Sòm nan rèy David la, dat yo pa sèten (continued)
Sòm David te ekri apre li te vin wa, men ni dat ni okazyon li te ekri yo pa sèten.
1015 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Yon sòm David
1 Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
2 Li te fonde li sou lanmè yo,
e te etabli li sou rivyè yo.
3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?
4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
6 Sa se jenerasyon a sila k ap chache Li yo,
k ap chache figi Ou—menm Jacob. Tan
7 Leve wo lento ou yo, o pòtay yo!
Leve wo, o pòt ansyen yo!
Pou Wa glwa a kapab antre!
8 Se kilès ki Wa a glwa a?
SENYÈ fò e pwisan an,
SENYÈ a pwisan nan batay la.
9 Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo!
Leve wo, O pòt ansyen yo!
Pou Wa glwa a kapab antre!
10 Se kilès ki Wa glwa a?
SENYÈ dèzame yo!
Se Li menm ki Wa glwa a. Tan.
Yon sòm David
1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele!
Wòch mwen an, pa vin soud devan m,
paske si Ou rete silan devan mwen,
mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.
2 Tande vwa a siplikasyon mwen yo
lè m kriye a Ou menm pou sekou,
lè m leve men m vè sanktyè sen Ou an.
3 Pa rale m sòti avèk mechan yo,
avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo,
pandan mechanste nan kè yo.
4 Rekonpanse yo selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo.
Rekonpanse yo selon zèv men yo.
Remèt yo tout rekonpans pa yo.
5 Akoz yo pa okipe zèv a SENYÈ yo,
ni travay men Li yo.
Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap fè yo remonte.
6 Beni se SENYÈ a,
akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.
7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.
Kè m mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou.
Pou sa, kè m leve wo nèt.
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
8 SENYÈ a se fòs yo.
Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.
9 Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a.
Devni bèje yo tou,
e bay yo soutyen jis pou tout tan.
Yon sòm David
29:1 Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,
bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.
2 Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.
Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen.
3 Vwa SENYÈ a sou dlo yo.
Bondye glwa a fè tonnè gwonde, eklate.
SENYÈ a sou anpil dlo.
4 Vwa SENYÈ a gen gwo fòs.
Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.
5 Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo.
Wi, SENYÈ a fann an mòso bwa sèd Liban yo.
6 Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e
Sirion tankou yon jèn bèf mawon.
7 Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife.
8 Vwa SENYÈ a souke savann nan.
Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.
9 Vwa SENYÈ a fè bich la fè pitit.
Li fè forè a vin toutouni.
Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!
10 SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an.
Wi, SENYÈ a chita kon Wa jis pou tout tan.
11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.
SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.
Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab
1 O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.
2 Paske flèch Ou yo fin antre fon anndan m,
epi men Ou fin peze m.
3 Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,
akoz endiyasyon Ou.
Nanpwen lasante nan zo m yo
akoz peche mwen.
4 Paske inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen.
Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.
5 Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz foli mwen.
6 Mwen fin koube nèt e bese anpil.
Mwen ap fè doulè tout lajounen.
7 Paske ren mwen plen ak brile.
Nanpwen anyen ansante nan chè m.
8 Mwen pa kab santi anyen ankò.
Mwen fin kraze nèt.
Vwa m plenyen akoz kè m ajite.
9 SENYÈ, tout volonte m devan Ou.
Tout plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.
10 Kè m bat fò, fòs mwen kite m.
Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.
11 Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo
kanpe nan distans akoz touman m.
Fanmi m yo kanpe byen lwen.
12 Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen.
Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon.
Y ap manniganse trayizon tout lajounen.
13 Men mwen menm, tankou yon moun mouri,
mwen pa tande;
Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.
14 Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande.
E nan bouch mwen, pa gen repons.
15 Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ.
Ou va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.
16 Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen.
Pou lè pye m chape, pou yo ta vante tèt yo kont mwen.”
17 Paske mwen prèt pou tonbe.
Tristès mwen devan m tout tan.
18 Konsa, mwen konfese inikite mwen.
Mwen ranpli avèk regrè akoz peche m.
19 Men lènmi m yo plen kouraj e fò.
Yo anpil ki rayi mwen san koz.
20 Sila ki remèt mal pou byen yo
se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.
21 Pa abandone m, O SENYÈ.
O Bondye m nan, pa rete lwen m!
22 Fè vit pou ede mwen,
O SENYÈ, delivrans mwen an!