Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 60

Bib Sen An (BSA)

Laviktwa avèk Bondye

Pou direktè koral la; selon melodi “Lis Akò La”.

Yon powèm David, pou enstwi; lè l te lite avèk Aram-Naharaim e avèk Aram-Zobah; epi, Joab te retounen e te frape douz-mil Edomit nan Vale Sèl la.

1 O Bondye, Ou te rejte nou.

Ou te kraze nou.

Ou te fache.

O restore nou ankò.

2 Ou te fè latè tranble.

Ou te fann li pou l ouvri.

Geri brèch li yo, paske l ap sekwe.

3 Ou te fè pèp Ou a wè anpil bagay di.

Ou te bay nou diven pou bwè ki fè nou toudi.

4 Ou te bay yon drapo pou sila ki gen lakrent Ou yo,

pou fè l byen parèt akoz verite a. Tan

5 Pou byeneme Ou yo kab delivre,

Sove avèk men dwat Ou e reponn nou!

6 Bondye te pale nan sentete Li:

“Mwen va triyonfe!

Mwen va divize Sichem

e tire yon lin nan vale Succoth la.

7 Galaad se pou Mwen e Manassé se pa M.

Anplis, Éphraïm se kas sou tèt Mwen.

Juda se baton wayal Mwen an.

8 Moab se basen lave Mwen.

Sou Edom, Mwen va jete soulye Mwen.

Mwen rele viktwa sou peyi Filisten yo.”

9 Kilès k ap fè m rive nan vil fòterès la?

Kilès k ap mennen mwen antre Edom?

10 Èske Ou menm, SENYÈ a, pa t rejte nou?

Epi èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?

11 O bannou sekou kont advèsè a,

paske delivrans pa lòm se an ven.

12 Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj.

Se Li menm ki va foule lènmi nou yo anba pye.

Sòm Yo 60