Sòm nan rèy David la, dat yo pa sèten (continued)
Sòm David te ekri apre li te vin wa, men ni dat ni okazyon li te ekri yo pa sèten.
1015 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Yon chanson pou monte vè tanp lan
1 Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a.
Li te reponn mwen.
2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon,
de lang ki plen manti yo.
3 Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O lang mansonjè?
4 Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.
5 Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec,
Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!
6 Nanm mwen gen demè li avèk sila ki
rayi lapè yo pandan twòp tan.
7 Mwen vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.
Yon Sòm pou monte vè tanp lan
121:1 Mwen leve zye m vè mòn yo.
Se kibò sekou mwen va sòti?
2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,
ki te fè syèl la ak tè a.
3 Li p ap kite pye ou chape.
Sila ki kenbe Israël la p ap kabicha, ni dòmi.
4 Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.
5 SENYÈ a se gadyen ou.
SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.
6 Solèy p ap frape ou lajounen,
ni lalin pandan lannwit.
7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.
Li va kenbe nanm ou.
8 Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,
depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
122:1 Mwen te kontan lè yo te di mwen,
“Annou ale lakay SENYÈ a.”
2 Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!
3 Jérusalem, ki bati kon yon vil ki kole dyanm ansanm,
4 sou sila, tribi yo konn monte, menm tribi a SENYÈ yo,
yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.
5 Paske la, twòn yo te plase pou jijman,
twòn lakay David yo.
6 Priye pou lapè Jérusalem.
Sila ki renmen ou yo va pwospere.
7 Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan palè ou yo.
8 Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a,
“Ke lapè anndan ou”.
9 Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
1 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,
kite Israël di koulye a,
2 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,
lè lèzòm te leve kont nou yo,
3 Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan,
lè kòlè yo te limen kont nou an.
4 Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt.
Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.
5 Nan lè sa a, dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou.
6 Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou chire nan dan yo.
7 Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo
ki sòti nan pèlen a moun k ap fè lachas yo.
Pèlen an fin kase e nou chape.
8 Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te
fè syèl la ak tè a.
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans.
Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè,
ni nan sa ki twò wo pou mwen.
2 Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen.
Menm jan ke yon pitit poze sou manman l,
anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre.
3 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a
depi koulye a e jis rive pou tout tan.
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 Gade byen, a la bon e agreyab
pou frè yo viv ak tèt ansanm!
2 Se tankou lwil presye ki koule sou tèt,
vin desann jis sou bab, menm bab Aaron,
vin desann rive sou kote vètman li.
3 Se tankou lawouze Mòn Hermon
ki vin desann sou mòn Sion nan;
paske la, SENYÈ a te kòmande
benediksyon an——lavi jis pou tout tan.