David kouri al nan gwòt Adullam
1060 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Konsa, David te kite la pou te chape rive nan kav Adullam nan. Epi lè frè li yo avèk tout lakay papa li te tande koze sa a, yo te desann bò kote li.
Yon Sòm Refleksyon pa David lè l te nan kav la. Yon lapriyè
1 Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a.
Ak vwa m, mwen fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.
2 Mwen vide plent mwen yo devan L.
Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.
3 Lè lespri m te fin bat anndan m,
Ou te konnen chemen mwen.
Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.
4 Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen.
Nanpwen moun ki pou fè m chape.
Nanpwen moun ki pou pran swen m.
5 Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.
Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen,
pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”
6 “Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt.
Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo,
paske yo twò fò pou mwen.
7 Mennen nanm mwen sòti nan prizon,
pou m kab bay remèsiman a non Ou.
Moun ladwati mwen yo va antoure mwen,
paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”
2 Tout sila ki te nan pwoblèm yo, tout moun ki te nan gwo dèt, tout moun ki pa t kontan te vin rasanble kote li, e li te devni chèf sou yo. Alò te gen anviwon kat-san òm avèk li.
8 Soti nan Gadit yo, te antre rive kote David nan fò dezè a, mesye pwisan avèk anpil kouraj ki te fè antrenman pou fè lagè, ki te konn manyen boukliye avèk lans, avèk figi yo tankou figi a lyon, e yo vit tankou antilòp nan mòn. 9 Ézer, chèf la, Abdias, dezyèm nan, Éliab, twazyèm nan, 10 Mischmanna, katriyèm nan, Jérémie, senkyèm nan, 11 Attaï, sizyèm nan, Éliel, setyèm nan, 12 Jochanan, uityèm nan, Elzabad, nevyèm nan, 13 Jérémie, dizyèm nan, Macbannaï, onzyèm nan. 14 Sila yo se fis a Gad ki te kapitèn lame a; sila ki te pi piti a te egal a yon santèn moun e pifò a, a yon milye. 15 Sila yo se sila ki te travèse Jourdain an nan premye mwa lè tout bò rivyè li yo t ap debòde yo. Yo te chase fè pran flit tout sila ki te nan vale yo, nan lès ak nan lwès.
16 Konsa, kèk nan fis a Benjamin yo te vin rive nan fò a David la. 17 David te sòti pou rankontre yo. Li te di yo: “Si se nan lapè nou vin kote mwen, pou ede m, kè m va reyini ansanm avèk nou. Men si se pou trayi mwen a advèsè mwen yo, akoz nanpwen mal nan men m, ke Bondye a zansèt nou yo gade sou sa pou deside.” 18 Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo,
“Nou se pa w, O David,
Epi avèk ou, O fis a Jesse a!
Lapè, lapè a ou menm
Epi lapè avèk sila ki ede ou!
Anverite, Bondye ou a ap ede ou!”
Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.
13 Alò, twa nan trant mesye pifò yo te desann kote David nan tan rekòlt la kote kavèn Adullam nan pandan ekip Filisten an t ap fè kan nan vale Rephaïm nan. 14 Nan tan sa a, David te la nan fò a, pandan ganizon Filisten an te Bethléhem. 15 David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!” 16 Konsa, twa mesye vanyan sa yo te pete antre nan kan Filisten yo. Yo te rale dlo nan pwi Bethléhem ki te akote pòtay la, e yo te pote li bay David. Malgre sa, li te refize bwè l, men li te vide li bay SENYÈ a. 17 Konsa, li te di: “Lwen de mwen O SENYÈ! Èske m ta bwè san a mesye ki te mete lavi yo nan gwo danje a?” Pou sa, li pa t bwè li. Se zèv sila yo ke twa mesye vanyan sa yo te fè.
15 Alò, twa nan trant mesye chèf yo te desann vè wòch kav Adullam nan, pandan lame Filisten yo t ap fè kan nan vale Rephaïm nan. 16 Konsa, David te anndan fò a pandan lame Filisten an te Bethléem. 17 David te gen yon lanvi, epi te di: “O ke yon moun ban m dlo pou bwè soti nan pwi Bethléem ki akote pòtay la!”
18 Konsa, twa mesye sa yo te antre nan kan Filisten yo, te rale dlo soti nan pwi Bethléem ki te akote pòtay la e te pran li pou te pote l bay David. Sepandan, David te refize bwè l, men te vide li bay SENYÈ a. 19 Konsa, li te di: “Lwen de mwen devan Bondye mwen an pou m ta fè sa. Èske mwen ta bwè san a mesye sila yo ki te riske lavi yo? Paske se avèk gwo danje lavi yo menm ke yo te pote li.” Pou sa, li te refize bwè l. Se bagay sila yo ke twa mesye pwisan yo te fè.