Peryòd 5: Rèy Salomon an
Pati 1: Rèy Salomon an anvan konsekrasyon tanp lan
Ofrann Salomon nan Gabaon ak jijman li
Ofrann Salomon nan Gabaon. Jijman Salomon an. Lanmò Adonija. Hadad retounen.
1015 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
12 Epi Salomon te chita sou twòn David la, papa li e wayòm li an te etabli byen solid.
1 Alò Salomon, fis a David la te etabli li menm byen solid sou wayòm li an. SENYÈ a, Bondye li a, te avèk li e Li te egzalte li anpil.
3 Alò, Salomon te renmen SENYÈ a. Li te mache nan tout règleman papa li yo, David, sof ke li te fè sakrifis e li te brile lansan nan wo plas yo.
2 Salomon te pale a tout Israël, a kòmandan a dè milye yo e dè santèn yo, a jij yo e tout moun nan sila ki t ap dirije nan tout Israël yo, chèf lakay zansèt pa yo. 3 Konsa, Salomon avèk tout asanble a avèk li menm te monte nan wo plas ki te Gabaon an; paske tant asanble a Bondye ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te fè nan dezè a, te la. 4 Sepandan, David te gen tan mennen fè monte lach Bondye a soti Kirjath-Jearim nan plas li te prepare pou li. Paske li te fè monte yon tant pou li Jérusalem. 5 Alò, lotèl an bwonz ke Betsaleel, fis a Uri a, te fè a te la devan tabènak SENYÈ a, e Salomon avèk asanble a te chache jwenn li. 6 Salomon te monte la devan SENYÈ a kote lotèl an bwonz nan tant asanble a, e li te ofri yon mil ofrann brile sou li.
5 Nan Gabaon, SENYÈ a te parèt a Salomon nan yon rèv pandan lannwit. Bondye te di: “Mande sa ou pito e m ap ba ou li.”
6 Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a. 7 Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti. 8 Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte. 9 Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”
10 Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a. 11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis, 12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou. 13 Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo. 14 Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”
15 Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo.
16 Alò, de fanm ki te pwostitiye te parèt kote wa a, e yo te kanpe devan l. 17 Youn nan fanm yo te di: “O mèt mwen, fanm sila avèk mwen menm rete nan menm kay. Mwen te fè yon pitit pandan li te nan kay la. 18 Li te vin rive nan twazyèm jou ke m te fin akouche a, ke fanm sila a te fè yon pitit tou. Se te nou de sèl ansanm ke nou te ye. 19 Pitit a fanm sa a te mouri nan lannwit akoz li te kouche sou li. 20 Konsa, li te leve nan mitan nwit lan, e li te pran pitit gason mwen an soti kote mwen, pandan sèvant ou an t ap dòmi. Li te mete li sou sen li e li te mete pitit mouri an sou sen mwen. 21 Lè m te leve nan maten pou fè pitit la pran tete, men vwala, li te mouri. Men lè m te gade li byen nan maten, gade byen, se pa pitit mwen an ke m fenk fin akouche a li te ye.”
22 Alò, lòt fanm nan te di: “Non! Paske sila ki vivan an se fis mwen e sila ki mouri an se pitit pa w la.” Men premye fanm nan te di: “Non! Paske sila ki mouri an se fis pa w la e vivan an se pitit pa m nan.” Konsa, yo te pale devan wa a.
23 Konsa, wa a te di: “Youn di: ‘Sa se fis mwen k ap viv la e pitit pa w la se sila ki mouri an;’ epi lòt la di: ‘Non! Paske fis pa w la se sila ki mouri an e se pitit mwen an ki viv la.’”
24 Wa a te di: “Chache pou mwen yon nepe.” Epi yo te pote yon nepe devan wa a.
25 Wa a te di: “Divize pitit vivan an an de mòso; bay mwatye a youn e mwatye a lòt la.”
26 Alò fanm avèk pitit vivan an te pale ak wa a, paske li te boulvèse jis rive nan fon kè l sou fis li a e te di: “O mèt mwen, ba li pitit la e sitou, pa touye li.”
