Pati 2: Konstriksyon tanp lan
1011 rive 1005 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an.
1 Alò, li te vin rive nan kat-san-katreven ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan katriyèm ane règn Salomon sou Israël la, nan mwa Ziv la, sa se dezyèm mwa a, ke li te kòmanse bati lakay SENYÈ a.
2 Li te kòmanse bati nan dezyèm jou, nan dezyèm mwa nan katriyèm ane règn pa li a. 3 Alò, sila yo se fondasyon ke Salomon te poze pou konstriksyon kay Bondye a. Longè a an koude, selon mezi ansyen an te swasant koude e lajè a te ven koude. 4 Galri ki te devan kay la te menm longè avèk lajè kay la, ven koude e wotè a san-ven. Pa anndan li te kouvri kay la avèk yon kouch lò pi. 5 Li te kouvri gran chanm nan avèk bwa sipre. Li te fè kouvri li ak lò fen e te dekore li avèk pye palmis avèk chenn. 6 Anplis, li te dekore kay la avèk pyè presye. Lò a te lò sòti Parvaïm. 7 Anplis, li te kouvri kay la avèk yon kouch lò—travès yo, chanbrann yo, mi li yo, avèk pòtay li yo, epi li te grave cheriben yo sou mi yo.
8 Alò, li te fè chanm ki pi sen pase tout lòt yo. Longè li ki te travèse lajè kay la, te ven koude, e lajè li te ven koude. Li te kouvri li avèk lò fen, ki te rive jis nan sis-san talan lò. 9 Pwa a klou yo te senkant sik an lò. Anplis, li te kouvri chanm anlè yo avèk lò.
4 Osi pou kay la li te fè fenèt avèk ankadreman atizan yo. 5 Kont mi kay la, li te bati etaj won ki te antoure mi kay la nèt, ni pa devan, avèk sanktyè enteryè a; konsa, li te fè chanm yo toupatou. 6 Etaj pi ba a te senk koude nan lajè, mitan an te sis koude nan lajè e twazyèm nan te sèt koude nan lajè. Paske pa deyò, li te fè retrè pou travès yo pa fonse antre nan miray kay la. 7 Kay la, pandan li t ap bati, te bati avèk wòch ki te taye kote yo te fè min wòch. Pa t gen mato, ni rach, ni okenn zouti an fè ki te konn tande nan kay la pandan li t ap bati. 8 Pòtay chanm akote piba a te sou kote dwat a kay la. Epi yo te konn monte pa eskalye ki te fè won pou rive nan etaj mitan an e soti nan mitan an a nan twazyèm nan.
15 Li te bati mi kay la pa anndan avèk planch sèd. Soti atè jis rive nan plafon an, li te kouvri mi anndan yo avèk bwa e li te kouvri tout atè kay la avèk planch bwa pichpen. 16 Li te bati ven koude nan kote dèyè kay la avèk planch sèd soti atè a jis rive nan plafon an. Li te bati yo pou li sou anndan kòm yon sanktyè enteryè, menm kote ki pi sen an. 17 Pa devan sanktyè tanp lan te karant koude nan longè. 18 Te gen bwa sèd sou kay la anndan, taye nan fòm a kalbas avèk flè ki louvri nèt. Tout te fèt an sèd. Pa t gen wòch ki te vizib. 19 Li te prepare yon sanktyè enteryè anndan kay la pou l te kab plase la, lach akò SENYÈ a. 20 Sanktyè enteryè a te ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak ven koude nan wotè. Li te kouvri li nèt avèk lò pi. Li te kouvri lotèl la avèk sèd. 21 Konsa, Salomon te kouvri anndan kay la avèk lò pi. Li te fè chenn an lò travèse pati devan nan sanktyè enteryè a, e li te kouvri li avèk lò. 22 Li te kouvri tout kay la avèk lò jiskaske tout kay la te fini. Osi, tout lotèl ki te akote sanktyè enteryè li a te kouvri avèk lò.
23 Nan sanktyè enteryè a, li te fè de cheriben ak bwa doliv, yo chak nan dis koude wotè. 24 Yon zèl nan cheriben an te senk koude e lòt la te senk koude. Soti nan pwent a yon zèl jis rive nan pwent a lòt zèl la se te dis koude. 25 Lòt cheriben an te dis koude. Toude cheriben yo te menm mezi avèk menm fòm. 26 Wotè a yon cheriben se te dis koude e lòt cheriben an te menm jan an. 27 Li te plase cheriben yo nan mitan kay enteryè a. Zèl a cheriben yo te lonje tou louvri, jiskaske zèl a youn te touche mi an, e zèl a lòt cheriben an te touche lòt mi an. Konsa, zèl a chak nan yo te touche zèl a lòt la nan mitan kay la. 28 Li te kouvri cheriben yo avèk lò.
