Pati 3: Konsekrasyon tanp lan
Yo pote Lach la antre ak lapriyè Salomon
1004 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Konsa, tout travay ke Salomon te acheve pou kay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te mennen fè antre tout bagay ke David, papa li, te dedye yo, menm ajan avèk lò a, tout zouti yo e li te mete yo nan trezò lakay Bondye a.
2 Apre, Salomon te rasanble nan Jérusalem ansyen Israël yo, ak tout chèf a tribi yo, chèf lakay papa zansèt a fis Israël yo, pou mennen fè monte lach SENYÈ a sòti andeyò vil David la, ki se Sion. 3 Tout mesye Israël yo te rasanble yo kote wa a nan fèt ki te nan setyèm mwa a. 4 Konsa, tout ansyen Israël yo te vini. Levit yo te leve pran lach la. 5 Yo te mennen lach la fè l monte avèk tant asanble a ak tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt Levit yo te mennen fè yo monte. 6 Epi Wa Salomon avèk tout asanble Israël ki te rasanble avèk li devan lach yo, t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab kontwole ni konte. 7 Answit, prèt yo te mennen lach akò a SENYÈ a antre nan plas li, anndan sanktyè enteryè kay la, nan kote ki sen pase tout lòt yo anba zèl a cheriben yo. 8 Paske cheriben yo te lonje zèl yo sou plas lach la, jiskaske cheriben yo te fè yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo. 9 Poto yo te tèlman long ke pwent poto a lach yo te vizib devan sanktyè enteryè a, men yo pa t kab wè pa deyò. Epi yo toujou la jis rive jodi a. 10 Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo ke Moïse te mete ladann nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo lè yo te sòti an Égypte la.
11 Lè prèt yo te vin sòti nan kote pi sen pase tout lòt kote yo, (paske tout prèt ki te prezan yo te deja sanktifye yo menm san kontwole divizyon sèvis pa yo), 12 epi tout chantè Levit yo, Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a lotèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap soufle twonpèt yo, 13 ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di:
“Paske Li bon,
lanmou dous Li a dire pou tout tan!”
Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj, 14 jiskaske prèt yo pa t kab kanpe pou fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay Bondye a.
4 Epi wa a avèk tout pèp la te ofri sakrifis devan SENYÈ a. 5 Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a. 6 Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe.
7 Salomon te konsakre mitan lakou ki te devan kay SENYÈ a pou fè l sen. Paske la, li te ofri ofrann brile ak grès ofrann lapè yo akoz lotèl an bwonz ke Salomon te fè a pa t kab kenbe ofrann brile a, ofrann sereyal la ak grès la.
1 Epi Salomon te di:
“SENYÈ a te di ke Li ta
abite nan nwaj fonse a.
2 Mwen te bati yon kay byen wo
ak yon plas pou abitasyon pa W
Jis pou tout tan.”
3 Konsa, wa a te vire fas li pou te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble a te kanpe.
4 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch Li a papa m, David, e ki te acheve sa avèk men Li, lè li te di: 5 ‘Depi jou ke M te mennen pèp Mwen an sòti nan peyi Égypte la, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou bati yon kay pou non Mwen ta kapab la, ni Mwen pa t chwazi yon moun kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël; 6 men Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’ 7 Alò, li te nan kè a papa m, David, pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. 8 Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati kay pou non Mwen an, ou te fè byen lè sa te nan kè ou a. 9 Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm, li va bati kay la pou non Mwen.’”
10 “Koulye a, SENYÈ a gen tan fin akonpli pawòl ke Li te pale a. Paske mwen te monte nan plas a papa m David, pou chita sou twòn Israël la, jan SENYÈ a te pale a, e te bati kay la pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. 11 La, mwen te mete lach ki gen akò SENYÈ a ladann nan, akò ke Li te fè avèk fis Israël yo.”
12 Konsa, li te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li. 13 Alò, Salomon te fè yon etaj an bwonz, senk koude nan longè, senk koude nan lajè ak twa koude nan wotè e li te plase li nan mitan gran lakou a. Epi li te kanpe sou li, li te mete li ajenou nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li vè syèl la. 14 Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen dye tankou Ou nan syèl la ni sou tè a, k ap kenbe akò avèk lanmou dous avèk sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo; 15 ki te kenbe pawòl avèk sèvitè Ou, David, papa m, nan sa ke Ou te pwomèt li a. Anverite, Ou te pale avèk bouch Ou, e Ou te akonpli li avèk men Ou, jan sa ye jodi a.