Men lòt la te di: “Li p ap pou ou, ni pou mwen; divize l!”
27 Alò, wa a te di: “Bay pitit vivan an a premye fanm nan e pa okenn mwayen, pa touye li. Se li ki manman l.”
28 Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.
13 Konsa, Salomon te sòti nan kote wo ki te Gabaon an, li te soti nan tant asanble a, pou rive Jérusalem; e li te renye sou tout Israël.
13 Alò Adonija, fis a Haggith la, te vini a Bath-Schéba, manman a Salomon. Bath-Schéba te mande: “Èske ou vini anpè?”
Adonija te di, “Anpè.” 14 Epi li te di: “Mwen gen yon bagay pou mande ou.”
Bath-Schéba te di: “Pale.”
15 Konsa li te di: “Ou konnen ke wayòm nan te pou mwen e ke tout Israël te sipoze ke se mwen ki t ap wa. Sepandan, wayòm nan te chavire e li te vin devni pou frè m, paske depi nan SENYÈ a, se te pou li. 16 Alò, se yon sèl bagay ke m ta mande a ou menm; pa refize mwen.”
Epi li te di li: “Pale.”
17 Alò, li te di: “Souple, pale avèk Salomon, wa a, paske li p ap refize ou, pou li kapab ban mwen Abischag, Sinamit lan, kòm madanm.”
18 Bath-Schéba te di li: “Trè byen; mwen va pale avèk wa a pou ou.”
19 Konsa, Bath-Schéba te ale kote Wa Salomon pou pale avèk li pou Adonija. Epi wa a te leve pou rankontre li. Li te bese devan l, e te chita sou twòn li an. Li te fè yo ranje yon twòn pou manman a wa a, e li te chita bò kote men dwat li. 20 Alò, li te di: “Mwen ap fè yon sèl ti demann a ou menm; pa refize mwen.”
Epi wa a te di a li: “Mande manman m, paske mwen p ap refize ou.”
21 Konsa, li te di: “Kite Abischag Sinamit lan, vin bay a Adonija, frè ou a, kòm madanm.”
22 Wa Salomon te reponn li, e te di a manman li: “Epi poukisa w ap mande Abischag, Sinamit lan pou Adonija? Mande wayòm nan pou li tou—paske li se pi gran frè m— menm pou li, pou Abiathar, prèt la ak pou Joab, fis a Tseruja a!” 23 Salomon te sèmante pa SENYÈ a e te di: “Ke Bondye kapab fè m sa e menm plis, si Adonija pa gen tan pale pawòl sa a kont pwòp vi pa li. 24 Koulye a, pou sa, jan SENYÈ a viv la, ki te etabli mwen, e ki te fè m chita sou twòn a David, papa m nan, ki te fè pou mwen yon kay, jan Li te pwomèt mwen an, anverite Adonija ap mete a lanmò jodi a.”
25 Konsa, Salomon te voye Benaja, fis a Jehojada a kote li. Li te tonbe sou li e li te mouri. 26 Epi a Abiathar, prèt la, wa a te di: “Ale nan Anathoth, pwòp chan pa ou a. Paske ou merite mouri, men mwen p ap mete ou a lanmò nan moman sa a, pwiske ou te pote lach la devan papa m, David, epi akoz ou te aflije avèk tout sa ke papa m te aflije yo.” 27 Konsa, Salomon te revoke Abiathar kòm prèt SENYÈ a, pou akonpli pawòl SENYÈ a te pale konsènan lakay Éli nan Silo.
28 Alò, nouvèl la te vini a Joab, paske Joab te swiv Adonija, malgre li pa t swiv Absalom. Konsa, Joab te sove rive nan tant SENYÈ a e li te sezi kòn lotèl yo. 29 Li te pale a Wa Salomon ke Joab te sove ale nan tant SENYÈ a; epi men vwala, li akote lotèl la. Alò, Salomon te voye Benaja, fis a Jehojada a. Li te di: “Ale, tonbe sou li.”
