David nan dezè Ziph ak Maon
1059 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
13 Alò, David avèk mesye pa li yo, anviwon sis-san moun, te leve sòti Keïla, e yo te ale nenpòt kote ke yo ta kab ale. Lè li te pale a Saül ke David te chape Keïla, li te sispann swiv li. 14 David te rete nan dezè a nan fòterès yo e li te rete nan peyi ti mòn dezè Ziph la. Epi Saül te chache li chak jou. Men Bondye pa t livre li nan men li. 15 Alò, David te vin konprann ke Saül te parèt deyò pou chache lavi li pandan David te nan dezè Ziph la nan Horès.
16 Epi Jonathan, Fis a Saül la, te leve ale kote David nan Horès pou te ankouraje li nan Bondye. 17 Konsa, li te di li: “Pa pè, paske men Saül, papa m nan, p ap jwenn ou. Ou va wa sou Israël e mwen va bò kote ou; epi Saül, papa m, konnen sa tou.” 18 Konsa, yo de a te fè yon akò devan SENYÈ a. Epi David te rete Horès pandan Jonathan te ale lakay li a.
19 Epi Zifyen yo te vin monte kote Saül nan Guibea, e te di: “Èske David pa kache pami nou nan fòterès nan Horès yo, sou mòn a Hakila a, ki sou kote sid a Jeschimon an? 20 Alò, koulye a, O wa, desann selon tout volonte nanm ou ta vle fè. Epi poupati pa nou an, nou va livre li nan men a wa a.”
21 Saül te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, paske ou te gen kè sansib anvè mwen. 22 Ale, koulye a, fè byensi e fè ankèt pou wè kote li mete pye li ak sila ki konn wè li la yo; paske yo di m ke li rize anpil. 23 Konsa, gade e aprann tout kote l kache kò l, retounen kote mwen avèk asirans e m ap prale avè w. Epi si li nan peyi a, mwen va chache mete l deyò pami tout milye Juda yo.”
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo. Yon sòm
a David, lè Zifyen yo te vin di Saül: “Èske David pa kache pami nou?”
1 Sove mwen, O Bondye, ak non Ou
e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou.
2 Koute lapriyè mwen, O Bondye.
Prete zòrèy a pawòl a bouch mwen.
3 Paske etranje yo fin leve kont mwen.
Moun vyolans yo te chache lavi mwen.
Yo pa t mete Bondye devan yo.
4 Gade byen, Bondye se èd mwen.
SENYÈ a se soutyen a nanm mwen.
5 Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo.
Detwi yo nan fidelite Ou.
6 Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou.
Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.
7 Paske Li te delivre mwen nan tout twoub.
Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.
24 Epi yo te leve ale Ziph devan Saül. Alò, David avèk mesye pa li yo te nan dezè Maon, nan Araba akote sid a Jeschimon. 25 Lè Saül avèk mesye pa li yo te ale chache, yo te fè David konnen. Konsa, li te desann kote wòch la pou te rete nan dezè Maon an. Epi lè Saül te tande sa, li te kouri dèyè David nan dezè Maon an. 26 Saül te ale yon bò mòn nan, David avèk mesye pa l sou lòt kote mòn nan. Epi David t ap fè vit pou chape kite Saül, paske Saül avèk mesye pa li yo t ap antoure David avèk mesye pa li yo pou yo ta sezi yo. 27 Men yon mesaje te vin kote Saül, e te di: “Fè vit! Vini! Paske Filisten yo te atake peyi a.” 28 Konsa, Saül te retounen soti nan kouri dèyè David pou te ale rankontre Filisten yo. Pou sa, yo te vin rele plas sa a Wòch Chape a.