Lagè ak nasyon ki antoure yo
1040 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Konsa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo e te mete yo anba lòd. David te pran kontwòl a vil prensipal la soti nan men a Filisten yo. 2 Li te bat Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.
3 Alò, David te bat Hadadézer, fis a Rehob la, wa a Tsoba, pandan li te nan wout pou reprann kontwòl li nan Rivyè Euphrate la. 4 David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha. 5 Lè Siryen a Damas yo te vini pou bay sekou a Hadadézer, wa a Tsoba a, David te touye venn-de-mil Siryen. 6 Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale. 7 David te pran boukliye fèt an lò ki te pote pa sèvitè a Hadadézer yo e li te mennen yo Jérusalem. 8 Soti nan Béthach avèk Bérothaï, vil a Hadadézer yo, Wa David te pran yon gran kantite bwonz.
9 Alò lè Thoï, wa a Hamath la te tande ke David te bat tout lame a Hadadézer a. 10 Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz. 11 Wa David te dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo: 12 Soti nan Syrie avèk Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo avèk Amalekit yo, ak piyaj ki te soti osi nan Hadadézer, fis a Thoï a, wa a Tsoba a.
12 Anplis, Abischaï, fis a Tseruja a, te bat diz-ui-mil Edomit nan Vale Sèl la.
14 Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.
15 David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a. 16 Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te grefye a. 17 Tsadok, fis a Achithub la avèk Achilémec, fis a Abithar a te prèt e Tseriah te sekretè. 18 Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo.
13 Konsa, David te vin fè yon non byen koni pou kont li, lè li te retounen soti nan touye dizui-mil Siryen nan Vale Sèl la.
Hadad chape
15 Paske li te vin rive ke lè David te Édom e Joab, chèf lame a te monte pou antere mò yo, li te frape touye tout gason nan Édom yo 16 (paske Joab avèk tout Israël te rete la pandan si mwa, jiskaske li te koupe, fè desann tout gason nan Édom yo.) 17 Se nan moman sa a ke Hadad te sove ale rive an Égypte, li menm avèk kèk Edomit ki te sèvitè a papa li avèk li, pandan Hadad te jenn gason. 18 Yo te leve soti Madian, pou rive Paran. Yo te pran mesye yo avèk yo soti Paran pou te rive an Égypte, kote Farawon, wa Égypte la. Farawon te bay yo yon kay e li te founi Hadad avèk manje e li te bay li tè. 19 Alò, Hadad te twouve gran favè devan Farawon. Konsa, li te ba li nan maryaj, sè a pwòp madanm li, sè a Thachpenès, rèn nan. 20 Sè a Thachpenès la te fè fis li, Guenubath, ke Thachpenès te sevre lakay Farawon pami fis a Farawon yo.
Pou direktè koral la; selon melodi “Lis Akò La”.
Yon powèm David, pou enstwi; lè l te lite avèk Aram-Naharaim e avèk Aram-Zobah; epi, Joab te retounen e te frape douz-mil Edomit nan Vale Sèl la.
1 O Bondye, Ou te rejte nou.
Ou te kraze nou.
Ou te fache.
O restore nou ankò.
2 Ou te fè latè tranble.
Ou te fann li pou l ouvri.
Geri brèch li yo, paske l ap sekwe.
3 Ou te fè pèp Ou a wè anpil bagay di.
Ou te bay nou diven pou bwè ki fè nou toudi.
4 Ou te bay yon drapo pou sila ki gen lakrent Ou yo,
pou fè l byen parèt akoz verite a. Tan
5 Pou byeneme Ou yo kab delivre,
Sove avèk men dwat Ou e reponn nou!
6 Bondye te pale nan sentete Li:
“Mwen va triyonfe!
Mwen va divize Sichem
e tire yon lin nan vale Succoth la.
7 Galaad se pou Mwen e Manassé se pa M.
Anplis, Éphraïm se kas sou tèt Mwen.
Juda se baton wayal Mwen an.
8 Moab se basen lave Mwen.
Sou Edom, Mwen va jete soulye Mwen.
Mwen rele viktwa sou peyi Filisten yo.”
9 Kilès k ap fè m rive nan vil fòterès la?
Kilès k ap mennen mwen antre Edom?
10 Èske Ou menm, SENYÈ a, pa t rejte nou?
Epi èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
11 O bannou sekou kont advèsè a,
paske delivrans pa lòm se an ven.
12 Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj.
Se Li menm ki va foule lènmi nou yo anba pye.