13 Zèl a cheriben sila yo te lonje pou ven koude, e yo te kanpe sou pye yo avèk fas yo vè gran chanm nan. 14 Li te fè vwal la avèk len vyolèt, mov, wouj, e li te fè desen cheriben yo sou li.
29 Epi li te grave tout mi nan kay yo toupatou avèk cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo grave nan sanktyè enteryè ansanm ak eksteryè yo. 30 Li te kouvri planch atè yo avèk lò, nan sanktyè enteryè avèk eksteryè a. 31 Nan antre sanktyè enteryè a, li te fè pòt avèk bwa doliv, ankadreman chanbrann nan avèk poto pòtay yo an senk fas. 32 Konsa, li te fè de pòt avèk bwa doliv la e li te grave sou yo cheriben grave yo, pye palmis yo, avèk flè louvri yo. Li te kouvri yo avèk lò. Epi li te gaye lò a sou cheriben yo avèk pye palmis yo. 33 Anplis, li te fè poto yo an kat fas avèk bwa doliv la pou gran antre eksteryè a, 34 epi de pòt an bwa siprè; de mwatye a yon pòt ki vire sou pivo e de mwatye sou lòt pòt la te vire sou pivo. 35 Li te grave sou li cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo; epi li te kouvri yo avèk lò aplike nan menm fòs toupatou. 36 Li te bati galeri enteryè a avèk twa ranje wòch taye ak yon ranje travès fèt an sèd.
13 Alò, Wa Salomon te voye mennen Hiram soti Tyr. 14 Li te fis a yon vèv soti nan tribi Nephtali e papa li te yon moun Tyr, yon travayè nan bwonz. Li te ranpli avèk sajès avèk konprann ak kapasite pou fè nenpòt kalite èv an bwonz. Konsa li te vini a Wa Salomon pou te fè tout travay li yo. 15 Li te fòme de pilye an bwonz yo, dizuit koude se te wotè a chak pilye e yon lign a douz koude te mezire distans antoure won a toude. 16 Li osi te fè de tèt kouvèti an bwonz fonn pou plase sou tèt a pilye yo. Wotè a yon tèt kouvèti te senk koude e wotè a lòt tèt kouvèti a te senk koude. 17 Te gen yon sistèm rezo fèt avèk chenn an fil tòde pou tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo: sèt pou yon tèt kouvèti e sèt pou lòt tèt kouvèti a. 18 Konsa, li te fè pilye yo: te gen de ranje antoure youn nan sistèm rezo yo pou kouvri tèt kouvèti ki te anwo grenad yo; epi se konsa li te fè pou lòt tèt kouvèti a. 19 Tèt kouvèti ki te sou tèt pilye nan galeri yo te fèt ak desen flè lis, nan lajè kat koude. 20 Te gen tèt kouvèti yo sou de pilye yo, antoure avèk de-san grenad an ranje won ki pa an wo a chak tèt kouvèti, toupre rezo a. Epi de-san grenad te ranje toutotou de toulède tèt kouvèti yo. 21 Konsa, li te ranje pilye yo sou galeri gran chanm nan. Epi li te monte pilye adwat la e li te rele li Jakin; li te monte pilye agoch la e li te rele li Boaz. 22 Sou tèt pilye yo se te yon desen flè lis. Se konsa èv pilye yo te fini.
1 Apre, li te fè yon lotèl an bwonz, ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak dis koude nan wotè.
23 Alò, li te fè fòm lanmè fonde an metal dis koude soti nan yon bò a yon lòt, an fòm tou won e wotè li se te senk koude ak trant koude ki pou antoure l. 24 Anba bò li a, kalbas yo te antoure li tou won, dis nan chak koude e te antoure lanmè a nèt. Kalbas yo te an de ranje, fonde ansanm avèk tout lòt bagay. 25 Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas vè nò, twa avèk fas vè lwès, twa avèk fas vè sid e twa avèk fas vè lès. Li te poze sou yo e tout pati dèyè yo te vè anndan. 26 Gwosè li te mezi a yon pla men pwès e arebò li te fèt tankou arebò a yon tas, tankou yon flè lis. Li te kab kenbe kantite volim a de mil bat.