30 Konsa, Benaja te rive nan tant SENYÈ a. Li te di li: “Konsa wa a te di: ‘Sòti deyò.’”
Men li te di: “Non, paske mwen va mouri isit la.”
Benaja te pote bay wa a yon pawòl ankò, e li te di: “Konsa Joab te pale e konsa li te reponn mwen.”
31 Wa a te di li: “Fè sa ke li te pale a. Tonbe sou li, e antere li, pou ou kapab fè sòti sou mwen ak sou lakay papa m san ke Joab te vèse san koz la. 32 SENYÈ a va fè san li retounen sou pwòp tèt li, akoz li te tonbe sou de mesye ki te pi dwat e pi bon ke li menm yo. Li te touye yo avèk nepe, pandan papa m, David pa t konnen: Abner, fis a Ner a, chèf lame Israël la ak Amasa, fis a Jéther a, chèf lame a Juda. 33 Konsa, san yo va retounen sou tèt Joab avèk tèt desandan li yo pou tout tan. Men a David avèk desandan li yo, lakay li ak twòn li an, pou kapab gen lapè soti nan SENYÈ a pou tout tan.”
34 Epi Benaja, fis a Jehojada a te monte tonbe sou Joab pou te mete li a lanmò. Li te antere bò lakay li a nan dezè a. 35 Wa a te chwazi Benaja, fis a Jehojada a sou lame a nan plas li e wa a te chwazi Tsadok kòm prèt nan plas Abiathar.
36 Alò wa a te voye chache Schimeï e te di li: “Bati pou ou menm yon kay Jérusalem, e rete la. Pa deplase sòti la pou ale nan okenn lòt plas. 37 Paske nan jou ke ou sòti travèse dlo Cédron an, ou mèt konnen byensi ke anverite, ou va mouri. San ou va sou pwòp tèt pa ou.”
38 Alò, Schimeï te di a wa a: “Pawòl la bon. Jan mèt mwen an, wa a te pale a, se konsa sèvitè ou va fè.” Konsa, Schimeï te viv Jérusalem pandan anpil jou.
21 Men lè Hadad te tande an Égypte ke David te dòmi avèk zansèt li yo, e ke Joab, chèf lame a te mouri, Hadad te di a Farawon: “Voye mwen ale, pou m kab rive nan pwòp peyi pa mwen.”
22 Alò, Farawon te di li: “Men kisa ou te manke avè m, ke konsa, w ap chache ale nan pwòp peyi pa ou?”
Li te reponn li: “Anyen: men anverite, fòk ou kite mwen ale.”
4 Wa a te konn ale Gabaon pou fè sakrifis la, paske se la ke wo plas prensipal la te ye. Salomon te ofri mil ofrann brile sou lotèl sila a.
7 Nan lannwit, Bondye te parèt a Salomon. Li te di l: “Mande M sa pou M ta ba ou.”
8 Salomon te reponn a Bondye: “Ou te aji avèk papa m David avèk anpil lanmou dous, e Ou te fè m wa nan plas li. 9 Koulye a, O SENYÈ Bondye, Sa Ou te pwomèt a papa m nan, David, akonpli. Paske Ou te fè m wa sou yon pèp ki gran an kantite tankou pousyè latè. 10 Koulye a, ban mwen sajès avèk konesans, pou m kab antre sòti devan pèp sa a, paske se kilès ki kab gouvène gran pèp Ou sa a?”
11 Bondye te di a Salomon: “Akoz ou te gen sa nan tèt ou e ou pa t mande richès, ni byen, ni lonè, ni lavi a sila ki rayi ou yo, ni ou pa t menm mande pou yon vi long, men ou te mande pou kont ou sajès pou ou ta kab gouvène pèp Mwen an, sou sila Mwen te fè ou wa a, 12 sajès avèk konesans gen tan bay a ou menm. Epi Mwen va ba ou richès avèk byen, avèk lonè, tankou okenn nan wa avan ou yo pa t janmen genyen, ni sila ki va swiv ou yo.”