Sòm nan rèy David la, dat yo pa sèten (continued)
Sòm David te ekri apre li te vin wa, men ni dat ni okazyon li te ekri yo pa sèten.
1015 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Yon Sòm David
1 Mwen va chante de lanmou dous avèk jistis.
A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.
2 Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la.
Kilè Ou va vini kote mwen?
Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.
3 Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m.
Mwen rayi zèv a sila ki chite yo.
Sa p ap tache men l sou mwen.
4 Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen.
Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.
5 Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,
li menm, mwen va detwi.
Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.
6 Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m.
Sila ki mache nan chemen san fot la, se li menm
ki va sèvitè mwen.
7 Sila ki pratike manti p ap rete lakay mwen.
Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.
8 Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo,
Pou m kab koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.
1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran.
Ou abiye avèk bèlte ak majeste.
2 Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto.
Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.
3 Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo.
Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li.
Li mache sou zèl van an.
4 Li fè van yo vin mesaje Li.
Flanm dife yo se minis Li.
5 Li te etabli tè a sou pwòp fondasyon li,
pou l pa varye pou tout tan ni pou tout tan.
6 Ou te kouvri li avèk fon an tankou yon vètman.
Dlo yo te kanpe anwo mòn yo.
7 Ak repwòch Ou, yo te sove ale.
Lè vwa Ou te sone, yo te kouri ale.
8 Mòn yo te leve, vale yo te vin fon
nan plas ke Ou te kòmande pou yo a.
9 Ou te plase yon limit pou dlo yo pa ta depase,
pou yo pa retounen kouvri tè a.
10 Li fè sous yo vin koule nan vale yo.
Yo koule antre mòn yo.
11 Yo bay dlo pou bwè a tout bèt chan yo.
Bourik mawon yo bwè pou satisfè swaf yo.
12 Akote yo, zwazo syèl yo va poze kay.
Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.
13 Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo.
Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.
14 Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi
pou zèv a lòm nan,
pou li kab fè manje sòti nan tè a,
15 e diven ki fè kè a lòm kontan an,
pou li kab fè figi li klere ak lwil,
ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.
16 Pyebwa a SENYÈ yo bwè dlo jiskaske yo plen,
pye sèd Liban ke Li te plante yo,
17 kote zwazo yo fè nich yo.
Sigòy ki fè kay li nan pye sipre yo.
18 Mòn wo yo se pou kabrit mawon yo.
Gwo falèz yo se yon kote pou daman yo kache.
19 Li te fè lalin nan pou sezon yo.
Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.
20 Ou te chwazi tenèb la e li te devni lannwit,
pou tout bèt forè yo mache toupatou.
21 Jenn lyon yo rele fò dèyè viktim yo,
e chache manje yo nan men Bondye.
22 Solèy la vin leve.
Yo retire yo pou ale kouche nan tanyè yo.
23 Lòm ale fè travay li.
Li fè fòs jis lannwit rive.
24 O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil!
Nan sajès, Ou te fè tout bagay.
Latè ranpli ak byen Ou yo.
25 Genyen lanmè, gran e vast.
Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm konte
gwo bèt, kòn ti bèt.
26 Genyen gwo bato k ap pase ladann, ak
levyatan ke Ou te fòme pou fè spò ladann nan.
27 Yo tout ap tann Ou pou bay yo manje nan lè yo.
28 Ou bay yo, e yo ranmase li.
Ou ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.
29 Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt.
Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
30 Ou voye Lespri Ou deyò; yo vin kreye.
Konsa, Ou renouvle fas tè a.
31 Kite glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan.
Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.
32 Li gade tè a e tè a vin tranble.
Li touche mòn yo e yo fè lafimen.
33 Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv.
Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.
34 Kite refleksyon mwen yo fè L plezi.
Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.
35 Kite pechè yo vin disparèt sou tè a,
E mechan yo vin pa la ankò.
Beni SENYÈ a, O nanm mwen.
Bay SENYÈ a lwanj!