Jwif yo Retounen Sot nan Kaptivite (continued)
536 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Yon Sòm a fis a Koré yo; Yon Chan
1 Fondasyon Li nan mòn sen yo.
2 SENYÈ a renmen pòtay Sion yo
plis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo.
3 Yo pale sou gran mèvèy ou,
O gran vil Bondye. Tan
4 Mwen va mete Rahab avèk Babylone
pami sila ki rekonèt Mwen yo.
Men vwala, Philistie, Tyr, avèk Éthiopie:
“Tèl moun te fèt la”.
5 Men selon Sion, li va pale,
“Sa a ak sila a fèt ladann.”
Pi Wo a, Li menm, va etabli Sion.
6 SENYÈ a va konte lè Li anrejistre
tout pèp yo: “Sa a te fèt la”. Tan
7 Epi sila ki chante ansanm avèk sila ki jwe flit yo va di:
“Tout sous bwote yo, se nan ou”.
1 Louwe SENYÈ a!
Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m,
Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.
2 Gran se zèv a SENYÈ yo!
Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.
3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo.
Ladwati Li dire jis pou tout tan.
4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt.
SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd.
5 Li te bay manje a sila ki gen lakrent Li yo.
Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.
6 Li te fè pèp Li wè pouvwa a zèv Li yo,
lè L te bay yo nasyon yo kon eritaj.
7 Zèv men Li yo se verite avèk jistis.
Tout prensip Li yo vrè.
8 Yo va andire jis pou tout tan.
Yo fèt nan verite avèk ladwati.
9 Li te voye delivrans a pèp Li a.
Li te òdone akò Li a jis pou tout tan.
Sen e mèvèye, se non Li.
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.
Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.
Lwanj Li dire jis pou tout tan!
112:1 Louwe SENYÈ a!
A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni!
Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
2 Desandan li yo va pwisan sou latè.
Jenerasyon ladwati a va beni.
3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.
Ladwati li dire pou tout tan.
4 Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a;
Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.
5 L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete;
Li va prezève koz li a nan jijman an.
6 Paske li p ap janm ebranle.
Moun dwat la va sonje jis pou tout tan.
7 Li p ap krent move nouvèl.
Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.
8 Kè li kanpe dyanm.
Li pa pè anyen, jiskaske dènye moman an lè
li gade ak kè kontan advèsè li yo.
9 Li te bay ak jenewozite a pòv yo.
Ladwati li dire jis pou tout tan.
Kòn li va egzalte nan lonè.
10 Mechan an va wè l e l ap vekse nèt.
Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt.
Dezi a mechan an va peri.
113:1 Louwe SENYÈ a!
Louwe, O sèvitè a SENYÈ yo,
Louwe non SENYÈ a.
2 Beni se non SENYÈ a,
soti nan tan sa a e jis pou tout tan.
3 Depi solèy leve jiskaske li kouche,
non SENYÈ a dwe louwe.
4 SENYÈ a wo, anwo tout nasyon yo!
Glwa Li pi wo syèl yo!
5 Se kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,
Ki sou twòn Li anwo a,
6 ki abese tèt Li pou gade tout bagay
ki nan syèl yo ak sou latè yo?
7 Li fè malere a leve sòti nan pousyè a
e leve endijan an sòti nan pil sann nan,
8 pou fè yo chita avèk prens yo.
Menm avèk prens a pèp Li yo.
9 Li fè fanm steril la vin rete nan kay
kon yon manman pitit ak kè kontan.
Louwe SENYÈ a!
114:1 Lè Israël te sòti an Égypte,
lakay Jacob soti de yon pèp lang etranje,
2 Juda te vin sanktyè Li a,
Israël, wayòm Li.
3 Lanmè a te gade e te sove ale.
Jourdain an te vire fè bak.
4 Mòn yo te sote tankou belye,
kolin yo tankou ti mouton.
5 Sa k pase ou menm, O lanmè, ke ou te sove ale konsa?
O Jourdain an, ke Ou te vire fè bak konsa?
6 O mòn yo, ke ou sote tankou belye konsa?
O kolin yo, tankou ti mouton konsa?
7 Pran tranble, O latè, devan SENYÈ a,
Devan Bondye a Jacob la,
8 Ki te fè wòch la devni yon ma dlo,
wòch silèks la yon sous k ap koule.