Deplasman lach la (continued)

1045 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 106

1 Louwe SENYÈ a!

O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,

paske lanmou dous Li an se pou tout tan.

2 Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo,

Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?

3 A la beni sila ki kenbe jistis yo beni.

Beni se sila ki pratike ladwati nan tout tan yo!

4 Sonje mwen, O SENYÈ, nan favè Ou anvè pèp Ou a.

Vizite mwen avèk sali Ou,

5 pou m kab wè sila ke Ou te chwazi yo byen reyisi;

pou m kab rejwi nan kè kontan a nasyon Ou an,

pou m ka bay glwa de eritaj Ou.

6 Nou te peche menm jan ak papa zansèt nou yo.

Nou te fè inikite; nou te aji mal.

7 Papa zansèt nou yo an Égypte pa t konprann mèvèy Ou yo.

Yo pa t sonje lanmou dous Ou,

men yo te fè rebèl bò lanmè a, nan Lanmè Wouj la.

8 Sepandan, Li te sove yo pou koz non Li,

pou L te kab fè pwisans Li rekonèt.

9 Konsa, Li te repwoche Lanmè Wouj, e li te vin sèch,

Li te mennen yo pase nan fon yo,

menm jan yo te pase nan dezè a.

10 Konsa, Li te sove yo depi nan men a sila ki te rayi yo,

e te rachte yo soti nan men a lènmi an.

11 Dlo yo te kouvri advèsè yo.

Nanpwen nan yo ki te rete.

12 Nan lè sa a, yo te kwè nan pawòl Li yo.

Yo te chante lwanj Li.

13 Men byen vit, yo te bliye zèv Li yo.

Yo pa t tann konsèy Li,

14 men yo te vin gen gwo anvi nan savann nan,

e te pase Bondye a leprèv nan dezè a.

15 Pou sa, Li te ba yo sa yo te mande a,

men te voye yon maladi epwizan pami yo.

16 Yo te vin jalou a Moïse nan kan an,

ak Aaron, fidèl sen a SENYÈ a.

17 Akòz sa a,tè a te louvri vale Dathan,

epi te anglouti tout konpanyen Abiram yo.

18 Konsa, yon gwo dife te vin monte nan mitan konpanyen yo.

Flanm nan te manje mechan yo.

19 Yo te fè yon jèn bèf nan Horeb.

Yo te adore yon imaj fonn.

20 Yo te fè echanj glwa yo pou imaj a yon bèf ki manje zèb.

21 Yo te bliye Bondye, sovè yo a,

ki te fè gwo bagay an Égypte yo,

22 mèvèy nan peyi Cham yo, ak bagay mèvèy bò Lanmè Wouj la.

23 Akoz sa, Li te di Li ta detwi yo,

men se te Moïse ki te kanpe nan brèch la devan Li,

pou detounen kòlè Li pou l pa t detwi yo.

24 Alò, yo te meprize bèl peyi a.

Yo pa t kwè nan pawòl Li,

25 men te plenyen nan tant yo.

Yo pa t koute vwa SENYÈ a.

26 Akoz sa, Li te sèmante a yo ke Li ta jete yo nan dezè a,

27 ke Li ta voye desandan yo pami nasyon yo,

e gaye yo nan peyi yo.

28 Yo te vin jwenn yo menm, anplis, ak Baal-Peor,

pou manje sakrifis ki te ofri a mò yo.

29 Konsa, yo te pwovoke Li a lakòlè ak zèv yo.

E yon epidemi te kase vin parèt nan mitan yo.

30 Epi Phinées te kanpe pou te entèsede,

epi epidemi an te vin sispann.

31 Sa a te konte a li menm kon ladwati,

pou tout jenerasyon yo jis pou tout tan.

32 Anplis, yo te pwovoke Li a lakòlè bò dlo Meriba yo,

Jiskaske sa te sòti byen mal pou Moïse sou kont yo.

33 Akoz yo te fè rebèl kont Lespri Li a,

Li te pale san reflechi avèk lèv li.

34 Yo pa t detwi lòt pèp yo, jan SENYÈ a te kòmande yo a,

35 men yo te fè melanj ak nasyon yo.

Yo te aprann abitid yo.

