Enstriksyon David bay Salomon

1015 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Wa Yo 2:1–9

1 Lè tan pou David mouri an t ap pwoche, li te bay lòd a Salomon. Li te di: 2 “Mwen prale nan chemen a tout tè a. Pou sa, rete dyanm e montre ke se gason ou ye. 3 Kenbe lòd SENYÈ a, Bondye ou a, pou mache nan tout vwa li yo, pou kenbe règleman Li yo, kòmandman Li yo, òdonans Li yo, avèk temwayaj Li yo, selon sa ki ekri nan Lalwa Moïse la, pou ou kapab vin genyen nan tout sa ke ou antreprann ak nenpòt kote ke ou vire. 4 Pou SENYÈ a kapab akonpli pawòl ke li te pale konsènan mwen menm nan, lè l te di: ‘Si fis ou yo fè atansyon nan chemen pa yo, pou mache devan M nan verite avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo, ou p ap janm manke yon nonm pa ou sou twòn Israël la.’

5 “Alò, ou konnen tou, sa ke Joab, fis a Tseruja a te fè m, sa ke li te fè a dè chèf lame Israël yo, a Abner, fis a Ner a ak Amasa, fis a Jéther a, ke li te touye. Anplis li te vèse san lagè nan tan lapè. Epi li te mete san lagè nan sentiwon senti li ak sou sandal nan pye li. 6 Pou sa, aji konsa, selon sajès ou e pa kite cheve blanch li desann nan sejou lanmò yo anpè. 7 Men montre ladousè a fis a Barzillaï yo, Galaadit la, e kite yo pami sila ki manje sou tab ou yo, paske yo te ede mwen lè m te sove ale kite Absalom, frè ou a.

8 “Veye byen, genyen avè wSchimeï, fis a Guéra a, Benjamit a Bachurim nan. Se te li menm ki te fè madichon sou mwen nan jou ke m te ale Mahanaïm nan. Men lè li te desann bò kote m nan Jourdain an, mwen te sèmante a li menm pa SENYÈ a. Mwen te di: ‘Mwen p ap mete ou a lanmò avèk nepe.’ 9 Konsa, pou sa, pa kite li sòti san pini. Paske ou se yon nonm saj. Ou va konnen sa ke ou ta dwe fè a li menm, epi ou va fè tèt cheve blanch li an desann nan sejou lanmò nan san.”

Dènye pawòl David yo

II Samuel 23:1–7

1 Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo.

David, fis a Jesse a deklare,

Mesye ki te leve anwo a deklare,

Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la,

Chantè dous Israël la,

2 Nan mwen, Lespri SENYÈ a te pale,

Pawòl pa Li te sou lang mwen.

3 Bondye a Israël la te di,

Wòch Israël la te pale mwen,

Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a,

ki renye avèk lakrent Bondye yo,

4 Se tankou limyè maten lè solèy la leve,

Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf

Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.

5 Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye?

Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m,

An lòd nan tout bagay e byen solid.

Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen,

èske, anverite, Li p ap fè l grandi?

6 Men sanzave yo, yo chak va pouse

jete deyò tankou raje pikan.

Konsa, pèsòn p ap kab pran yo an men.

7 Men nonm nan ki touche yo,

dwe ame avèk fè ak shaf lans.

Kèlkeswa, yo va vin brile nèt avèk dife,

nan plas kote yo ye a.

Lanmò David

I Kwonik Yo 29:26–30

26 Alò David, fis a Jesse a te renye sou tout Israël. 27 Fòs tan ke li te renye sou Israël la se te karantan; li te renye Hébron pandan setan e Jérusalem pandan trann-twazan. 28 Epi li te mouri a yon gwo laj, trè avanse plen avèk jou, richès, avèk onè. Epi fis li a, Salomon te renye nan plas li. 29 Alò, zèv a Wa David yo, premye a jis rive nan dènye a, yo ekri nan Kwonik a Samuel yo, konseye a, nan Kwonik a Nathan yo, pwofèt la ak nan Kwonik a Gad yo, vwayan an, 30 avèk tout règn li, pouvwa li ak sikonstans ki te rive sou li yo, sou Israël ak sou tout wayòm a peyi yo.

I Wa Yo 2:10–11

10 Konsa, David te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere nan lavil David la. 11 Jou ke David te renye sou Israël yo te karant ane. Sèt ane, li te renye Hébron e trann-twa ane, li te renye Jérusalem.