Hadad chape (continued)
1040 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Yon chan. Yon Sòm David
1 Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante.
Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.
2 Fè leve ap avèk lir!
Mwen va fè leve solèy la!
3 Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.
4 Paske lanmou dous Ou a gran pase syèl yo,
e verite Ou rive jis nan syèl yo.
5 Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout tè a.
6 Pou sila ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre.
Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!
7 Bondye te pale nan sentete Li a: “Mwen va leve wo,
Mwen va divize Sichem, e mezire tout vale Succoth la.
8 Galaad se pou Mwen. Manassé se pa M.
Ephraïm se kas sou tèt Mwen.
Juda se baton wayal Mwen.
9 Moab se basen lesiv Mwen.
Sou Edom, Mwen va jete soulye M.
Sou Philistie, Mwen va rele byen fò.”
10 Se kilès ki va mennen M antre nan vil fòtifye a?
Kilès ki va mennen M Edom?
11 Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te rejte nou an?
Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
12 O bannou sekou kont advèsè a,
paske delivrans a lòm se anven.
13 Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan.
Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.
1 Apre sa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo. Li te fè yo soumèt e te pran Gath avèk vil pa li yo nan men a Filisten yo. 2 Li te bat Moab e Moabit yo te vin sèvitè a David e te pote kontribisyon obligatwa yo.
3 David osi te bat Hadarézer, wa Tsoba a, jis rive Hamath, e li te sòti pou ale etabli wayòm li jis rive nan Rivyè Euphrate la. 4 David te pran nan men Hadarézer, mil cha avèk sèt-mil chevalye ak ven-mil sòlda a pye. David te koupe jarèt a tout cheval a cha yo, men te konsève kont pou rale san cha. 5 Lè Siryen nan Damas yo te vini ede Hadarézer, wa Tsoba a, David te touye venn-de-mil òm nan Siryen yo. 6 Konsa, David te fè mete ganizon sòlda pami Siryen nan Damas yo. Siryen yo te vin sèvitè a David e te pote kontribisyon obligatwa. Nenpòt kote li te ale, SENYÈ a te ede David. 7 David te pran boukliye an lò yo ki te pote pa sèvitè Hadarézer yo pou te pote yo Jérusalem. 8 Osi, soti Thibchath avèk Cun, vil a Hadarézer yo, David te pran yon trè gran kantite bwonz avèk sila Salomon te fè lanmè a an bwonz e pilye avèk zouti yo te fèt an bwonz.
9 Alò, lè Thohu, wa Hamath la, te tande ke David te fin bat tout lame a Hadarézer a, wa Tsoba a, 10 li te voye Hadoram, fis li a, kote wa David pou salye li e beni li; paske li te goumen kont Hadarézer e te bat li; paske Hadarézer t ap fè lagè avèk Thohu. Epi Hadoram te pote tout kalite bagay an lò avèk ajan ak bwonz. 11 Wa David te konsakre sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te rache pote soti nan men a tout nasyon yo: depi nan Edom, Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo ak Amalekit yo.
13 Epi li te mete ganizon sòlda nan Edom, e tout Edomit yo te devni sèvitè David. Epi SENYÈ a te ede David nenpòt kote li te ale.
14 Konsa, David te renye sou tout Israël. Li te administre jistis avèk ladwati pou tout pèp li a. 15 Joab, fis a Tseruja a, te kòmandan lame a, e Josaphat, fis a Achilud la, te achivist la; 16 epi Tsadok, fis a Achithub la avèk Abimélèc, fis a Abiathar a, te prèt, e Schavscha te sekretè; 17 epi Benaja, fis a Jehojada a, te chèf sou Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te premye chèf ansanm akote wa a.