David nan Mitspé (continued)
1060 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo.
Delivre m de moun vyolan yo:
2 k ap fè manèv mechan nan kè yo.
Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.
3 Yo file lang yo tankou koulèv.
Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. Tan
4 Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo.
Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.
5 Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen.
Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la.
Yo fin plase yon pyèj pou mwen. Tan
6 Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.”
Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.
7 O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an,
Ou te kouvri tèt mwen nan jou batay la.
8 Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an.
Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. Tan
9 Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo,
pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.
10 Kite chabon tou limen vin tonbe sou yo.
Kite yo jete nan dife,
nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.
11 Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè.
Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.
12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo,
e fè jistis pou malere a.
13 Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou.
Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.
Yon Sòm David
1 Fè fòs SENYÈ, kont sila k ap sèvi ak fòs kont mwen yo.
Goumen ak sila k ap goumen kont mwen yo.
2 Pran an men boukliye ak pwotèj la,
epi leve kon sekou mwen.
3 Anplis rale lans ak rach batay la pou
rankontre sila k ap kouri dèyè m yo.
Pale ak nanm mwen “Se Mwen ki delivrans ou”!
4 Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e dezonore.
Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen
Vire do fè bak plen imiliyasyon.
5 Kite yo vin tankou pay nan van,
avèk zanj SENYÈ a k ap pouse yo ale.
6 Kite wout yo plen avèk tenèb e vin glisan,
Avèk zanj SENYÈ a k ap kouri dèyè yo.
7 Paske san koz, yo te kache pèlen yo pou mwen.
San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen.
8 Kite l fin detwi nèt san l pa konnen.
Kite pèlen ke li te prepare a, kenbe li menm.
Kite l tonbe nan destriksyon sa a.
9 Nanm mwen va rejwi nan SENYÈ a.
Li va leve wo nan delivrans Li.
10 Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm?
Kilès ki delivre aflije yo nan men a sila ki twò fò pou li yo?
Wi, ak aflije e malere yo k ap soti
nan men a sila menm k ap vòlè yo?”
11 Fo temwen sovaj yo leve.
Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.
12 Yo remèt mwen mal pou byen,
jiskaske gwo tristès antre nan nanm mwen.
13 Men pou mwen menm, lè yo te malad,
rad mwen te vin twal sak;
Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn,
epi lapriyè m te kontinye retounen
nan kè m.
14 Mwen te ale toupatou konsi se te zanmi mwen, oswa frè mwen.
Mwen te koube ak gwo tristès,
tankou yon moun ta fè dèy pou manman li.
15 Men moman ke m te chape tonbe a,
yo te rejwi, e te reyini yo ansanm.
San ke mwen pa menm konnen,
agresè sa yo te rasanble kont mwen.
Yo t ap chire m san rete.
16 Kon giyon vilgè, yo te fè konsi yo
ta mòde m ak dan yo.
17 SENYÈ, jiskilè Ou va kontinye
gade bagay sa a konsa?
Sove nanm mwen kont ravaj yo,
Sèl lavi mwen genyen kont lyon yo.
18 Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a.
Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.
19 Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen.
Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.
20 Paske yo pa pale lapè,
men yo divize pawòl nan twonpe sila ki kalm nan peyi yo.
21 Yo te ouvri bouch yo laj kont mwen.
Yo te di: “Men li, men li, zye nou te wè l!”
22 Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans
O SENYÈ, pa rete lwen m.
23 Reveye Ou! Reveye Ou pou dwa m ak koz mwen,
Bondye mwen ak SENYÈ mwen.
24 Jije mwen, O SENYÈ, Bondye mwen an, selon dwati Ou.
Pa kite yo rejwi sou mwen.
25 Pa kite yo di nan kè yo:
“Men konsa, men sa nou pi pito a!”
Pa kite yo di: “Nou gen tan fin vale li nèt!”
26 Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont.
Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.
27 Kite sila ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi.
Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo,
Li ki pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.”
28 Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou
avèk lwanj Ou tout lajounen.
Pou direktè koral la. Yon Sòm David.
1 Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an.
Konsève lavi m kont laperèz lènmi an.
2 Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo,
kont boulvèsman a sila ki fè mechanste yo.
3 Ki te file lang yo tankou nepe.
Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,
4 pou tire an kachèt sou sila ki inosan yo.
Sibitman yo tire sou li, san lakrent.
5 Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo.
Yo pale sou pyèj ke y ap fòme an sekrè yo.
Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?”
6 Yo fè manèv pou enjistis e di:
“Nou prè pou yon konplo byen fòme”.
Paske panse lenteryè a moun se byen fon.
7 Men Bondye va tire sou yo avèk yon flèch.
Sibitman, yo va blese.
8 Konsa, yo va chape tonbe.
Pwòp lang pa yo va kont yo.
Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.
9 Nan moman sa a, tout moun va krent.
Konsa, yo va deklare zèv Bondye yo.
Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a.
10 Nonm ladwati a va kontan nan SENYÈ a!
Yo va pran refij nan Li,
epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.