Salomon prepare pou bati tanp lan

Preparasyon pou bati tanp lan. Lanmò Schimeï. Maryaj Salomon.

1015 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Wa Yo 4:1–25

1 Alò, Wa Salomon te wa sou tout Israël. 2 Sila yo se te ofisye pa li yo: Azaria, fis a Tsadok a, prèt la; 3 Élihoreph avèk Achija, fis a Schischa yo te sekretè; Josaphat, fis a Achilud la, grefye; 4 epi Benaja, fis a Jehojada a te sou lame a; epi Tsadok avèk Abiathar te prèt; 5 Azaria, fis a Nathan an te sou depite yo; epi Zabud, fis a Nathan an, yon prèt, te zanmi a wa a; 6 epi Achischar te sou tout afè kay la; epi Adoniram, fis a Abda a te sou mesye travo fòse yo.

7 Salomon te gen douz depite sou tout Israël, ki te fè pwovizyon pou wa a avèk lakay li. Chak mesye yo te oblije bay pwovizyon yo pou yon mwa chak ane. 8 Sila yo se non pa yo: Ben-Hur, nan peyi ti kolin Éphraïm yo. 9 Ben-Déker nan Makats, Saalbim avèk Beth-Schémesch ak Élon avèk Beth-Hannan. 10 Ben-Hésed nan Arubboth (Soco te pou li avèk tout tèritwa Hépher); 11 Ben-Abinadab nan wotè kote Dor a (Thaphath, fi a Salomon an te madanm li). 12 Baana, fis a Achilud la, nan Thaanac avèk Meguiddo, avèk tout Beth-Schean ki akote Tsarthan anba Jizreel, soti Beth-Schean rive Abel-Mehola, jis rive lòtbò Jokmean. 13 Ben-Guéber nan Ramoth-Galaad (vil a Jaïr yo, fis a Manassé, ki Galaad la te pou li: nan zòn Argob, ki Basan an, swasant gran vil avèk mi yo fè an bwonz te pou li); 14 Achinadab, fis a Iddo a nan Mahanaïm; 15 Achimaats, nan Nephtali. (Li osi te marye avèk Basmath, fi a Salomon an); 16 Banna, fis a Huschaï a nan Aser avèk Bealoth; 17 Josaphat, fis a Parauch la nan Issacar; 18 Schimeï, fis a Éla a, nan Benjamin; 19 Guéber, fis a Uri a, nan peyi Galaad la, nan ansyen peyi a Sihon, wa Amoreyen yo ak Og, wa Basan an; epi li te sèl depite nan tout zòn sila a.

20 Juda avèk Israël te anpil tankou sab arebò lanmè an kantite; yo t ap manje, bwè, e rejwi. 21 Alò, Salomon te renye sou tout wayòm yo soti Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo ak nan lizyè a Égypte yo. Yo te mennen pèyman obligatwa e yo te sèvi Salomon tout jou lavi li yo. 22 Pwovizyon pou Salomon pou yon sèl jou se te trant barik farin fen ak swasant barik farin, 23 dis bèf gra, ven bèf chan, san mouton anplis ke sèf, gazèl, chèvrèt mal ak tout kalite zwazo domestik gra. 24 Paske li te byen domine sou tout sila ki te vè lwès Larivyè a, soti nan Thiphsach, jis rive nan Gaza, sou tout wa yo vè lwès Larivyè a. Epi li te gen lapè sou tout akote ki antoure li yo. 25 Konsa, Juda avèk Israël te viv ansekirite, chak moun anba chan rezen pa yo avèk pye fig etranje pa yo, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, pandan tout jou a Salomon yo.

II Kwonik Yo 2:1–2

1 Alò, Salomon te deside bati yon kay pou non SENYÈ a ak yon palè wayal pou pwòp tèt li. 2 Pou sa, Salomon te chwazi swasann-di-mil mesye pou pote chaj, katreven-mil mesye pou taye wòch nan mòn yo, e twa-mil-sis-san pou sipèvize.

