa yo, mwen ap kriye.

Zye m koule ak dlo.

Konsolatè k ap rafrechi nanm mwen an lwen m,

Nanpwen okenn moun ki ta ka konsole mwen,

okenn moun ki ta ka restore nanm mwen.

Pitit mwen yo vin dezole akoz ènmi an te vin genyen.

17 Sion lonje men l ouvri nèt.

Nanpwen moun ki pou konsole l.

SENYÈ a te bay lòd konsènan Jacob,

ke sila ki antoure l yo ta lènmi avè l.

Jérusalem te devni yon bagay pa pwòp pami yo.

18 SENYÈ a jis;

paske mwen te fè rebèl kont lòd Li.

Tande koulye a, tout pèp yo

e gade byen doulè m nan.

Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo

te antre an kaptivite.

19 Mwen te rele vè renmen mwen yo,

men yo te fè m desi.

Prèt mwen yo ak ansyen mwen yo te peri nan vil la

pandan yo t ap chache manje

pou restore fòs yo pou kont yo.

20 Gade, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.

Lespri m twouble anpil;

kè m boulvèse anndan m,

paske mwen te fè rebèl anpil.

Nan lari, se nepe k ap touye;

nan kay, se tankou lanmò.

21 Yo te tande ke m ap plenyen nan gòj;

men nanpwen moun ki pou konsole m.

Tout lènmi mwen yo tande afè gwo malè m nan.

Yo kontan Ou te fè sa.

O ke Ou ta mennen jou ke Ou te pwoklame a,

pou yo ka vin tankou mwen.

22 Kite tout mechanste yo vini devan Ou.

Konsa, aji avèk yo kon Ou te aji avè m nan,

pou tout transgresyon mwen yo.

Paske plent k ap sòti anndan m yo anpil

e kè m vin fèb nèt.

2:1 Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an

ak yon nwaj nan kòlè li!

Li te jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la.

Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.

2 Senyè a te vale tout nèt.

Li pa t epanye tout abitasyon Jacob yo.

Nan gwo chalè Li, Li te jete sitadèl fi a Juda a.

Li te bese yo nèt jis rive atè.

Li te pwofane wayòm nan ak tout prens li yo.

3 Nan gwo chalè, Li te koupe tout fòs Israël la.

Li te retire men dwat Li soti devan lènmi an.

Konsa, Li te brile Jacob tankou flanm dife

ki konsome toupatou.

4 Li te koube banza Li kon yon lènmi.

Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè.

Konsa, Li te touye tout sa yo ki bèl pou gade.

Nan tant a fi a Sion an,

Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.

5 Senyè a vin tankou yon lènmi.

Li te vale Israël nèt.

Li te vale tout palè li yo.

Li te detwi sitadèl li yo.

Li te miltipliye doulè yo ak plent yo

nan fi a Juda yo.

6 Ak vyolans, Li te aji sou tanp Li an,

konsi se yon tonèl jaden.

Li te detwi kote ke Li menm te deziye

pou asanble yo.

SENYÈ a te fè bliye tout jou fèt ak Saba Sion yo,

e Li te meprize ni wa a, ni prèt la

nan gwo kòlè Li a.

7 Senyè a te rejte lotèl Li a.

Li te abandone sanktyè Li a.

Li te livre nan men lènmi an, miray a palè li yo.

Yo te fè yon bri nan kay SENYÈ a, konsi

li ta nan yon jou fèt deziye.

8 SENYÈ a te pran desizyon pou detwi miray a fi a Sion an.

Li te lonje yon lign.

Li pa t ralanti men l nan destriksyon.

Li te fè ni ranpa, ni miray la plen tristès;

y ap kriye ansanm.

9 Pòtay li yo te fonse antre nan tè,

Li te detwi e kraze fè fòje a.

Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo;

lalwa, nanpwen ankò.

Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.

10 Ansyen a fi a Sion yo chita atè.

Yo rete an silans.

Yo te jete pousyè sou tèt yo.

Yo abiye yo ak twal sak.

Vyèj Jérusalem yo fin bese tèt yo jis a tè a.

11 Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann,

lespri m vin nan gwo twoub;

kè m vin vide atè nèt, akoz

fi a pèp mwen an vin detwi

e timoun ak tibebe yo ap fennen

nan lari vil la.

12 Yo mande manman yo: “Kote sereyal ak diven an?”

Konsa, yo fennen tankou yon nonm ki blese nan lari vil yo,

pandan lavi yo menm vin vide nan sen manman yo.

13 Kisa pou m ta di ou?

A kilès pou m ta konpare ou, O fi Jérusalem nan?

A kisa pou m ta di ou sanble pandan mwen

ap mennen rekonfò bay ou a,

O fi vyèj a Sion an?

Paske destriksyon ou an vast tankou lanmè.

Se kilès ki ka geri ou?

14 Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo;

ki te plen foli.

Yo pa t dekouvri inikite ou

pou restore ou sòti an kaptivite,

men yo te wè pou ou vizyon

pòt pawòl ki te fo,

ki te egare ou.

15 Tout moun ki pase akote chemen an

bat men yo pou moke ou.

Yo sifle anlè kon koulèv

sou fi Jérusalem nan, epi yo di:

“Men èske se vil sa a yo te konn rele

‘pèfeksyon a bèlte a, yon jwa de tout tè a’?”

16 Tout lènmi ou yo te louvri bouch yo laj kont ou.

Yo sifle anlè kon koulèv.

Yo fwote dan yo.

Yo di: “Nou te vale l nèt!

Anverite, se jou sa ke nou t ap tann nan.

Nou gen tan jwenn li.

Nou gen tan wè l.”

17 SENYÈ a te acheve objektif Li;

Li te akonpli pawòl Li, pawòl ke Li

te kòmande soti nan jou ansyen yo.

Li te jete ba,

Li pat fè pitye.

Li te fè lènmi an rejwi sou ou.

Li te egzalte pwisans a advèsè ou yo.

18 Kè yo te kriye fò a Senyè a.

O miray a fi Sion an,

kite dlo sòti nan zye ou lajounen kon lannwit.

Pa aksepte okenn soulajman;

'Pa kite zye ou pran repo.

19 Leve, kriye fò nan nwit lan,

nan kòmansman vèy nwit lan!

Vide kè ou konsi se dlo devan prezans Senyè a.

Leve men ou a Li menm pou lavi pitit ou yo

ki fèb nèt ak grangou sou tèt a tout ri yo.

20 Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa?

Èske fanm ta dwe manje pwòp pitit pa yo,

pitit yo ki te fèt an bòn sante?

Èske prèt la ak pwofèt la

dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?

21 Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo.

Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe.

Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a;

Ou te fè masak, san pitye.

22 Ou te rele nou konsi se nan jou a yon fèt etabli,

gwo laperèz mwen yo tout kote.

Nanpwen moun ki te chape sòti vivan

nan jou kòlè SENYÈ a.

Sila ke m te fè e leve yo,

lènmi m te anile yo nèt.