David nan Mitspé

1060 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Samuel 22:3–19

3 Epi David te kite la pou ale Mitspé nan Moab. Li te di a wa Moab la: “Souple, kite papa m avèk manman m vin rete avèk ou jiskaske mwen konnen sa ke Bondye va fè pou mwen an.” 4 Epi li te kite yo avèk wa Moab la. Yo te rete avèk li pandan tout tan ke David te nan fò a. 5 Pwofèt la, Gad, te di a David: “Pa rete nan fò a. Sòti ale nan peyi Juda.”

Konsa, David te sòti e te ale nan forè a nan Héreth.

6 Alò Saül te tande ke David avèk mesye ki te avèk li yo te vin dekouvri. Konsa, Saül te chita nan Guibea anba pye tamaren an sou ti mòn lan avèk frenn li nan men l e tout sèvitè li yo te kanpe antoure li. 7 Saül te di a sèvitè ki te kanpe antoure li yo: “Tande koulye a, O Benjamit yo! Èske fis a Jesse a, osi bannou tout chan kiltive avèk chan rezen? Èske li va fè nou tout kòmandan a dè milye e kòmandan a dè santèn? 8 Paske nou tout te fè konplo kont mwen jiskaske pèsòn pa t fè m konnen lè fis mwen an te fè yon akò avèk fis a Jesse a. Nanpwen nan nou ki gen regrè pou mwen, ni ki di mwen ke fis mwen an te fòse sèvitè pa m yo kont mwen pou kouche an anbiskad, jan li ye la jodi a.”

9 Alò, Doëg, Edomit lan, ki te kanpe akote sèvitè Saül yo te di: “Mwen te wè fis a Jesse a lè l t ap vini Nob, kote Achimélec, fis a Achithub la. 10 Li te konsilte SENYÈ a pou li, li te ba li pwovizyon e li te bay li nepe Goliath la, Filisten an.”

11 Alò, wa a te voye yon moun pou livre yon lòd prezans obligatwa pou Achimélec, prèt la, fis Achithub la, avèk tout lakay papa li, prèt ki te nan Nob yo. Epi tout te vin parèt devan wa a. 12 Saül te di: “Koute koulye a, fis a Achithub la.”

Epi li te reponn: “Men mwen isit la, mèt mwen.”

13 Alò, Saül te di li: “Poukisa ou menm avèk fis a Jesse a te fè konplo kont mwen nan afè ba li pen, avèk yon nepe e konsilte avèk Bondye pou li, pou li kapab leve kont mwen e kache fè anbiskad, jan sa ye la jodi a?”

14 Alò, Achimélec te reponn wa a e te di: “Epi se kilès pami sèvitè ou yo ki fidèl tankou David, bofis menm a wa a, ki se kapitèn gad ou e onore lakay ou? 15 Èske se jodi a ke m fenk kòmanse konsilte Bondye pou li? Lwen de mwen, sa! Pa kite wa a fè okenn move panse sou sèvitè li a, ni okenn moun lakay papa m; paske sèvitè ou a pa konnen anyen nan afè sila a.”

16 Men wa a te di: “Anverite, ou va mouri, Achimélec; ou menm avèk tout lakay papa ou!” 17 Epi wa a te di a gad ki te okipe li yo: “Vire mete prèt SENYÈ a a lanmò, akoz men yo avèk David e akoz yo te konnen ke li te sove ale e yo pa t revele sa a mwen menm.” Men sèvitè a wa yo pa t vle lonje men yo pou atake prèt SENYÈ yo.

18 Alò, wa a te di a Doëg: “Ou menm vire atake prèt yo.”

Epi Doëg, Edomit lan, te vire atake prèt yo e te touye katre-ven-senk òm ki te abiye ak efòd len an. 19 Epi li te frape Nob, vil prèt yo avèk lam nepe, ni gason, ni fanm, ni timoun ni bebe, ansanm avèk bèf, bourik ak mouton avèk lam nepe.

Sòm Yo 52

Pou direktè koral la. Yon Sòm David, lè Doeg, Edomit lan te vin di Saül “David gen tan rive lakay Achimélic.”

1 Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan?

Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.

2 Lang ou envante destriksyon,

tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.

3 Ou renmen mechanste plis pase sa ki bon.

Fo bagay plis pase pale verite a.

4 Ou renmen tout pawòl ki devore,

yon lang mantè.

5 Men Bondye va kase fè ou desann nèt;

Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou

sòti nan tant ou an,

Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan

6 Moun dwat yo va wè, va gen lakrent;

yo va ri sou li epi di:

7 “Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a,

men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo.

Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”

8 Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye.

Mwen mete konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a

pou tout tan e pou tout tan.

9 Mwen va bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa.

Mwen va mete espwa nan non Ou,

paske sa bon nan prezans a fidèl Ou yo.