Yo entèdi David bati tanp lan (continued)
1044 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Yon Sòm David
1 Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.
2 Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.
Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.
3 Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye;
sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.
4 Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante;
Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo,
ni non yo p ap sòti sou lèv mwen.
5 SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen;
Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.
6 Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen.
Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.
7 Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.
Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.
8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.
Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.
Anplis, chè m va toujou pwoteje.
10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen
nan sejou mò yo;
ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.
11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.
Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon.
Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
2 O kite Israël di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan”.
3 O kite lakay Aaron di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”
4 O kite sila ki krent SENYÈ yo di:
“Lanmou dous Li a se pou tout tan.”
5 Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a;
SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.
6 SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè.
Kisa lòm kab fè m?
7 SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo;
Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.
8 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,
pase pou mete konfyans nan lòm.
9 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,
pase pou mete konfyans nan prens yo.
10 Tout nasyon yo te antoure mwen.
Nan non SENYÈ a, mwen te anverite, koupe retire yo nèt.
11 Yo te antoure mwen, wi, yo te antoure mwen.
Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.
12 Yo te antoure mwen tankou myèl.
Yo te efase nèt tankou dife nan bwa pikan.
Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.
13 Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe,
Men SENYÈ a te fè m sekou.
14 SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen.
Li te vin sali mwen.
15 Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo.
Men dwat a SENYÈ a se vanyan!
16 Men dwat a SENYÈ a leve wo!
Men dwat a SENYÈ a se vanyan!
17 Mwen p ap mouri, men m ap viv,
e mwen va pale sou zèv a SENYÈ yo.
18 SENYÈ a te korije m ak severite,
men Li pa t lage mwen a lanmò.
19 Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen.
Mwen va antre nan yo.
Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a.
20 Sa se pòtay SENYÈ a.
Moun ladwati yo va antre ladann.
21 Mwen va bay Ou remèsiman,
paske Ou te reponn mwen,
e Ou te vin sali mwen.
22 Wòch ke sila ki t ap bati yo te refize a,
gen tan vini wòch ang prensipal la.
23 Sa fèt pa SENYÈ a.
Li se yon mèvèy nan zye nou.
24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè.
Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.
25 O SENYÈ, sove nou koulye a, nou sipliye Ou!
O SENYÈ, nou sipliye Ou, voye abondans!
26 Beni se sila ki vini nan non SENYÈ a!
Nou te beni Ou depi lakay SENYÈ a.
27 SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou limyè.
Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo.
28 Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman;
Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.
29 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon!
Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Yon Sòm David
1 SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen
Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”
2 SENYÈ a va lonje baton wayal Ou a soti nan Sion e di:
“Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.
3 Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo.
Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an;
ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.
4 SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L:
“Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”
5 SENYÈ a sou men dwat ou.
Li va kraze wa yo nan jou kòlè Li a.
6 Li va jije pami nasyon yo.
Li fè gwo pil kadav yo,
Li va brize tèt a chèf tout latè a.
7 Li va bwè nan flèv pandan L an wout;
konsa, Li va leve tèt Li wo.