I Wa Yo 5:1–12

1 Alò, Hiram, wa Tyr la, te voye sèvitè li yo kote Salomon lè li te tande ke yo te onksyone li wa nan plas a papa li, paske Hiram te konn toujou zanmi David. 2 Epi Salomon te voye kote Hiram pou di: 3 “Ou konnen ke David, papa m, pa t kapab bati yon kay pou non a SENYÈ a, akoz gè ki te antoure li yo, jiskaske SENYÈ a te mete yo anba pla pye li. 4 Men koulye a, SENYÈ a te ban m repo tout kote. Nanpwen advèsè ni malè. 5 Gade byen, “Mwen gen entansyon bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye mwen an, jan SENYÈ a te pale a David la, papa m nan, kon Li te di: ‘Fis ou a, ke mwen va mete sou twòn pa w la, nan plas ou a, li va bati kay la pou non Mwen.’ 6 Alò, pou sa, bay lòd pou yo koupe pou mwen sèd Liban e sèvitè mwen yo va la avèk sèvitè pa ou yo, epi mwen va ba ou salè pou sèvitè ou yo selon tout sa ke ou di. Paske ou konnen ke nanpwen pami nou ki konprann kijan pou koupe bwa tankou Sidonyen yo.”

7 Lè Hiram te tande pawòl a Salomon yo, li te rejwi anpil. Li te di: “Beni se SENYÈ a nan jou sila a, ki te bay a David yon fis ki saj sou gran pèp sa a.” 8 Konsa, Hiram te voye kote Salomon e te di: “Mwen te tande sa ke ou voye di mwen an. Mwen va fè sa ke ou vle de bwa sèd avèk pichpen an. 9 Sèvitè mwen yo va mennen yo desann soti Liban rive kote lanmè a. Mwen va mare yo ansanm pou fè yo rive pa lanmè nan plas kote ou dirije m nan. Nou va kase yo la pou moun ou yo kab pote yo ale. Alò, ou va akonpli volonte m e ou bay manje a tout lakay mwen.”

10 Konsa, Hiram te bay Salomon tout sa li te vle nan bwa sèd avèk pichpen yo. 11 Salomon te bay Hiram ven-mil barik nan ble a kòm manje pou lakay li ak ven barik nan lwil bat la. Konsa Salomon te bay Hiram ane pa ane. 12 SENYÈ a te ba li sajès, jis jan ke Li te pwomèt li a. Epi te gen lapè antre Hiram avèk Salomon e yo de a te fè yon akò.

II Kwonik Yo 2:3–16

3  Salomon te voye kote Huram, wa Tyr la. Li te di: “Jan ou te aji avèk David la, papa m nan, Ou te voye ba li bwa sèd pou bati yon kay pou li ta rete ladann. Konsa, fè sa pou mwen. 4 Gade byen, mwen prè pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye a, pou l dedye a Li menm, pou brile lansan santi bon devan L, pou plase pen konsakre tout tan e pou ofri ofrann brile ni nan maten, ni nan aswè, nan Saba avèk nouvèl lin ak nan fèt etabli a SENYÈ a, Bondye nou an, sila kòm egzije jis pou tout tan an Israël.

5 “Kay ke m prè pou bati a va tèlman gran; paske pi gran se Bondye pa nou an, ke tout lòt dye yo. 6 Men se kilès ki kab bati yon kay pou Li, paske syèl yo avèk pi wo syèl yo pa kab kenbe Li? Pou sa, se kilès mwen ye, pou mwen ta dwe bati yon kay pou Li, sof ke pou brile lansan devan L.

7 “Alò, voye ban mwen yon nonm abil pou travay an lò, ajan, bwonz, fè ak an twal mov, kramwazi, avèk vyolèt e yon nonm ki konn grave, pou travay avèk mesye kapab ke m genyen Juda avèk Jérusalem, ke papa m, David te chwazi yo.

8 “Anplis, voye ban mwen bwa sèd, bwa sipre, avèk bwa sandal; twòn yo k ap sòti nan Liban, paske mwen konnen ke sèvitè ou yo konnen jan pou yo koupe bwa Liban yo. Epi anverite, sèvitè mwen yo va travay avèk sèvitè pa w yo, 9 pou prepare bwa konstriksyon pou mwen an gran kantite. Pwiske kay ke mwen prè pou bati a va yon gran mèvèy. 10 Alò, gade byen, mwen va bay a sèvitè ou yo, mesye forè ki koupe bwa konstriksyon yo, ven-mil barik ble kraze ven-mil barik lòj, ven-mil galon diven avèk ven-mil galon lwil.”

11 Huram, wa Tyr la, te reponn nan yon lèt voye bay Salomon: “Akoz SENYÈ a renmen pèp Li a, Li te fè ou wa sou yo.” 12 Konsa, Huram te kontinye: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te fè syèl la avèk tè a, ki te bay Wa David yon fis ki saj, plen avèk pridans, avèk bon konprann, ki va bati yon kay pou SENYÈ a, avèk yon palè wayal pou li menm.

