Sòm yo sou deplasman lach la antre nan tanp Salomon an

1004 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 47

Pou direktè koral la; Yo Sòm pa fis Koré yo.

1 O bat men nou ansanm, tout pèp yo.

Rele fò a Bondye avèk yon vwa plen viktwa.

2 Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent.

Li se Gran Wa a sou tout latè a.

3 Li fè soumèt pèp yo anba nou,

ak nasyon yo anba pye nou.

4 Pou nou menm, Li chwazi eritaj nou,

glwa a Jacob la, ke Li renmen an. Tan

5 Bondye te monte avèk yon gwo rèl,

SENYÈ a avèk son twonpèt la.

6 Chante lwanj Bondye a, chante lwanj yo!

Chante lwanj Wa nou an, chante lwanj yo!

7 Paske Bondye se Wa a tout tè a.

Chante lwanj yo avèk yon chan byen bèl.

8 Bondye regne sou nasyon yo.

Bondye chita sou twòn wayal Li a.

9 Prens a pèp yo rasanble yo ansanm,

pèp a Bondye Abraham nan.

Paske tout boukliye sou latè yo se pou Bondye.

Li leve byen wo.

Sòm Yo 97–100

1 SENYÈ a renye, kite latè rejwi!

Kite tout lil yo fè kè kontan!

2 Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li.

Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.

3 Se dife ki ale devan L pou brile tout

advèsè Li yo toupatou.

4  Loray Li yo klere tout mond lan.

Latè wè e li tranble.

5 Mòn yo fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a,

devan prezans SENYÈ tout latè a.

6  Syèl yo deklare ladwati Li e tout pèp yo te wè glwa Li.

7 Kite tout sila ki sèvi limaj taye yo vin wont,

ki vin ògeye sou zafè zidòl yo.

Adore Li, tout dye yo.

8 Sion te tande sa e te rejwi.

Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.

9 Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè.

Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.

10  Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la!

Li pwoteje nanm a fidèl Li yo.

Li delivre yo nan men a mechan yo.

11 Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo,

ak kè kontan pou sila ak kè ki dwat yo.

12 Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e

bay remèsiman a non sen Li an.

Yon Sòm

98:1 O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy.

Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.

2 SENYÈ a te fè sali Li rekonèt.

Li te devwale ladwati Li pou tout nasyon yo wè.

3 Li te sonje lanmou dous Li a avèk fidelite Li pou lakay Israël.

4 Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè!

Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!

5 Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap,

avèk ap ak vwa melodi a.

6 Avèk twonpèt ak son a kòn.

Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.

7 Kite lanmè a fè gwo bri ak tout sa ki ladann,

Lemonn ak tout sa ki rete ladann yo.

8 Kite larivyè yo bat men yo.

Kite mòn yo chante ansanm ak jwa

9 devan SENYÈ a,

paske l ap vini pou jije latè.

Li va jije lemonn ak ladwati Li

E pèp yo avèk jistis.

99:1 SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble.

Li plase twòn Li an anwo cheriben yo.

Kite latè pran tranble!

2 SENYÈ a gran nan Sion.

Li leve wo anwo tout pèp yo.

3 Kite yo louwe non Ou ki gran e mèvèye;

Se sen ke Li ye.

4 Pwisans a Wa a renmen lajistis.

Ou te etabli ekite.

Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.

5 Leve wo SENYÈ, Bondye nou an!

Adore nan machpye twòn Li an.

Se sen ke Li ye.

6 Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e

Samuel te pami sila ki te rele non Li yo.

Yo te rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.

7 Li te pale ak yo nan pilye nwaj la.

Yo te kenbe temwayaj Li yo,

avèk règleman ke Li te bay yo.

8 O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo.

Ou te pou yo yon Bondye ki padone,

men Ou te pran vanjans sou zak mechan yo.

9 Egzalte SENYÈ, Bondye nou an!

Adore nan mòn sen Li an,

paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!

Yon Sòm Remèsiman an

100:1  Rele fò a SENYÈ tout latè a!

2  Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!

Vini devan Li avèk chan lajwa.

3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.

Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye.

Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.

4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,

e nan lakou Li yo avèk lwanj.

Ba Li remèsiman!

Beni non Li!

5 Paske Bondye bon.

Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,

e fidelite Li a tout jenerasyon yo.