Dezyèm asanble pèp la

1015 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Kwonik Yo 29:1–19

1 Epi Wa David te di a tout asanble a: “Fis mwen an, Salomon, ki sèl pou kont li Bondye te chwazi a, toujou jèn, san gwo eksperyans e travay la byen gwo. Paske tanp lan pa pou lòm, men pou SENYÈ a, Bondye a. 2 Alò, avèk tout kapasite mwen, mwen te fè pwovizyon pou lakay Bondye mwen a; lò, pou bagay fèt an lò yo, ajan pou bagay fèt an ajan yo, bwonz pou bagay fèt an bwonz yo, fè pou bagay fèt an fè yo, bwa pou bagay fèt an bwa yo, pyè oniks pou bagay fèt an pyè oniks yo, pyè byen prezante, pyè briyan avèk anpil koulè ak tout kalite pyè presye avèk mab blan an gran kantite. 3 Anplis, nan gran lajwa mwen pou lakay Bondye mwen an, trezò pèsonèl ke mwen gen an lò avèk ajan, mwen bay li a lakay Bondye mwen an; anplis de sou sa ke m te founi deja pou sen tanp lan, 4 kon swivan: twa mil talan lò nan lò Ophir ak sèt mil talan ajan rafine, pou kouvri mi kay yo; 5 lò pou bagay an lò e ajan pou bagay an ajan, sa vle di, pou tout lèv ki fèt pa mèt ouvriye yo. Pou sa, se kilès k ap konsakre li nan jou sa a SENYÈ a?”

6 Answit chèf lakay zansèt yo, chèf a tribi Israël yo e kòmandan a dè milye e a dè santèn yo, avèk sipèvizè sou travay a wa a, te bay ofrann avèk bòn volonte; 7 epi pou sèvis lakay Bondye a, yo te bay senk-mil talan avèk di-mil kilo an lò, di mil talan ajan, di-zui-mil talan bwonz ak san-mil-talan an fè. 8 Nenpòt moun ki te posede pyè presye, yo te bay yo a trezò lakay SENYÈ a, sou jerans a Jehiel, Gèshonit lan. 9 Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.

10 Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan. 11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs. 13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a. 14 Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W. 15 Paske nou se vwayajè devan Ou, lokatè, tankou tout zansèt nou yo te ye. Jou nou sou latè a se tankou lonbraj e nanpwen espwa. 16 O SENYÈ a, Bondye pa nou an, tout abondans sa ke nou te founi pou bati yon kay pou non sen pa Ou, soti nan men Ou, e tout se pou Ou. 17 Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm. 18 O SENYÈ, Bondye a Abraham nan, Isaac avèk Israël, papa zansèt pa nou yo, sere sa jis pou tout tan nan entansyon kè a pèp Ou a, e dirije kè yo vè Ou menm. 19 Anplis, bay a fis mwen an, Salomon, yon kè entèg pou kenbe tout kòmandman Ou yo, temwayaj Ou yo ak règleman Ou yo, pou fè tout sa, pou bati tanp lan, pou sila mwen te fè pwovizyon an.”

Sòm Yo 72

Yon Sòm a Salomon

1 Bay a wa a sajès lajistis Ou, O Bondye,

ak ladwati Ou a fis a wa a.

2 Li va jije pèp Ou a avèk ladwati,

e aflije Ou yo, avèk jistis.

3 Mòn yo va pote lapè a pèp la,

e kolin yo, fwi ladwati a.

4 Li va jije malere a pèp la.

Li va fè sekou pou pitit a malere yo,

e kraze opresè a an mòso.

5 Yo va krent Ou pou tout tan ke solèy la klere

ak tout tan ke genyen lalin, pandan tout jenerasyon yo.

6 Li va desann tankou lapli sou chan zèb fenk koupe yo,

tankou farinaj ki wouze tè a.

7 Nan jou li yo, moun ladwati yo va fleri,

avèk lapè an abondans jiskaske lalin nan pa wè ankò.

8 Anplis, l ap renye jiskaske yon lanmè rive nan yon lòt lanmè a,

e soti nan Rivyè a jis rive nan dènye pwent tè a.

9 Pèp ki abite nan dezè a va bese devan l,

e lènmi li yo va niche pousyè a.

10 Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado.

Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.

11 Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout nasyon yo sèvi li.

12 Paske li va delivre malere a lè l kriye sekou;

aflije a tou, lè l san soutyen an.

13 Li va gen mizerikòd sou malere a avèk endijan an.

Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.

14 Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans,

e san yo va chè nan zye Li.

15 Konsa, li va viv, e lò a Séba va bay a li menm.

Moun va priye pou li san rete.

Yo va beni li tout lajounen.

16 Va genyen anpil sereyal sou tout kolin peyi a,

fwi li yo k ap vannen nan van tankou pye sèd a Liban yo.

Sa ki nan vil yo va fleri tankou vèdi latè.

17 Non li va dire jis pou tout tan.

Non li va la toutotan solèy la ap briye a.

Tout lèzòm va beni pa li.

Tout nasyon yo va rele li beni.

18 Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la!

Li sèl ki fè mèvèy!

19 Beni se non laglwa Li jis pou tout tan!

Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li!

Amen e amen.

20 Priyè a David yo, fis a Jesse a fini.

I Kwonik Yo 29:20–25

20 Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.”

Epi tout asanble a te beni SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, e te bese ba devan SENYÈ a e ak wa a. 21 Yo te fè sakrifis a SENYÈ a, e nan pwochen jou a te ofri ofrann brile a SENYÈ a; mil towo, mil belye ak mil jenn mouton avèk ofrann bwason pa yo ak sakrifis an gran kantite pou tout Israël. 22 Yo te manje ak bwè nan jou sa a devan SENYÈ a avèk kè kontan. Konsa, yo te fè Salomon, fis a David la, wa pou yon dezyèm fwa, e yo te onksyone li devan SENYÈ a pou l ta prens, ak Tsadok kon prèt la.

23 Apre, Salomon te chita sou twòn SENYÈ a kon wa olye David, papa li. Li te byen reyisi, e tout Israël te obeyi a li menm. 24 Tout ofisye yo, mesye pwisan yo e anplis, tout fis a Wa David yo, te sèmante fidelite a Wa Salomon. 25 SENYÈ a te egzalte Salomon byen wo nan zye a tout Israël, e te bay li yon majeste wayal ki pa t sou okenn wa avan li an Israël.