16 “Pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, sa ke ou te pwomèt li a. Ou te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo fè atansyon nan chemen yo, pou mache nan lalwa pa Mwen, jan ou te mache devan M nan.’ 17 Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kite pawòl Ou konfime nan sa Ou te pale a sèvitè Ou a, David.
18 “Men èske Bondye va vrèman rete avèk lòm sou tè a? Gade byen, syèl la avèk pi wo syèl la pa kab kenbe Ou; bokou mwens, pou kay sa a ke m te konstwi a. 19 Malgre sa, prete atansyon a lapriyè a sèvitè Ou a, avèk sa li mande a, O SENYÈ Bondye mwen an, pou koute lè m kriye ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou; 20 pou zye Ou kapab ouvri vè kay sa a lajounen kon lannwit, vè plas sou sila Ou te di ke Ou ta mete non Ou la, pou koute lapriyè ke sèvitè Ou a va fè vè plas sa a. 21 Koute a siplikasyon a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël, lè yo priye vè plas sa a; koute depi nan abitasyon Ou an, nan syèl la; e lè Ou koute, padone.
22 “Si yon nonm peche kont vwazen li, pou li oblije sèmante e li vin fè yon sèman devan lotèl Ou nan kay sila a, 23 alò, tande soti nan syèl la e aji pou jije sèvitè Ou yo, avèk pinisyon pou mechan an k ap fè chemen pa li vin tonbe sou pwòp tèt li, epi pou rann jistis a sila ki dwat yo e ba li selon ladwati li.
24 “Si pèp Ou a ta vin bat devan yon lènmi akoz peche ke yo konn fè kont Ou, e yo retounen kote Ou pou konfese non Ou; si yo priye devan Ou e fè siplikasyon devan Ou nan kay sa a, 25 alò, koute soti nan syèl la, e padone peche a pèp Ou a, Israël. Mennen yo retounen nan peyi ke Ou te bay a yo menm avèk zansèt pa yo.
26 “Lè syèl yo vin fèmen e nanpwen lapli akoz peche ke yo fè kont Ou, si yo fè lapriyè vè plas sa a e konfese non Ou, pou yo vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo; 27 alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo selon bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, epi voye lapli sou tè ke Ou te bay a pèp Ou a kòm eritaj la.
28 “Si gen gwo grangou nan peyi a, si se gwo maladi, si gen gwo dega jaden ak bèt, oswa kanni, si gen krikèt oswa bèt volan, si lènmi yo fè syèj a yo menm nan tèren vil yo, nenpòt toumant, nenpòt maladi, 29 nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Ou a, Israël, chak moun ki konnen pwòp soufrans li ak pwòp doulè li e ki vin ouvri men li vè kay sila a, 30 nan lè sa a, koute depi nan syèl la, abitasyon pa Ou a, epi padone e bay a chak moun selon pwòp chemen li, kè a sila Ou konnen yo (paske Ou menm sèl konnen kè a fis a lòm yo), 31 pou yo ta kapab gen lakrent Ou, pou mache nan chemen Ou yo pou tout tan ke yo rete nan peyi ke Ou te bay a zansèt nou yo.
32 “Anplis, selon etranje ki pa sòti nan pèp Ou a, Israël, lè li sòti nan yon peyi lwen, akoz gran non pa Ou, avèk men pwisan Ou ak bwa Ou ki lonje byen ouvri a, lè yo vini fè lapriyè vè kay sila a, 33 alò, koute depi nan syèl la, depi abitasyon Ou a, e fè selon tout sa ke etranje sila a vin mande Ou, jis pou tout pèp sou latè yo kapab konnen non Ou e gen lakrent ou, jan pèp Israël Ou a konn fè a, pou yo kapab rekonèt ke kay sila ke m te bati a rele pa non Ou.
34 “Lè pèp Ou a sòti pou batay kont lènmi yo, pa nenpòt chemen ke Ou ta voye yo, e yo priye a Ou menm vè vil sila ke Ou te chwazi ak kay ke m te bati pou non Ou a, 35 nan lè sa a, koute lapriyè yo soti nan syèl la avèk siplikasyon yo, e bay soutyen a koz pa yo.
