Nan konsekrasyon tanp Salomon an

1004 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 135–136

1 Beni SENYÈ a!

Beni non SENYÈ a!

Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo,

2 nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a,

nan lakou lakay SENYÈ nou an!

3 Beni SENYÈ a, paske SENYÈ a bon.

Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.

4 Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm,

Israël pou pwòp posesyon pa Li.

5 Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran,

e ke SENYÈ nou an pi wo ke tout dye yo.

6 Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l,

nan syèl la oswa sou tè a,

nan lanmè yo ak nan tout fon yo.

7 Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.

Ki fè rive loray avèk lapli yo,

ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.

8 Li te frape premye ne Égypte yo,

ni lòm, ni bèt.

9 Li te voye sign ak mèvèy nan mitan nou, O Égypte,

sou Farawon avèk tout sèvitè Li yo.

10 Li te frape anpil nasyon,

e te detwi wa pwisan yo,

11 Sihon, wa Amoreyen yo, Og,

wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.

12 Epi Li te bay yo peyi yo kon eritaj,

yon eritaj a Israël, pèp Li a.

13 Non Ou, O SENYÈ, dire jis pou tout tan,

Memwa Ou, O SENYÈ, pou tout jenerasyon yo.

14 Paske SENYÈ a va jije pèp Li a, e

va gen konpasyon pou sèvitè Li yo.

15 Zidòl a nasyon yo pa anyen sof ke ajan ak lò,

zèv a men a lòm.

16 Yo gen bouch, men yo pa pale.

Yo gen zye, men yo pa wè.

17 Yo gen zòrèy, men yo pa tande,

ni nanpwen souf nan bouch yo.

18 Sila ki fè yo va vin tankou yo.

Wi, tout sila ki mete konfyans nan yo.

19 O lakay Israël, beni SENYÈ a!

O lakay Aaron, Beni SENYÈ a!

20 O lakay Lévi, beni SENYÈ a!

Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a!

21 Ke SENYÈ a beni soti nan Sion,

Sila ki abite Jérusalem nan,

Beni SENYÈ a!

136:1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

2 Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,

paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;

4 A Sila sèl ki fè gwo mèvèy yo,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

5 A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

6 a Sila ki te ranje tè a anwo dlo yo,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

7 a Sila ki te fè gran limyè yo,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

8 solèy ki pou domine lajounen an,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

9 Lalin ak zetwal pou domine lannwit,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

10 A Sila ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

11 ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

12 Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

13 a Sila ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

14 ki te fè Israël pase nan mitan li,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

15 men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

16 a Sila ki te mennen pèp Li a nan dezè a,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

17 a Sila ki te frape gran wa yo,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

18 ki te touye wa pwisan yo,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

19 Sihon, wa Amoreyen an,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

20 ak Og, wa Basan an,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

21 e te bay peyi yo kon eritaj,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

22 menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

23 ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

24 epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

25 ki bay manje a tout chè,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

26 Bay remèsiman a Bondye syèl la,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.