27 Anplis, li te fè dis baz yo an bwonz. Longè a chak baz te kat koude, lajè li se te kat koude e wotè li se te twa koude. 28 Sila a se te desen a baz yo: yo te gen arebò, menm arebò antre ankadreman travès yo. 29 Epi sou arebò ki te antre ankadreman yo, te gen lyon yo, bèf yo, avèk cheriben yo. Sou ankadreman yo, te gen yon etaj anlè e anba lyon yo avèk bèf yo, te gen zèv atizan kouwòn ki te pann. 30 Alò, chak baz te gen kat wou an bwonz avèk shaf an bwonz, kat pye li yo te gen soutyen yo. Anba basen an, te soutni sipò yo avèk gilann yo chak kote. 31 Ouvèti li anndan tèt kouvèti pa anwo baz la te yon koude e ouvèti li a te won tankou desen a yon etaj won, yon koude-edmi; epi osi nan ouvèti li a, te grave desen yo, arebò yo te kare, yo pa t won. 32 Kat wou yo te anba arebò yo e shaf a wou yo te sou baz la. Wotè a wou a te yon koude edmi. 33 Kalite travay a wou yo te tankou kalite travay a yon wou cha. Shaf pa yo, jant yo, reyon yo e mitan wo a tout te fonde. 34 Alò, te gen kat soutyen nan kat kwen a chak baz. Soutyen yo te yon pati nan baz la menm. 35 Anwo baz la te kanpe yon fòm fèt tou won, avèk wotè a yon mwatye koude. Sou tèt a baz la, soutyen pa li avèk arebò li yo te fèt tankou yon pati ladann. 36 Li te grave sou plat a soutyen li yo, sou arebò li yo, cheriben yo, lyon yo ak pye palmis yo selon espas disponib nan chak, avèk kouwòn yo toutotou li. 37 Li te fè dis baz yo konsa: yo tout te fonde menm jan; yon sèl mezi ak yon sèl fòm. 38 Li te fè dis basen yo an bwonz, yon basen te kenbe karant bat 880 lit; chak basen te kat koude e nan chak nan dis baz yo, te gen yon basen. 39 Li te poze baz yo, senk sou kote dwat a kay la e senk sou kote goch a kay la. Li te poze lanmè an metal fonn nan sou kote dwat a kay la vè lès la, vè sid.
40 Alò Hiram te fè basen sa yo, ansanm ak pèl ak bòl yo. Konsa, Hiram te fin fè tout èv ke li te fè pou Salomon lakay SENYÈ a: 41 de pilye yo, de bòl pou tèt kouvèti ki te poze sou de pilye yo ak de sistèm rezo pou kouvri de bòl tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo. 42 Anplis, li te mete kat-san grenad pou de sistèm rezo yo, de ranje grenad pou chak sistèm rezo, pou kouvri de tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo; 43 dis baz avèk dis basen yo sou baz yo; 44 yon sèl lanmè ak douz bèf anba lanmè a; 45 bokit yo avèk pèl yo ak tèt kouvèti yo. Menm tout zouti sila yo ke Hiram te fè pou Wa Salomon nan kay SENYÈ a te fèt avèk bwonz poli. 46 Nan plèn Jourdain an, wa a te fonn yo, nan tè ajil la antre Succoth ak Tsarthan. 47 Salomon te kite tout veso yo san peze, paske yo te twòp. Pwa a bwonz lan pa t kab detèmine.
48 Salomon te fè tout mèb ki te lakay SENYÈ a: lotèl an lò, tab an lò, sou sila pen a Prezans lan te ye a; 49 chandelye yo, senk adwat e senk agoch, pa devan nan sanktyè enteryè a, avèk lò pi; epi flè yo avèk lanp yo avèk pensèt yo, tout te an lò. 50 Epi tas yo avèk etoufè yo, bòl yo avèk kiyè yo ak plato an lò pi pou resevwa sann yo; epi chanyè pou toulède pòt kay enteryè yo, lye pi sen pase tout kote a, ak chanyè pou pòt kay la, sa vle di, gran sanktyè a, te an lò.
8 Anplis, li te fè dis tab e te plase yo nan tanp lan, senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la. Epi li te fè san bòl an lò. 9 Li te fè lakou prèt yo avèk gran lakou a avèk pòt pou lakou a, e li te kouvri pòt yo avèk bwonz. 10 Li te pozisyone lanmè a sou kote dwat kay la vè sidès.
9 Konsa, li te bati kay la e te fin fè l. Li te kouvri kay la avèk travès ak planch sèd. 10 Li te bati anplis etaj ki te kont tout kay la, yo chak nan wotè a senk koude. Yo te tache nan kay la avèk bwa sèd.
11 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Salomon e te di: 12 “Kay sa a ke w ap bati a, si ou va mache nan règleman Mwen yo, egzekite lòd Mwen yo, kenbe tout kòmandman Mwen yo e mache ladan yo, alò, mwen va fin konplete pawòl ke M te pale a David, papa ou a, avèk ou. 13 Mwen va vin viv pami fis Israël yo e Mwen p ap janm kite pèp mwen an, Israël.”