36 “Lè yo fè peche kont Ou (paske nanpwen lòm ki pa peche), epi Ou fache avèk yo jis Ou livre yo a yon lènmi, e yo pran yo mete an kaptivite nan yon peyi lwen, oswa pre; 37 si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen an kaptivite a, repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi kaptivite yo a, e di: ‘Nou te peche, nou fè inikite e te aji avèk mechanste;’ 38 si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo, avèk tout nanm yo soti nan peyi kaptivite yo a, kote yo te mennen yo an kaptivite a, e priye vè peyi yo a ke Ou te bay a zansèt yo, ak vil ke Ou te chwazi a, e vè kay ke m te bati pou non Ou a, 39 alò, tande, depi nan syèl la, depi nan abitasyon pa Ou a, lapriyè pa yo, avèk siplikasyon pa yo, e bay soutyen a koz pa yo, epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou.
50 epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou an ak tout transgresyon ke yo te fè kont Ou yo, e bay yo mizerikòd devan sila ki te fè yo kaptif yo, pou yo gen konpasyon pou yo. 51 (Pwiske se pèp Ou yo ye, e eritaj ke Ou te mennen sòti an Égypte la, ki te soti nan mitan founo fè a). 52 Pou zye Ou kapab louvri a siplikasyon a sèvitè Ou, e a siplikasyon a pèp Ou a, Israël, pou koute yo nenpòt lè ke yo rele Ou. 53 Paske Ou te mete yo apa de tout lòt pèp sou latè kòm eritaj Ou, jan Ou te pale pa Moïse, sèvitè Ou a, pandan Ou te mennen zansèt pa nou yo sòti an Égypte, O Senyè, BONDYE.”
54 Lè Salomon te fin priye tout priyè sila a, li te leve soti devan lotèl a SENYÈ a, soti sou jenou li avèk men li louvri anvè syèl la. 55 Li te kanpe e te beni tout asanble Israël la avèk yon gwo vwa. Li te di: 56 “Beni se SENYÈ a ki te bay repo a pèp Li a, Israël, selon tout sa ke Li te pwomèt yo. Pa menm yon mo pa t fè fayit nan tout bonte ke Li te pwomèt nou pa Moïse yo, sèvitè li a. 57 Ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk nou, jan Li te ye avèk zansèt nou yo. Ke Li pa janm kite nou ni abandone nou, 58 pou Li kapab atire kè nou vè Li menm, pou mache nan tout vwa Li yo e pou kenbe kòmandman Li yo avèk règleman Li yo avèk òdonans Li yo, ke Li te kòmande a zansèt nou yo. 59 Epi ke pawòl pa m sa yo, avèk sila mwen te fè siplikasyon devan SENYÈ a, kapab toupre SENYÈ a, Bondye pa nou an, lajounen kon lannwit, pou Li kapab bay soutyen a koz pèp Li a, Israël, jan chak jou mande a, 60 pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke SENYÈ a se Bondye; ke nanpwen okenn lòt.
61 “Pou sa, kite kè nou vin dedye nèt a SENYÈ a, pou mache nan règleman Li yo, kenbe kòmandman Li, menm jan sa ye nan jou sila a.”
40 “Koulye a, O Bondye mwen, mwen priye, kite zye Ou louvri e zòrèy ou vin atantif a lapriyè sa a, ki fèt nan plas sa a.
41 “Alò, pou sa, leve, O SENYÈ Bondye, a plas repo pa Ou a, Ou menm avèk lach pwisan pa Ou a. Kite prèt Ou yo, SENYÈ Bondye, abiye avèk sali, e kite fidèl Ou yo rejwi nan tout sa ki bon.
42 “O SENYÈ Bondye, pa vire kite fas a onksyone pa Ou a. Sonje lanmou dous Ou vè sèvitè Ou a, David.”
7:1 Alò, lè Salomon te fin fè priyè a, dife a te sòti nan syèl la pou te boule ofrann brile a avèk sakrifis yo; e glwa a SENYÈ a te ranpli kay la. 2 Prèt yo pa t kab antre lakay SENYÈ a akoz glwa SENYÈ a te ranpli kay la. 3 Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di:
“Konsa Li bon,
paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”
8 Konsa, Salomon te obsève fèt la nan tan sa a pandan sèt jou e tout Israël avèk li; yon trè gran asanble ki te sòti depi nan antre Hamath jis rive nan flèv Égypte la.
9 Nan uityèm jou a, yo te kenbe yon asanble solanèl pou obsève dedikasyon lotèl la. Yo te obsève l pou sèt jou, e fèt la pandan sèt jou. 10 Epi sou venn-twazyèm jou nan setyèm mwa a, li te voye pèp la nan tant yo, ranpli avèk jwa e avèk kè kontan, akoz bonte ke SENYÈ a te montre a David, a Salomon e a pèp Li a, Israël.