Yo entèdi David bati tanp lan
1044 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, li te vin rive ke pandan wa a te rete lakay li a, e SENYÈ a te ba li repo tout kote sou lènmi li yo, 2 ke wa a te vin di a Nathan, pwofèt la: “Gade koulye a, Mwen menm rete nan yon kay ki fèt ak bwa sèd; men lach Bondye a rete anndan yon tant ki fèt ak rido.”
3 Nathan te di a wa a: “Ale, fè tout sa ki nan tèt ou, paske SENYÈ a avèk ou.”
4 Men nan menm nwit lan, pawòl SENYÈ a te vini a Nathan e te di: 5 “Ale e pale a sèvitè Mwen an, David: ‘Se konsa SENYÈ a pale, “Èske se ou menm ki ta dwe bati yon kay pou Mwen ta vin rete ladann? 6 Paske Mwen pa t rete nan yon kay depi jou ke M te mennen fè sòti fis Israël yo an Égypte, jis rive jodi a. Men Mwen te konn deplase patou nan yon tant, menm yon tabènak. 7 Nenpòt kote ke M te ale avèk tout fis Israël yo, èske M te pale yon sèl pawòl avèk youn nan tribi a Israël yo, ke M te kòmande pou fè bèje a pèp Mwen an, Israël, pou di: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay ki fèt an sèd?’ 8 Alò pou sa, konsa ou va di a sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo; Mwen te pran ou soti nan patiraj la, soti nan swiv mouton, pou devni yon chèf sou pèp Mwen an, Israël. 9 Mwen te toujou avèk ou nenpòt kote ou te ale, e Mwen te retire lènmi ou yo soti devan ou. Konsa, Mwen va fè de ou yon gwo non, tankou non a gwo moun ki sou latè yo. 10 Mwen va, osi, etabli yon plas pou pèp Mwen an, Israël. Mwen va plante yo, pou yo kab viv nan pwòp plas yo e pou yo pa vin deranje ankò, ni pou mechan pa aflije yo ankò tankou lontan, 11 menm soti nan jou ke M te kòmande jij yo pou vin sou pèp Mwen an, Israël. Epi Mwen va ba ou repo sou tout lènmi ou yo. SENYÈ a va osi deklare a ou menm ke SENYÈ a va fè yon kay pou ou. 12 Lè jou ou yo fin pase e ou kouche avèk zansèt ou yo, Mwen va fè vin leve desandan apre ou, ki va vin sòti nan ou menm e Mwen va etabli wayòm li. 13 Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan. 14 Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo. 15 Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an. 16 Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’” 17 An akò avèk tout pawòl sila yo, tout vizyon sila yo, Nathan te pale avèk David.
18 Epi David, wa a, te antre chita devan SENYÈ a. Li te di: “Se kilès mwen ye, O Mèt BONDYE e se kisa lakay mwen ye, pou Ou te mennen mwen jis rive isit la? 19 Epi anplis, sa te yon ti bagay nan zye Ou, O Mèt BONDYE, paske Ou te pale osi pa lakay sèvitè Ou a, de avni byen lwen an. Epi sa se koutim a lòm, O Mèt BONDYE 20 Ankò, ki bagay anplis David kab di Ou? Paske Ou konnen sèvitè Ou a, O Mèt, BONDYE! 21 Pou koz a pawòl Ou e selon pwòp kè Ou, Ou te fè tout gwo bagay sila yo pou fè sèvitè Ou konnen. 22 Pou rezon sa a, Ou gran, O Mèt BONDYE; paske nanpwen lòt tankou Ou menm e nanpwen lòt dye sof ke Ou menm, selon tout sa ke nou te tande avèk pwòp zòrèy nou. 23 Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson pou Li menm kòm yon pèp, e pou fè yon non pou Li menm; pou fè yon gran bagay pou Ou ak bagay mèvèy pou peyi Ou a, devan pèp ke Ou te peye ranson pou kont Ou sòti an Égypte la, nan mitan nasyon yo, avèk dye pa yo. 24 Paske Ou te etabli pou kont Ou, pèp Ou a, Israël kòm pèp Ou pou tout tan, e Ou menm, O SENYÈ a te devni Bondye pa yo.
25 “Pou sa, koulye a, O SENYÈ Bondye, pawòl ke Ou te pale konsènan sèvitè Ou avèk lakay li a, konfime nèt e fè jan Ou te pale a. 26 Kite non Ou kapab vin resevwa glwa jis pou tout tan, pou di: ‘SENYÈ dèzame a se Bondye sou Israël la; epi pou lakay a sèvitè Ou a kapab vin etabli devan Ou.’ 27 Paske Ou menm, O SENYÈ, Bondye a Israël la, te fè yon revelasyon a sèvitè Ou a e te di: ‘Mwen va bati yon kay pou ou’. Pou sa, sèvitè Ou a te jwenn kouraj pou fè priyè sila a, a Ou menm.
28 “Alò, O Senyè BONDYE, Ou se Bondye. Pawòl Ou se verite e Ou te pwomèt bon bagay sila a a sèvitè pa Ou a. 29 Alò, pou sa, pou li kapab fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè pa Ou a, pou li kapab kontinye pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O Senyè BONDYE, te pale; epi avèk benediksyon pa Ou, pou lakay sèvitè Ou a kapab beni pou tout tan.”
