Sòm nan rèy David la, dat yo pa sèten (continued)

Sòm David te ekri apre li te vin wa, men ni dat ni okazyon li te ekri yo pa sèten.

1015 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 39

Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David

1 Mwen te di, mwen va veye chemen mwen,

pou m pa fè peche ak lang mwen.

Mwen va veye bouch mwen,

konsi li gen yon brid ladann

toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.

2 Mwen te tankou bèbè e mwen te rete an silans.

Mwen te evite menm sa ki ta kab bon.

Konsa, tristès mwen te vin pi mal.

3 Kè m te cho anndan m.

Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile.

Konsa, mwen te pale ak lang mwen:

4 SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo.

Fè m konnen ke m fèb anpil.

5 Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole

tankou lajè a men m ki louvri.

Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.

Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.

6 Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.

Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.

Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.

7 Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan?

Espwa m se nan Ou.

8 Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo.

Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.

9 Mwen tounen tibebe.

Mwen pa ouvri bouch mwen,

akoz se Ou ki te fè sa.

10 Rete touman Ou sou mwen.

Kou men Ou venk mwen.

M ap peri.

11 Avèk repwòch, Ou fè chatiman

a yon nonm pou inikite li.

Ou manje tankou mit nan rad sa ki konsidere

pi chè pou li menm nan.

Anverite, tout moun se sèlman yon souf.

12 Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e

prete zòrèy Ou a kri mwen.

Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m.

Paske mwen se yon etranje devan Ou,

yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.

13 Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò,

avan ke m mouri pou m pa la ankò.”

Sòm Yo 86

Yon priyè a David

1 Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen.

Paske mwen aflije e malere.

2  Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl.

Ou menm, Bondye mwen an,

sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a.

3 Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske

se a Ou menm mwen kriye tout lajounen.

4 Fè nanm a sèvitè Ou a kontan,

paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen.

5 Paske Ou menm, Senyè a,

Ou plen bonte e Ou prèt pou padone,

ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila

ki rele sou non Ou yo.

6  Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen.

Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.

7 Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou,

paske Ou va reponn mwen.

8 Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè,

ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.

9  Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou

adore devan Ou, O Senyè,

e yo va bay non Ou glwa.

10 Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye.

Se Ou sèl ki Bondye.

11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.

Mwen va mache nan verite Ou.

Fè kè m dispoze pou krent non Ou.

12 Mwen va ba Ou remèsiman,

O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m.

Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.

13 Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran,

e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.

14 O Bondye, mesye awogan yo te leve kont mwen,

yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen.

Yo pa mete Ou devan yo.

15 Men Ou menm, O SENYÈ,

Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,

lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

16 Vire vè mwen e fè m gras.

O dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a,

e fè sekou a fis a sèvant Ou a.

17 Montre m yon sign bonte Ou,

pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont.

Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.

Sòm Yo 95

1 O vini, annou chante a SENYÈ a!

Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e

yon gran wa pi wo ke tout dye yo.

4 Nan men Sila pwofondè latè yo ye a.

Pwent mòn yo osi se pou Li.

5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l.

Ak men L, Li te fòme tè sèch la.

6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.

Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.

7 Paske se Li menm ki Bondye nou an.

Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.

Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,

8 pa fè kè nou vin di tankou nan Meriba,

tankou nan jou a Massa nan dezè yo,

9 “lè papa zansèt nou yo te pase M a leprèv.

Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo.

10 Pandan karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di:

“Yo se yon pèp ki egare nan kè yo.

Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”

11 Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen,

“Anverite, yo p ap antre nan repo Mwen an.”