Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

II Kwonik Yo 3

Bib Sen An (BSA)

Konstriksyon tanp lan kòmanse

1 Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an. 2 Li te kòmanse bati nan dezyèm jou, nan dezyèm mwa nan katriyèm ane règn pa li a. 3 Alò, sila yo se fondasyon ke Salomon te poze pou konstriksyon kay Bondye a. Longè a an koude, selon mezi ansyen an te swasant koude e lajè a te ven koude. 4 Galri ki te devan kay la te menm longè avèk lajè kay la, ven koude e wotè a san-ven. Pa anndan li te kouvri kay la avèk yon kouch lò pi.

Anndan tanp lan

5 Li te kouvri gran chanm nan avèk bwa sipre. Li te fè kouvri li ak lò fen e te dekore li avèk pye palmis avèk chenn. 6 Anplis, li te dekore kay la avèk pyè presye. Lò a te lò sòti Parvaïm. 7 Anplis, li te kouvri kay la avèk yon kouch lò—travès yo, chanbrann yo, mi li yo, avèk pòtay li yo, epi li te grave cheriben yo sou mi yo.

8 Alò, li te fè chanm ki pi sen pase tout lòt yo. Longè li ki te travèse lajè kay la, te ven koude, e lajè li te ven koude. Li te kouvri li avèk lò fen, ki te rive jis nan sis-san talan lò. 9 Pwa a klou yo te senkant sik an lò. Anplis, li te kouvri chanm anlè yo avèk lò.

Cheriben yo

10 Li te fè de cheriben skilpte nan chanm ki sen pase tout lòt yo a e li te kouvri yo avèk lò. 11 Distans zèl ouvri pou de cheriben yo te ven koude. Zèl a youn te fè senk koude pou touche mi kay la e lòt zèl la senk koude te touche pwent zèl a lòt cheriben an. 12 Zèl a lòt cheriben an, a senk koude, te touche mi kay la, epi lòt zèl senk koude a te tache a zèl premye cheriben an. 13 Zèl a cheriben sila yo te lonje pou ven koude, e yo te kanpe sou pye yo avèk fas yo vè gran chanm nan.

Vwal la ak poto yo

14 Li te fè vwal la avèk len vyolèt, mov, wouj, e li te fè desen cheriben yo sou li.

15 Anplis, li te fè de pilye pou devan kay la, trann-senk koude nan wotè e tèt anlè a sou chak te senk koude. 16 Li te fè chenn nan sanktyè enteryè a. Li te plase yo sou tèt pilye yo. Li te fè san grenad e te mete yo sou chenn yo. 17 Li te leve pilye yo pa devan tanp lan, youn adwat e lòt la agoch, epi li te rele sila adwat la Jakin e sila agoch la Boaz.

II Kwonik Yo 3