14 Konsa, Salomon te bati kay la e te fini avèk li.
51 Konsa, tout travay ke Wa Salomon te fè lakay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te fè antre tout bagay ki te dedye pa papa li, David—ajan avèk lò ak zouti yo—li te mete yo nan trezò a lakay SENYÈ a.
37 Nan katriyèm ane a, nan mwa Ziv la, fondasyon kay SENYÈ a te fin poze. 38 Nan onzyèm ane a, nan mwa Bul la, ki se uityèm mwa a, kay la te fini nan tout pati li e selon plan pa li a. Konsa, li te bati pandan sèt ane.
2 Selon kay ke Salomon te bati pou SENYÈ a, longè li te swasant koude, lajè li te ven koude e wotè li, trant koude. 3 Galeri pa devan antre kay la te ven koude nan longè, ki te koresponn avèk lajè kay la e pwofondè devan kay la te dis koude.
10 Li te fè de cheriben skilpte nan chanm ki sen pase tout lòt yo a e li te kouvri yo avèk lò. 11 Distans zèl ouvri pou de cheriben yo te ven koude. Zèl a youn te fè senk koude pou touche mi kay la e lòt zèl la senk koude te touche pwent zèl a lòt cheriben an. 12 Zèl a lòt cheriben an, a senk koude, te touche mi kay la, epi lòt zèl senk koude a te tache a zèl premye cheriben an.
15 Anplis, li te fè de pilye pou devan kay la, trann-senk koude nan wotè e tèt anlè a sou chak te senk koude. 16 Li te fè chenn nan sanktyè enteryè a. Li te plase yo sou tèt pilye yo. Li te fè san grenad e te mete yo sou chenn yo. 17 Li te leve pilye yo pa devan tanp lan, youn adwat e lòt la agoch, epi li te rele sila adwat la Jakin e sila agoch la Boaz.
2 Anplis, li te fè yon lanmè an fè fòje, dis koude de lajè, tou won, wotè li te senk koude e sikonferans lan te trant koude. 3 Yon estati sanblab a bèf yo te anba li, e te antoure li, dis koude, ki te antoure lanmè a nèt. Bèf yo te an de ranje, e yo te fòje yo tankou yon sèl pyès. 4 Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas yo vè nò, twa avèk fas yo vè lwès, twa avèk fas yo vè sid, e twa avèk fas yo vè lès. Epi lanmè li te poze sou yo, e dèyè a tout bèt te pozisyone pa anndan. 5 Li te gen epesè a yon men ouvri, epi rebò li te fèt tankou sila a yon tas, tankou yon flè lis k ap ouvri. Li te resevwa e te kenbe volim a twa-mil bat. 6 Anplis, li te fè dis basen kote pou lave e li te pozisyone senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la pou lave bagay pou ofrann brile yo. Men lanmè a te pou prèt yo ta kab lave ladann.
7 Li te fè dis chandelye an lò selon òdonans ki te etabli yo e li te plase yo nan tanp lan, senk sou bò dwat la e senk sou bò goch la.
11 Anplis, Huram te fè bokit sann yo, pèl ak bòl yo.
Konsa, Huram te fin fè travay ke li te fè pou Salomon lakay Bondye a: 12 de pilye yo, bòl yo, de gran tèt pilye sou pilye yo ak de sistèm griyaj treyi yo pou kouvri de bòl a tèt pilye ki te chita sou pilye yo, 13 epi kat-san grenad pou de sistèm griyaj yo, de ranje grenad pou chak sistèm griyaj pou kouvri de tèt pilye ki te sou pilye yo. 14 Anplis, li te fè baz ak basen sou baz yo, 15 ak yon sèl lanmè avèk douz bèf yo anba li. 16 Bokit yo, pèl yo, fouchèt yo ak tout zouti li yo, Huram te fè yo avèk bwonz poli pou wa Salomon pou kay SENYÈ a. 17 Nan plèn Jourdain an, Wa a te fonn yo nan tè ajil ki te antre Succoth avèk Tseréda a. 18 Konsa, Salomon te fè tout zouti sila yo an gran kantite, jis pwa a bwonz lan pa t kab detèmine.
19 Anplis, Salomon te fè tout bagay ki te nan kay Bondye a: lotèl an lò a, tab yo avèk pen prezans lan sou yo, 20 chandelye yo avèk lanp pa yo an lò pi, pou briye devan sanktyè enteryè a jan sa te òdone a; 21 flè yo, lanp yo ak pens dife yo an lò byen rafine nèt; 22 epi etennwa yo, bòl yo, kiyè yo, ak plato sann an lò rafine yo, epi antre kay la, pòt enteryè li yo pou kote ki pi sen pase tout lòt yo a, ak pòt kay yo, sa vle di, kote gwo sanktyè a te ye a, tout te an lò.