Bonte David anvè fanmi Saül

Bonte David anvè fanmi Saül. Lagè ak fis Ammon yo.

1040 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Samuel 9–10

1 Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?” 2 Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li:

“Èske ou se Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.”

3 Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?”

Epi Tsiba te di a wa a: “Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.”

4 Konsa, wa a te di li: “Se kibò li ye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Gade byen, li nan kay Makir a, fis Ammiel la nan Lodebar.”

5 Epi Wa David te voye mennen li soti lakay Makir, fis a Ammiel la nan Lodebar. 6 Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?”

Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”

7 David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”

8 Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade yon chen mouri tankou mwen?”

9 Konsa, wa a te rele sèvitè a Saül la, Tsiba. Li te di li: “Tout sa ki te pou Saül ak pou lakay li yo, mwen te vin bay yo a gran pitit a mèt ou a. 10 Ou menm avèk fis ou yo avèk sèvitè ou yo va kiltive tè a pou li, e ou va rekòlte jis pou pitit a mèt ou a kapab genyen manje. Sepandan, Méphiboscheth, gran fis a mèt ou a, va manje tout tan sou tab mwen.”

Alò, Tsiba te gen kenz fis ak ven sèvitè. 11 Epi Tsiba te di a wa a: “Selon tout sa ke mèt mwen, wa a, kòmande sèvitè li a, konsa sèvitè ou a va fè.” Konsa, Méphiboscheth te manje sou tab David la, tankou youn nan fis a wa yo. 12 Méphiboscheth te gen yon jèn fis ki te rele Mica. Epi tout sila ki te rete lakay Tsiba yo te sèvitè a Méphiboscheth. 13 Konsa, Méphiboscheth te rete Jérusalem, paske li te manje sou tab a wa a tout tan. Alò, li te kokobe nan toude pye li.

10:1  Li te vin rive apre ke wa a Amoreyen an te mouri e Hanun, fis li a, te devni wa nan plas li. 2 Konsa, David te di: “Mwen va montre bòn volonte mwen a Hanun, fis a Nachasch la, jis jan ke papa li te montre m bòn volonte a.” Konsa, David te voye kèk nan sèvitè li yo pou konsole li konsènan papa li. Konsa, sèvitè a David yo te rive nan peyi Amonit yo.

3 Men prens a Amonit yo te di a Hanun, mèt pa yo a: “Èske ou kwè ke David ap onore papa ou akoz li te voye moun konsole ou? Èske David pa t pito voye sèvitè li yo kote ou pou fè ankèt vil la, pou espyone ak boulvèse li?”

4 Konsa, Hanun te pran sèvitè a David yo, li te pase razwa sou mwatye bab yo, li te koupe manto yo jis rive nan mitan kote kwis yo, e li te voye yo ale. 5 Lè yo te pale David sa, li te voye rankontre yo, paske mesye yo te imilye anpil. Epi wa a te di: “Rete Jéricho jiskaske bab nou vin pouse e konsa, retounen.”

6 Alò, lè fis a Ammon yo te wè ke yo te vin rayisab devan David, fis a Ammon yo te voye anplwaye Siryen yo Beth-Rehob e Siryen yo a Tsoba, ven-mil sòlda a pye, wa Macca avèk mil lòm e mesye a Tob yo avèk douz-mil lòm. 7 Lè David te tande sa, li te voye Joab avèk tout lame mesye vanyan yo. 8 Fis a Ammon yo te vin parèt. Yo te ranje yo nan chan batay la devan antre vil la, pandan Siryen a Tsoba yo avèk Rehob, mesye a Tob yo avèk Maaca pou kont yo te nan chan an. 9 Alò, lè Joab te wè ke batay la te ranje kont li pa devan kon pa dèyè, li te seleksyone pami mesye pi chwazi an Israël yo pou te ranje yo kont Siryen yo. 10 Men rès nan pèp la, li te plase yo nan men Abischaï, frè li a e li te ranje yo kont fis Ammon yo. 11 Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò, ou va ban m sekou; men si fis a Ammon yo twò fò pou ou, alò, mwen va vin ede ou. 12 Pran kouraj e kite nou parèt ak tout fòs nou pou koz a pèp nou an e pou vil Bondye pa nou an. Ke SENYÈ a kapab fè sa ki bon nan zye Li.” 13 Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te rapwoche nan batay la kont Siryen yo e yo te sove ale devan yo. 14 Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo osi te sove ale devan Abischaï e te antre nan vil la. Alò, Joab te retounen sispann goumen kont fis a Ammon yo pou te rive kote Jérusalem.

15 Lè Siryen yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te vin rasanble ansanm. 16 Epi Hadarézer te voye chache Siryen ki te pi lwen Rivyè Euphrate la pou yo te vini Hélam. Schobac, Kòmandan a lame a Hadarézer a te sou tèt yo. 17 Alò, lè sa te pale a David, li te rasanble tout Israël ansanm e te travèse Jourdain an pou te rive vè Hélam. Konsa, Siryen yo te alinye yo pou rankontre David e te goumen kont li. 18 Men Siryen yo te sove ale devan Israël. David te touye sèt-san mèt a cha Siryen, karant-mil chevalye e te frape fè desann Schobac, kòmandan lame pa yo a, e li te mouri la. 19 Lè tout wa yo, sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te pèdi devan Israël, yo te fè lapè avèk Israël pou te sèvi yo. Konsa, Siryen yo te vin gen krent pou ede fis a Ammon yo ankò.

Sòm Yo 20

Pou direktè koral la; Yon sòm David

1 Ke SENYÈ a kapab reponn ou nan jou gran twoub la!

Ke non Bondye Jacob la kapab

kenbe ou ansekirite an wo!

2 Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan

sanktyè a,

epi bay ou soutyen soti nan Sion.

3 Ke Li kapab sonje tout ofrann sereyal ou yo,

ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab!

4 Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou,

e akonpli tout plan ou yo!

5 Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou.

Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo.

Ke SENYÈ a kapab akonpli tout priyè ou yo.

6 Alò, mwen konnen ke SENYÈ a

va delivre moun onksyone pa Li a.

Li va reponn li soti nan syèl sen Li an,

avèk delivrans pwisan men dwat Li a.

7 Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo,

Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.

8 Yo te pliye e yo te tonbe,

men nou te leve e nou te kanpe dwat.

9 Delivre nou O SENYÈ!

Ke Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.