Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Sòm Yo 108

Bib Sen An (BSA)

Benediksyon wayòm Israël la

Yon chan. Yon Sòm David

1 Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante.

Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.

2 Fè leve ap avèk lir!

Mwen va fè leve solèy la!

3 Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo.

Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.

4 Paske lanmou dous Ou a gran pase syèl yo,

e verite Ou rive jis nan syèl yo.

5 Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout tè a.

6 Pou sila ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre.

Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!

7 Bondye te pale nan sentete Li a: “Mwen va leve wo,

Mwen va divize Sichem, e mezire tout vale Succoth la.

8 Galaad se pou Mwen. Manassé se pa M.

Ephraïm se kas sou tèt Mwen.

Juda se baton wayal Mwen.

9 Moab se basen lesiv Mwen.

Sou Edom, Mwen va jete soulye M.

Sou Philistie, Mwen va rele byen fò.”

10 Se kilès ki va mennen M antre nan vil fòtifye a?

Kilès ki va mennen M Edom?

11 Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te rejte nou an?

Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?

12 O bannou sekou kont advèsè a,

paske delivrans a lòm se anven.

13 Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan.

Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.

Sòm Yo 108