13 “Alò, mwen ap voye Huramabi, yon nonm abil avèk anpil bon konprann, 14 fis a yon fanm a Dan avèk yon papa a Tyriens, ki konnen jan pou travay an lò, ajan, bwonz, fè, wòch ak bwa; anplis, avèk twal mov, vyolèt, materyo wouj, pou fè tout kalite bagay grave yo, pou swiv nenpòt plan ke li resevwa, pou travay avèk mesye a kapasite pa w yo, avèk sila a mèt mwen, ak papa ou, David.

15 “Alò, pou sa, kite mèt mwen an voye kote sèvitè li yo ble avèk lòj, lwil ak diven sou sa li te pale yo. 16 Nou va koupe nenpòt bwa konstriksyon ke ou bezwen soti nan Liban pou pote ba ou ranje mare ansanm sou lanmè pou rive Japho, pou ou kab pote l monte Jérusalem.”

I Wa Yo 5:13–18

13 Alò, Wa Salomon te fè kòve obligatwa soti nan tout Israël la. Kòve fòse yo te konte trant-mil moun. 14 Li te voye yo nan Liban, di-mil moun pa mwa, yon ekip apre lòt ak de mwa lakay. Adoniram te chèf sou ouvriye kòve yo. 15 Alò, Salomon te gen swasann-di-mil transpòtè ak katre-ven-mil ki t ap taye wòch nan mòn yo. 16 Anplis, Salomon te gen twa-mil-twa-san depite an chèf ki te sou pwojè a. Yo te chèf dirijan sou moun ki t ap fè travay yo. 17 Alò, wa a te pase lòd pou yo te tayegwo wòch yo, wòch chè pou poze fondasyon kay la ak wòch taye. 18 Konsa, moun Salomon ki t ap bati yo, moun Hiram ki t ap bati yo, epi Gibliyen yo t ap koupe yo e prepare bwa yo ansanm ak wòch yo pou bati kay la.

II Kwonik Yo 2:17–18

17 Salomon te fè kontwòl a tout etranje ki te nan peyi Israël yo, pou swiv gran kontwòl ke papa li, David te fè a; epi yo te jwenn san-senkant-twa-mil-sis-san moun. 18 Li te chwazi swasann-di-mil nan yo pou pote chaj yo, katreven mil nan yo pou taye wòch nan mòn yo e twa-mil-sis-san sipèvizè pou fè moun yo travay.

Lanmò Schimeï 1011 anvan Christ

I Wa Yo 2:39–46

39 Men li te vin rive nan fen twazan yo, ke de sèvitè a Schimeï yo te chape rive jwenn Akisch, fis a Maaca a, wa Gath la. Epi yo te di Schimeï “Gade byen, sèvitè ou yo se nan Gath”.

40 Epi Schimeï te leve sele bourik li e li te ale Gath kote Akisch pou chache jwenn sèvitè li yo. Epi Schimeï te ale mennen sèvitè li yo retounen soti Gath. 41 Sa te pale a Salomon ke Schimeï te kite Jérusalem pou ale Gath e li te retounen.

42 Pou sa, wa a te voye rele Schimeï e te di li: “Èske mwen pa t fè ou sèmante pa SENYÈ a, e avèti ou solanèlman pou di ou ke: ‘Ou va konnen byensi nan jou ke ou sòti, ale nenpòt kote ke ou va, anverite, mouri’? Epi ou te di mwen: ‘Pawòl ke mwen tande a bon.’ 43 Poukisa konsa ou pa t swiv sèman bay SENYÈ a ak lòd ke m te mete sou ou a?” 44 Wa a te osi di a Schimeï: “Ou konnen tout mal ke ou rekonèt nan kè ou, ke ou te fè a papa m, David. Akoz sa, SENYÈ a va remèt mal sa a sou pwòp tèt pa ou. 45 Men Wa Salomon va beni e twòn David la va vin etabli devan SENYÈ a pou tout tan.” 46 Epi wa a te kòmande Benaja, fis a Jehojada a. Li te sòti deyò e li te tonbe sou li e li te mouri. Se konsa wayòm nan te etabli nan men a Salomon.

Maryaj Salomon

I Wa Yo 3:1–2

1 Apre, Salomon te fè yon alyans maryaj avèk Égypte, li te pran fi Farawon an e li te mennen li nan vil David la jiskaske li te fin bati pwòp kay li, lakay SENYÈ a, ak mi ki te antoure Jérusalem nan. 2 Menpèp la te toujou ap fè sakrifis sou wo plas yo, akoz pa t gen kay la pou non SENYÈ a jis rive nan jou sa yo.