Yo entèdi David bati tanp lan (continued)

1044 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 2

1 Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa,

e pèp yo fòmante yon vye bagay?

2 Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo

pran konsèy ansanm kont SENYÈ a,

e kont onksyone pa Li a:

3 “Annou chire chenn sa yo,

e jete kòd ki mare nou yo!”

4 Sila ki chita nan syèl la ri;

SENYÈ a ap moke yo.

5 Anplis, Li va pale avèk yo nan kòlè Li.

Li va fè yo sezi nan kòlè Li.

6 Men pou Mwen menm,

Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion,

mòn sen Mwen an.

7 Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a;

SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen.

Se jodi a, Mwen te fè Ou.

8 Mande Mwen, e Mwen va bay Ou

nasyon yo kon eritaj,

jis rive nan dènye pwent latè

kon posesyon pa Ou.

9 Ou va kase yo avèk yon baton fè,

Ou va kraze yo tankou veso kanari.”

10 Konsa, O wa yo, sèvi ak sajès.

Fè atansyon, O jij sou latè yo.

11 Adore SENYÈ a avèk gran respè e

rejwi avèk tranbleman.

12 Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache,

epi ou ta mouri nan chemen an.

Paske gwo chalè Li kab limen ase vit.

A la beni se tout sila ki kache nan Li.

Sòm Yo 45

Pou direktè koral la; selon “Flè Lis Yo.” Yon Sòm a fis a Koré yo.

Yon Chanson Fèt Maryaj

1 Kè m debòde avèk yon bèl sijè.

Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a.

Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.

2 Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo.

Lagras debòde sou lèv ou.

Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan.

3 Mete nepe Ou sou kwis ou, O Sila Ki Pwisan an,

nan bèlte Ou avèk majeste Ou!

4 Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa.

Pou koz verite avèk imilite, avèk ladwati,

kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo.

5 Flèch Ou yo filè.

Tout nasyon yo tonbe anba Ou,

epi flèch Ou yo lantre nan kè lènmi a Wa a.

6 Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan;

Baton ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.

7 Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste.

Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a,

te onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.

8 Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl.

Soti nan palè livwa yo,lenstriman a kòd yo vin fè Ou kontan.

9 Fi a wa yo vin pami fanm pi onore yo.

Sou men dwat Ou, kanpe rèn nan, abiye an lò ki sòti Ophir a.

10 Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou.

Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.

11 Konsa, wa a va dezire bèlte ou.

Akoz li se senyè ou, vin bese ba devan L.

12 Fi Tyr la va vini avèk yon kado.

Moun gwo richès pami pèp yo k ap chache favè ou.

13 Lamarye a wa a bèl nèt anndan.

Vètman li trese antre sòti avèk lò.

14 Li va mennen kote Wa a nan yon zèv bwodri.

Vyèj yo, konpanyen li yo, k ap swiv li va mennen bò kote Ou.

15 Yo va mennen fè parèt avèk kè kontan ak anpil rejwisans.

Yo va antre nan palè a wa a.

16 Nan plas a papa zansèt ou yo, va gen fis ou yo.

Ou va fè yo prens sou tout latè.

17 Mwen va fè non Ou sonje nan tout jenerasyon yo.

Akoz sa, tout pèp yo va bay Ou

remèsiman pou tout tan e pou tout tan.

Sòm Yo 22

Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;

Yon sòm David.

1 Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou

te abandone m?

Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.

2 O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn.

E nan lannwit men m pa jwenn repo.

3 Sepandan, Ou sen;

Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.

4 Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo.

Yo te mete konfyans yo nan Ou,

e Ou te delivre yo.

5 A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre.

Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.

6 Men mwen se yon vè,

mwen pa menm yon moun.

Parèt abominab devan lèzòm,

e meprize pa tout moun.

7 Tout moun ki wè m vin moke mwen.

Yo separe avèk lèv yo e yo

souke tèt yo pou di:

8 Li mete konfyans nan SENYÈ a.

Kite Li menm delivre li.

Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.

9 Sepandan, Ou menm se Sila ki te

fè m sòti nan vant manman m nan.

Ou te fè m gen konfyans depi m

t ap souse tete manman m.

10 Sou Ou, mwen te depann depi nesans mwen.

Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.

11 Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre.

Paske nanpwen moun ki pou ede m.

12 Anpil towo vin antoure m.

Towo fò a Basan yo te ansèkle m.

13 Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen,

tankou yon lyon voras k ap rele fò.

14 Mwen vin vide tankou dlo.

Tout zo m fin dejwente.

15 Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari.

Lang mwen kole akote nan bouch mwen.

Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.

16 Konsa, chen yo vin antoure mwen.

Yon bann malfektè vin ansèkle m.

Yo te pèse dwat mwen avèk pye m.

17 Mwen kab kontwole tout zo m yo.

Yo gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.

18 Yo divize rad mwen pami yo.

Pou vètman m, yo tire osò.

19 Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen!

Ou menm, sekou mwen, fè vit, vin rive ede m!

20 Delivre nanm mwen devan nepe a,

lavi mwen devan pouvwa a chen an.

21 Fè m sekou soti nan bouch a lyon an,

soti sou kòn a bèf mawon.

Wi, Ou menm te reponn mwen.

22 Mwen va pale non Ou a frè m yo.

Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.

23 Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li.

Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa!

Kanpe byen sezi devan L,

nou tout, desandan Israël yo.

24 Paske Li pa t meprize ni

rayi afliksyon a aflije yo.

Ni Li pa t kache figi Li a li menm,

men lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.

25 Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti

nan gran asanble a;

Mwen va akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.

26 Aflije yo va manje e va satisfè.

Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a.

Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!

27 Tout ekstremite tè a nèt va sonje.

Yo va vire bò kote SENYÈ a.

Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va

adore devan Ou.

28 Paske wayòm nan se pou SENYÈ a,

e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.

29 Tout moun byen reyisi sou latè va manje e adore.

Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li,

Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.

30 Jenerasyon yo va sèvi Li.

Yo va pale de SENYÈ a

a desandan yo k ap vini an.

31 Yo va vini.

Yo va deklare ladwati Li

a yon pèp ki va vin fèt.

Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.