David nan Keïla

1060 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Samuel 23:1

1 Alò, yo te pale David. Yo te di: “Gade byen, Filisten yo ap goumen kont Keïla. Y ap piyaje grenn jaden sou glasi yo.”

I Samuel 22:20–23

20 Men youn nan fis Achimélec yo ki te rele Abiathar te chape sove ale pou twouve David. 21 Abiathar te di David ke Saül te touye prèt SENYÈ yo.

22 Alò, David te di a Abiathar: “Mwen te konnen nan jou sa a, lè Doëg, Edomit lan, te la, ke li t ap byensi pale ak Saül. Mwen te fè rive lanmò a chak moun lakay papa ou yo. 23 Rete avèk mwen. Pa pè. Moun ki vle touye ou a ap eseye touye mwen tou. Ou va ansekirite avèk mwen.”

I Samuel 23:6

6 Alò, li te vin rive ke lè Abiathar, fis Achimélec la, te sove ale pou rive kote David nan Keïla, li te desann avèk yon efòd nan men l.

I Samuel 23:2–5

2 Konsa, David te fè demann a SENYÈ a. Li te mande L: “Èske mwen dwe ale atake Filisten sila yo?”

Epi SENYÈ a te reponn David: “Ale atake Filisten yo pou delivre Keïla.”

3 Men mesye David yo te di li: “Gade byen, nou nan perèz menm isit la nan Juda. Konbyen anplis, si nou ale Keïla kont chan Filisten yo?”

4 Alò, David te fè demann SENYÈ a yon lòt fwa. Epi SENYÈ a te pale li e te di: “Leve, desann Keïla; paske Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”

5 Konsa, David avèk mesye pa li yo te ale Keïla pou te goumen avèk Filisten yo. Yo te mennen bèt yo sòti e te frape moun avèk yon gwo masak. Konsa David te delivre pèp a Keïla a.

I Samuel 23:7–12

7 Lè yo te pale a Saül ke David te vini Keïla, Saül te di: “Bondye te delivre li nan men m. Paske li te fèmen li menm andedan lè l te antre nan yon vil avèk pòtay doub ak fè fòje.” 8 Konsa, Saül te konvoke tout pèp la pou fè lagè, pou desann Keïla pou fè syèj sou David avèk mesye pa li yo. 9 Alò David te konnen ke Saül t ap fè konplo mechanste kont li. Konsa, li te di a Abithar, prèt la: “Mennen efòd la isit la.” 10 Epi David te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, Sèvitè ou tande ke se sèten ke Saül ap chache vini Keïla pou detwi vil la akoz mwen menm. 11 Èske mesye Keïla yo va livre mwen nan men li? Èske Saül va desann tankou sèvitè ou te tande a? O SENYÈ, Bondye Israël la, mwen priye, pale ak sèvitè ou a.”

Epi SENYÈ a te di: “Li va desann.”

12 Konsa, David te di: “Èske mesye Keïla yo va livre mwen avèk mesye pa mwen yo nan men Saül?”

SENYÈ a te reponn: “Yo va livre ou.”

Sòm Yo 31

Yon Sòm David

1 Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache.

Pa janm kite mwen vin wont.

Nan ladwati Ou, delivre mwen.

2 Panche zòrèy W bò kote mwen.

Delivre mwen byen vit.

Devni pou mwen wòch ki ban m fòs,

yon sitadèl ki pou sove m.

3 Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen,

konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.

4 Ou va rale m sòti nan filè ke yo te

prepare an sekrè pou mwen an,

paske se Ou ki fòs mwen.

5 Nan men Ou, mwen mete lespri mwen.

Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.

6 Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo,

men nan Bondye, mwen mete konfyans mwen.

7 Mwen va rejwi e fè kè kontan nan

lanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen.

Ou te wè soufrans a nanm mwen.

8 Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an.

Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.

9 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.

Zye m ak kò m ak nanm mwen;

tout fin gate nèt akoz doulè m.

10 Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m,

ane mwen yo avèk soupi.

Fòs mwen fin ale akoz inikite m.

Kò mwen fin epwize.

11 Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te

devni yon objè abominab,

sitou a vwazen mwen yo, e yon

objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo.

Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.

12 Mwen fin bliye tankou yon moun mouri,

disparèt nan panse moun.

Mwen tankou yon veso ki fin kraze.

13 Paske mwen konn tande kout lang

anpil moun, laperèz toupatou.

Yo pran konsèy ansanm kont mwen.

Yo te fè konplo pou rache lavi m.

14 Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ.

Mwen di: “Se Ou menm ki Bondye mwen”.

15 Moman mwen yo nan men Ou.

Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo,

avèk sila ki pèsekite mwen yo.

16 Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a.

Sove mwen nan lanmou dous Ou a.

17 Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ,

paske se Ou ke m rele.

18 Kite lèv ki manti yo sispann,

sila yo k ap pale ak awogans kont moun dwat yo,

k ap fè ògèy pou desann moun.

19 Men a la gran, bonte ke Ou

te konsève pou sila ki krent Ou yo,

ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!

20 Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm.

Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj

kont konplo a tout lang lèzòm.

21 Beni se SENYÈ a,

paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a

anvè mwen nan yon vil byen fò.

22 Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen:

“Mwen koupe retire nèt devan zye Ou”.

Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo

lè m te kriye a Ou menm.

23 O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo!

SENYÈ a toujou prezève moun fidèl yo,

e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.

24 Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj,

nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.