David kouri al jwenn Achimélec nan Nob

1060 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Samuel 21:1–9

1 Alò, David te rive Nob, vè Achimélec, prèt la. Achimélec te parèt tou tranble lè l te rankontre David, e li te mande li: “Poukisa se ou sèl e pa gen moun avèk ou?” 2 David te di a Achimélec, prèt la: “Wa a te ban m yon komisyon konsènan yon afè e li te di mwen: ‘Pa kite pèsòn konnen anyen sou afè ke m ap voye ou a. Se sou sila mwen ap pase ba ou lòd la; mwen te dirije mesye yo a yon sèten plas.’ 3 Konsa, kisa ou gen nan men ou? Ban m senk mòso pen oswa nenpòt sa ou kab twouve.”

4 Prèt la te reponn David, e te di: “Nanpwen pen òdinè, men gen pen konsakre; si sèlman mesye yo te kenbe tèt yo lwen fanm.”

5 David te reponn prèt la e te di li: “Asireman, fanm yo te kenbe lwen de nou kòm dabitid lè m konn pati. Kò a mesye yo te sen, malgre li te yon vwayaj òdinè. Konbyen anplis jodi a kò yo va sen?” 6 Konsa, prèt la te ba li pen konsakre a, paske pa t gen pen la sof ke pen Prezans ki te retire soti devan SENYÈ a, pou l ta kab ranplase li avèk pen cho menm lè ke li te retire.

7 Alò, youn nan sèvitè a Saül yo te la nan jou sa a, fèmen devan SENYÈ a. Non li se te Doëg, Edomit la, chèf a bèje Saül yo.

8 David te di a Achimélec: “Alò, èske pa gen yon frenn oswa yon nepe ki disponib? Paske mwen pa t mennen ni nepe mwen, ni zam mwen avè m, akoz afè wa a te tèlman ijan.”

9 Alò, prèt la te di: “Nepe Goliath la, Filisten an, ke ou te touye nan vale Ela a. Gade byen, li vlope nan yon twal dèyè efòd la. Si ou vle li, pran l. Paske nanpwen lòt sof ke li menm isit la.”

Epi David te di: “Nanpwen lòt tankou li. Ban mwen li.”

David kouri al jwenn Akisch, wa Gath

I Samuel 21:10–15

10 Alò, David te leve e te sove ale kite Saül nan jou sa a pou te ale vè Akisch, wa a Gath la. 11 Men sèvitè a Akisch yo te di li: “Èske sa se pa David, wa a peyi a? Èske yo pa t konn chante a sila a pandan yo t ap danse, e t ap di:

‘Saül te touye dè milye pa li e

David dè di-milye pa li?’”

12 David te swiv pawòl sa yo nan kè l e te pè Akisch, wa Gath la anpil. 13 Konsa, li te kache bon tèt li devan yo e te aji tankou moun fou pandan li te nan men yo. Li te ekri pa aza yon bann mak sou pòtay avèk pòt yo e te kite krache desann sou bab li. 14 Akisch te di a sèvitè li yo: “Gade byen, ou wè mesye a ap aji tankou yon moun fou. Poukisa ou mennen li kote mwen? 15 Èske mwen manke moun fou, pou ou te mennen sila a pou aji tankou moun fou nan prezans mwen? Èske sila a va antre lakay mwen?”

Sòm Yo 56

Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath.

Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An”

1 Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye;

Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.

2 Lènmi m yo vle vale m tout lajounen.

Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.

3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.

4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!

Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.

Mwen p ap pè.

Kisa lòm ka fè m?

5 Tout lajounen, yo tòde pawòl mwen yo.

Tout panse yo kont mwen se pou mal.

6 Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo.

Y ap tann pou rache lavi m.

7 Akoz mechanste sa a, jete yo deyò.

Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye!

8 Ou te byen konte tout egare mwen fè.

Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou.

Èske yo tout pa ekri nan liv Ou a?

9 Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a.

Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.

10 Nan Bondye, ma louwe pawòl li.

Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li.

11 Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.

Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?

12 Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye.

Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm.

13 Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò.

Ou te anpeche pye mwen glise tonbe,

pou m ta kab mache devan Bondye

nan limyè a moun vivan yo.

Sòm Yo 34

Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati.

1 Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan.

Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.

2 Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a.

Enb yo va tande l, e yo va rejwi.

3 O leve SENYÈ a byen wo avè m.

Annou leve non L wo ansanm.

4 Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,

epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.

5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.

Figi yo p ap janm wont.

6 Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,

epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.

7 Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,

epi li sove yo nan gwo twoub.

8 O goute e wè ke Bondye bon.

A la beni nonm ki kache nan Li a beni!

9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo.

Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.

10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,

men sila ki chache SENYÈ yo,

p ap manke okenn bon bagay.

11 Vini, pitit, koute mwen.

Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.

12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen

jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?

13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,

e lèv ou pou pa bay manti.

14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.

Chache lapè e fè efò pou twouve li.

15 Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.

Zòrèy Li koute kri yo.

16 Figi SENYÈ a kont malfektè yo,

pou efase memwa yo sou tè a.

17 Moun dwat kriye.

SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.

18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,

men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.

20 Li konsève tout zo li yo.

Pa menm youn nan yo va kase.

21 Se mechanste ki va touye mechan an.

Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.

22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.

P ap gen nan sila ki kache nan Li yo

k ap kondane.