1 Li te vin rive ke lè David te rete lakay li, ke David te di a Nathan, pwofèt la: “Gade byen, mwen rete nan yon kay fèt ak sèd, men lach akò SENYÈ a rete anba rido.”
2 Nathan te di a David: “Fè tout sa ki nan kè ou, paske Bondye avèk ou.”
3 Li te vin rive nan menm nwit lan ke pawòl SENYÈ a te parèt a Nathan. Li te di: 4 “Ale pale David, sèvitè Mwen an, ‘Konsa pale SENYÈ a, “Ou pa pou bati yon kay pou Mwen pou M rete ladann; 5 paske Mwen pa t konn rete nan yon kay depi jou ke M te mennen Israël monte a, jis rive jodi a; men Mwen te ale soti de tant a tant e soti yon kote pou rete jis rive a yon lòt. 6 Nan tout plas kote Mwen te mache avèk Israël yo, èske Mwen te pale yon mo avèk okenn nan jij Israël yo pou Mwen te kòmande yo pou fè bèje a pèp Mwen an, epi te di yo: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay an sèd?’”
7 Alò, pou sa, konsa ou va pale ak sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ a dèzame yo: “Mwen te retire ou nan pak kote ou t ap swiv mouton, pou devni chèf sou pèp Mwen an, Israël. 8 Mwen te avèk ou tout kote ke ou te ale, e te koupe devan ou tout lènmi ou yo. Konsa, Mwen va fè yon non pou ou parèy ak pi gwo moun sou latè yo. 9 Mwen va chwazi yon plas pou pèp Israël Mwen an e va plante yo, pou yo kab rete nan pwòp plas yo, pou yo pa vin deplase ankò. Konsa, mechan yo p ap epwize yo ankò tankou oparavan, 10 depi jou ke M te kòmande jij yo vini sou pèp Israël Mwen an. Konsa, Mwen va soumèt tou lènmi ou yo. Anplis, Mwen di ou, ke SENYÈ a va bati yon kay pou ou. 11 Lè jou yo acheve pou ou oblije ale jwenn zansèt ou yo, Mwen va plase youn nan desandan apre ou yo, ki va nan fis ou yo; epi Mwen va etabli wayòm pa li. 12 Li va bati pou Mwen yon kay e mwen va etabli twòn li jis pou tout tan. 13 Mwen va papa li e li va fis Mwen. Mwen p ap retire lanmou dous Mwen sou li, tankou Mwen te retire li sou sila ki te avan ou an. 14 Men Mwen va etabli li lakay Mwen ak nan wayòm Mwen an jis pou tout tan e twòn li an va etabli nèt pou tout tan.”’” 15 Selon tout pawòl sa yo e selon vizyon sila a, konsa Nathan te pale ak David.
16 Konsa, wa David te antre e te chita devan SENYÈ a epi te di: “Se kilès mwen ye, O SENYÈ a, Bondye a e kisa lakay mwen ye pou Ou te mennen m rive jis isit la? 17 Sa se te yon ti bagay nan zye Ou, O Bondye, men Ou te pale afè lakay sèvitè Ou a pou anpil tan k ap vini, e te gade mwen kon yon moun gran valè, O SENYÈ Bondye. 18 Kisa, anplis, David kapab di Ou selon onè ki bay a sèvitè Ou a? Paske ou konnen sèvitè Ou. 19 O SENYÈ, pou koz sèvitè ou a, e selon pwòp kè pa Ou, Ou te prepare tout grandè sa a, pou ta fè konnen tout gran afè sila yo. 20 O SENYÈ, nanpwen lòt tankou Ou, ni nanpwen okenn Bondye sof ke Ou, selon tout sa ke nou te tande avèk zòrèy nou. 21 Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson a Li menm yon pèp; pou fè yon non pou Ou pa bagay ki te gran e mèvèye yo, lè Ou te pouse, fè soti tout lòt nasyon yo devan pèp Ou a, ke Ou te rachte, fè soti nan Egypte. 22 Paske pèp Ou a, Israël, Ou te fè pwòp pèp Ou a jis pou tout tan e Ou menm, O SENYÈ, te vin Bondye pa yo. 23 Koulye a, O SENYÈ, kite pawòl ke Ou te pale pa sèvitè Ou a, selon lakay li vin etabli jis pou tout tan an. Fè jan Ou te pale a. 24 Kite non pa Ou vin etabli e onore jis pou tout tan, epi di: SENYÈ dèzame yo se Bondye a Israël la, yon Bondye menm pou Israël. Konsa, lakay David, sèvitè Ou a vin etabli devan Ou. 25 Paske Ou menm, O Bondye mwen, te revele a sèvitè Ou a, ke Ou va bati pou li yon kay. Pou sa, sèvitè Ou a te twouve kouraj pou vin priye devan Ou. 26 Koulye a, O SENYÈ, Ou se Bondye e te pwomèt bon bagay sa a sèvitè Ou a. 27 Konsa, sa te fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè Ou a, pou li kapab kontinye jis pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè l beni e li menm vin beni jis pou tout tan.”