David nan Mitspé (continued)

1060 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 109

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1 O Bondye lwanj mwen an, pa rete an silans!

2 Paske yo te ouvri bouch desepsyon ak mechanste a kont mwen.

Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.

3 Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman

E yo te goumen kont mwen san koz.

4 An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen;

men mwen toujou ap priye.

5 Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak rayisman pou lanmou m.

6 Plase yon nonm mechan sou li e kite

yon akizatè kanpe sou men dwat Li.

7 Lè l fin jije, kite li sòti koupab

e kite lapriyè li devni peche.

8 Kite jou li yo vin mwens.

Kite yon lòt moun pran pozisyon li.

9 Kite pitit li yo rete san papa,

e kite madanm li vin vèv.

10 Kite pitit li yo mache egare, e mande nan lari.

Kite yo chache yo nan kay kraze a kote yo rete.

11 Kite moun li dwe, sezi tout sa li posede

e etranje yo piyaje tout sa li pwodwi.

12 Kite l rive ke nanpwen moun ki pou ofri li lanmou dous,

Ni okenn moun ki pou fè gras a òfelen li yo.

13 Kite desandan li yo koupe retire nèt.

Nan jenerasyon ki swiv yo, kite non yo

efase nèt.

14 Kite inikite a papa zansèt li yo vin sonje devan SENYÈ a,

E pa kite peche a manman l yo vin efase.

15 Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou L

koupe retire memwa yo sou latè,

16 akoz li pa t sonje montre lanmou dous,

men te pèsekite e te aflije malere a,

ak sila ki dekouraje nan kè l la,

pou l mete yo a lanmò.

17 Anplis, li te renmen bay madichon.

Konsa, madichon an te retounen sou li.

Li pa t renmen beni.

Konsa, sa te rete lwen l.

18 Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman,

e sa te fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.

19 Kite sa rive li tankou yon vètman k ap sèvi pou kouvri kò l,

paske sentiwon sa a ap toujou mare l.

20 Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo,

ak sila ki pale mal kont nanm mwen yo.

21 Men Ou menm, O Bondye, SENYÈ a,

aji dousman avè m pou koz a non Ou.

Akoz lanmou dous Ou a bon, delivre m,

22 paske mwen aflije e malere.

Kè m blese anndan m.

23 Mwen ap pase tankou yon lonbraj ki vin long.

Mwen souke retire tankou krikèt volan.

24 Jenou m vin fèb nan fè jèn

e chè m vin mèg, san grès.

25 Mwen menm, anplis, te vin yon repwòch a yo menm.

Lè yo wè m, yo souke tèt yo.

26 Fè m sekou, O SENYÈ, Bondye mwen an.

Sove mwen selon lanmou dous Ou a.

27 Konsa, ya konnen ke sa te fèt pa men Ou,

ke se Ou menm, SENYÈ a, ki te fè l.

28 Kite yo menm bay madichon sou mwen,

men pou Ou menm, bay benediksyon.

Lè yo leve, yo va wont, men sèvitè Ou a va fè kè kontan.

29 Kite akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè.

Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont

yo tankou se avèk yon manto.

30 Avèk bouch mwen, mwen va bay

anpil remèsiman a SENYÈ a.

Nan mitan gwo foul la, mwen va louwe Li.

31 Paske Li kanpe kote men dwat malere a

pou sove li de men a sila ki jije nanm li yo.

Sòm Yo 17

Yon Priyè a David

1 Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen.

Prete zòrèy a lapriyè mwen,

ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.

2 Kite pawòl mwen parèt akoz prezans Ou;

Kite zye Ou gade avèk jistis.

3 Ou te teste kè m.

Ou te vizite mwen pandan lannwit.

Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen.

Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.

4 Alò, pou zèv a lòm yo, selon pawòl a lèv Ou yo,

Mwen te evite chemen a vyolan yo.

5 Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la.

Pye mwen pat janm glise.

6 Mwen te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye.

Enkline zòrèy W bò kote m.

Tande pawòl mwen yo.

7 Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a,

O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.

8 Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou.

Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,

9 kont mechan ki depouye m yo,

lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.

10 Yo fin fèmen kè rèd yo.

Avèk bouch yo, yo pale awogans.

11 Koulye a, yo fin antoure nou pandan n ap mache.

Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.

12 Se tankou yon lyon ki anvi devore,

tankou yon jenn lyon k ap kache

nan fènwa.

13 Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li;

Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,

14 Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ,

depi nan men lòm de mond sa yo,

k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a.

Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo.

Fis ou yo gen kont,

e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.

15 Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a;

mwen va satisfè avèk vizaj Ou

lè m ouvri zye m.