36 Yo te sèvi zidòl yo, ki te devni yon pèlen pou yo.

37 Se te menm pwòp fi ak fis yo ke yo ofri kon sakrifis a dyab yo.

38 Yo te vèse san inosan, san a pwòp fis ak fi yo,

ke yo te bay kon sakrifis a zidòl Canaan yo.

Peyi a te kontamine nèt ak san.

39 Konsa, yo te vin pa pwòp nan abitid yo,

e te jwe pwostitiye nan zèv yo.

40 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te limen kont pèp Li a.

Li te vin rayi eritaj Li a.

41 Konsa, Li te bay yo nan men a nasyon yo,

pou sila ki te rayi yo vin renye sou yo.

42 Lènmi yo, anplis, te oprime yo,

e yo te oblije soumèt anba pouvwa yo.

43 Anpil fwa, Li te delivre yo.

Malgre, yo menm te plen rebelyon nan konsèy yo,

e te plonje desann nan inikite yo.

44 Sepandan, Li te gade twoub yo lè Li te tande kri yo.

45 Li te vin sonje akò Li pou koz yo menm,

e te vin ralanti selon grandè lanmou dous Li a.

46 Anplis, Li te fè yo resevwa mizerikòd Li,

menm nan men a tout nasyon ki te fè yo prizonye yo.

47 Sove nou, O SENYÈ, Bondye nou an.

Ranmase nou pami nasyon yo,

pou bay remèsiman a non sen Ou an,

avèk viktwa ki sòti nan lwanj Ou yo.

48 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

pou tout tan jis pou tout tan.

Kite tout pèp la di: “Amen.”

Louwe SENYÈ a!

II Samuel 6:20–23

20 Men lè David te retounen pou beni lakay li, Mical, fi a Saül la, te vin parèt pou rankontre David e te di: “Men kijan wa Israël la te onore pwòp tèt li jodi a! Li te dekouvri li menm jodi a nan zye a tout bòn kay ak sèvitè li yo kòm yon nonm ensanse san wont ta vin dekouvri kò li.”

21 Konsa, David te di a Mical: “Devan SENYÈ aki te chwazi mwen an olye de papa ou e olye de tout kay li a, pou vin dezinye mwen chèf sou pèp SENYÈ a, sou Israël; pou sa, mwen va selebre devan SENYÈ a. 22 Mwen va vin konte pa lòt moun kòm pi lejè ke sa, e mwen va vin enb nan pwòp zye m, men avèk bòn sila ke ou te pale yo; avèk yo, mwen va vin onore.”

23 Mical, fi a Saül la, pa t fè pitit jis rive jou ke li te mouri an.

I Kwonik Yo 13:5–14

5 Konsa, David te rasanble tout Israël ansanm, soti nan Sichor nan Egypte jis rive nan antre Hamath, pou pote lach Bondye a soti Kirjath-Jearim.

6 David avèk tout Israël te monte Baalah, sa vle di nan Kirjath-Jearim, ki apatyen a Juda, pou pote monte soti la, lach Bondye a, SENYÈ a, ki sou twòn li antre cheriben yo, kote non Li ap rele a. 7 Yo te pote lach Bondye a sou yon kabwèt nèf soti lakay Abinadab, Uzza avèk Achjo te kondwi kabwèt la. 8 David avèk tout Israël t ap selebre devan Bondye avèk tout fòs yo, menm avèk chan, avèk gita yo, ap yo, tanbouren yo, senbal yo ak twonpèt yo.

9 Lè yo te rive nan glasi vannen an nan Cidon, Uzza te lonje men l pou bay soutyen a lach la akoz bèf yo te prèt pou chavire l. 10 Lakòlè SENYÈ a te brile kont Uzza e Li te frape li akoz li te lonje men l vè lach la; epi li te mouri la devan Bondye. 11 Konsa, David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a te pete kont Uzza. Li te rele plas sa a Pérets-Uzza jis rive jodi a. 12 David te krent Bondye nan jou sa a, epi te di: “Kijan mwen kapab pote lach Bondye lakay mwen?” 13 Pou sa, David pa t pran lach la avèk li lavil David, men te pran l sou kote kay Obed-Édom an nan Gath. 14 Konsa, lach Bondye a te rete avèk fanmi a Obed-Édom lakay li pandan twa mwa. Epi SENYÈ a te beni fanmi Obed-Édom an avèk tout sa li te genyen.